2 Samyèl 11​:​1-27

  • David fè adiltè ak Batcheba (1-13)

  • David fè yon jan pou l fè touye Ouri (14-25)

  • David pran Batcheba kòm madanm li (26, 27)

11  Nan kòmansman ane a*, nan moman wa yo te konn al fè lagè youn ak lòt, David te voye Jowab ak sèvitè l yo ansanm ak tout lame Izrayèl la al touye desandan Amon yo. Yo te ansèkle vil Raba+, pandan David li menm te rete Jerizalèm+.  Yon jou swa*, David te leve nan kabann li pou l al fè yon ti mache sou do kay* li a. Pandan l sou do kay la, li gade l wè yon dam k ap benyen e dam nan te bèl anpil.  David voye yon moun al pran enfòmasyon sou dam nan, e moun nan vin di l: “Dam nan rele Batcheba+, li se pitit Elyam+ e li se madanm Ouri+, yon desandan Èt+.”  Epi, David voye al chèche dam nan mennen ba li+. Se konsa, dam nan antre vin kote l e li kouche ak dam nan+. (Sa te rive nan moman dam nan t ap pirifye tèt li paske li pa t pwòp*+.) Apre sa, dam nan retounen lakay li.  Dam nan te vin ansent e li voye nouvèl bay David, li voye di l: “Mwen ansent.”  Lè sa a, David voye di Jowab: “Voye Ouri, desandan Èt la, vin jwenn mwen.” Se konsa, Jowab voye Ouri al jwenn David.  Lè Ouri rive kot David, David mande l nouvèl Jowab ak nouvèl sòlda yo e li mande l ki jan lagè a ye.  Apre sa, David di Ouri: “Desann lakay ou al pran yon ti repo*.” Lè Ouri sot kay wa a, yo voye kado wa a konn bay la* ba li.  Epoutan, Ouri ret dòmi nan antre kay wa a ansanm ak tout lòt sèvitè wa a. Li pa t al lakay li. 10  Se sa k fè, yo t al di David: “Ouri pa al lakay li.” Lè sa a, David di Ouri: “Èske w pa fèk sot vwayaje? Poukisa w pa al lakay ou?” 11  Ouri reponn David: “Lach la+ ak lame Izrayèl la ansanm ak lame Jida a anba tant pou kounye a, e Jowab, mèt mwen an, ansanm ak sèvitè l yo monte tant yo nan savann nan. Nan ka sa a, èske m ta dwe al lakay mwen pou m al manje, bwè epi antre nan relasyon ak madanm mwen+? Menm jan li klè w ap viv e ou vivan, mwen fè sèman mwen pap fè yon bagay konsa!” 12  Apre sa, David di Ouri: “Ret isit la jodi a ankò, epi demen m ap voye w ale.” Se konsa, Ouri ret Jerizalèm jou sa a ak jou ki vin apre a. 13  Epi, David voye rele l pou l vin manje epi bwè avè l. David te fè l bwè jis li sou. Men, nan aswè, Ouri al dòmi nan kabann li bò kot sèvitè wa a, mèt li a, te genyen yo. Li pa t al lakay li. 14  Nan demen maten, David ekri yon lèt pou l voye bay Jowab e li bay Ouri pote lèt la. 15  Men sa l te ekri nan lèt la: “Met Ouri nan ranje sòlda ki devan yo, kote batay la pi rèd la. Apre sa, rale kò nou dèyè l pou yo ka vide l atè pou l mouri+.” 16  Jowab te ansèkle vil la devan kou dèyè, li te mete Ouri kote l konnen gen sòlda ènmi ki pi fò yo. 17  Lè mesye yo nan vil la soti vin fè lagè ak Jowab, gen kèk nan sèvitè David yo ki mouri, e Ouri, desandan Èt la, mouri tou+. 18  Epi, Jowab voye di David tout sa k pase nan lagè a. 19  Li di moun ki t ap pote nouvèl la: “Lè w fin di wa a tout sa k pase nan lagè a, 20  wa a ka vin fache e li ka mande w: ‘Poukisa nou te oblije al batay pre vil la konsa? Èske nou pa t konnen sòlda yo te ka ret sou tèt miray la yo tire sou nou? 21  Ki moun ki te touye Abimelèk+, pitit gason Jewoubechèt la+? Èske se pa t yon fi ki te ret sou tèt yon miray li lage yon gwo wòch yo konn sèvi pou yo moulen manje angren sou li e li touye l nan Tebèz? Poukisa nou t al toupre miray la?’ Lè sa a, di l: ‘Ouri, desandan Èt la, sèvitè w la, mouri tou.’” 22  Epi, moun Jowab te bay pot nouvèl la t al di David tout sa Jowab te voye l di yo. 23  Moun nan di David: “Ènmi yo te pi fò pase nou e yo te vin atake nou nan savann nan. Men, nou te fè bak, n al bò pòtay vil la. 24  Sòlda ki t ap tire flèch yo te ret sou tèt miray la, yo tire sou sèvitè w yo. Monwa, gen kèk nan sèvitè w yo ki mouri. Ouri, sèvitè w la, desandan Èt la, mouri tou+.” 25  Menm kote a, David di moun ki te pot nouvèl la: “Men sa pou w di Jowab: ‘Pa kite sa ba w pwoblèm! Depi yon moun nan lagè, li ka mouri. Kontinye fè lagè pi rèd ak moun nan vil la jiskaske w pran vil la+.’ Lèfini, ankouraje Jowab.” 26  Lè madanm Ouri aprann Ouri, mari l, mouri, li te vin nan lapenn pou li. 27  Lè kantite tan li te dwe pase nan lapenn pou mari l la fini, David voye chèche l tousuit, li fè l vin lakay li, li marye avè l+ e David te vin gen yon pitit gason avè l. Men, sa David te fè a pa t fè Jewova plezi ditou*+.

Nòt anba paj

Anpalan de sezon prentan.
Oswa: “Byen ta nan aprèmidi”.
Oswa: “palè”.
Petèt apre l te fin gen règ li.
Lit.: “al lave pye w”.
Oswa: “pòsyon wa a”. Se pòsyon yon moun ki te resevwa yon moun ki te vin vizite l, yon moun li onore, te voye ba li.
Lit.: “te mal nan je Jewova”.