2 Samyèl 2​:​1-32

  • David wa Jida (1-7)

  • Ichbochèt wa Izrayèl (8-11)

  • Lagè ant moun David yo ak moun Sayil yo (12-32)

2  Apre sa, David mande Jewova+: “Èske m dwe monte al nan youn nan vil Jida yo?” Jewova di David: “Ou mèt monte.” Epi, David mande l: “Ki kote m dwe ale?” Li reponn: “Ebwon+.”  Se konsa, David monte Ebwon ak de madanm li yo, Ayinowam+, moun Jizreyèl, ak Abigayil+, moun Kamèl, madanm defen Nabal la.  David t ale ansanm ak mesye ki te avè l yo tou+, e yo chak t ale ansanm ak moun lakay yo. Yo t al rete nan vil ki ozalantou Ebwon yo.  Epi, mesye Jida yo vini e yo vide luil sou tèt David pou yo mete l wa nan Jida+. Yo di David: “Se mesye Jabèsgalaad yo ki te antere Sayil.”  Se konsa, David voye kèk mesaje al kot mesye Jabèsgalaad yo e li voye di yo: “Mwen swete pou Jewova beni nou piske nou te montre nou gen lanmou ki fidèl pou mèt nou an, Sayil, lè nou te antere l la+.  Mwen swete pou Jewova montre lanmou* pou nou e pou l fidèl ak nou. Mwen menm tou, m ap montre bonte anvè nou pou sa nou fè a+.  Kidonk, ranmase fòs nou, epi mete kouraj sou nou, paske mèt nou an, Sayil, mouri, e moun Jida yo vide luil sou tèt mwen pou yo fè m vin wa yo.”  Men, Abnè+, pitit gason Nè a, chèf lame Sayil la, te pran Ichbochèt, pitit gason Sayil la+, e li travèse al Maanayim avè l+,  li fè l vin wa moun Galaad yo+, Achourit yo, moun Jizreyèl yo+, moun Efrayim yo+, desandan Benjamen yo ak tout moun ann Izrayèl yo. 10  Ichbochèt, pitit gason Sayil, te gen 40 an lè l te vin wa ann Izrayèl, e li te pase dezan kòm wa. Men, moun Jida yo te pou David+. 11  David te pase setan sis mwa kòm wa Jida, nan Ebwon+. 12  Rive yon lè, Abnè, pitit gason Nè a, ansanm ak sèvitè Ichbochèt yo, pitit gason Sayil la, te soti Maanayim+ pou y al Gabawon+. 13  Jowab+, pitit gason Sewouya a+, ansanm ak sèvitè David yo, te soti tou pou y al rankontre avèk yo bò pisin ki nan Gabawon an. Yon gwoup te chita sou yon bò pisin nan e lòt gwoup la te chita sou lòt bò a. 14  Alafen, Abnè di Jowab: “Ann fè jèn gason yo leve kanpe pou yo batay* devan nou.” Epi, Jowab di l: “Ann fè yo leve.” 15  Se konsa, yo te leve kanpe. Toule de gwoup yo te chwazi yon kantite gason pou batay la, epi yo travèse. Yo te pran 12 gason nan kan desandan Benjamen yo ak nan kan Ichbochèt, pitit gason Sayil la, e yo te pran 12 gason pami sèvitè David yo. 16  Youn te kenbe lòt nan cheve, youn te antre epe l bò kòt lòt e yo te tonbe atè ansanm. Se sa k fè kote sa a ki nan Gabawon an, yo te rele l Èlkatazourim. 17  Jou sa a, batay ki te vin fèt la te rèd anpil. Finalman, Abnè ansanm ak mesye ann Izrayèl yo te pèdi batay la devan sèvitè David yo. 18  Twouve, toule twa pitit gason Sewouya yo+ te la, anpalan de Jowab+, Abichayi+ ak Asayèl+. Asayèl te konn kouri rapid tankou kabrit* nan savann. 19  Asayèl t ap kouri dèyè Abnè san l pa t vire ni adwat ni agoch. 20  Lè Abnè vire gad dèyè, li mande: “Èske se ou, Asayèl?” Asayèl reponn: “Wi, se mwen menm.” 21  Apre sa, Abnè di l: “Vire adwat oubyen agoch pou w met men sou youn nan jèn gason yo, epi pran nenpòt sa w jwenn sou li pou ou.” Men, Asayèl pa t vle sispann kouri dèyè l. 22  Epi, Abnè di Asayèl ankò: “Sispann kouri dèyè m. Poukisa pou m oblije touye w? Ki jan m ap fè gade Jowab, frè w la, nan je?” 23  Men, li te refize kanpe. Se sa k fè Abnè te ba l yon kou nan vant ak dèyè lans ki te nan men l lan+, epi lans lan te soti nan do l. Menm kote a, Asayèl tonbe, li mouri frèt. Tout moun ki te rive kote Asayèl te tonbe epi l mouri a te ret kanpe la. 24  Annapre, Jowab ak Abichayi t al dèyè Abnè. Solèy t apral kouche lè yo te rive sou ti mòn Ama a, anfas Giya, nan wout ki mennen nan Dezè Gabawon an. 25  Se la desandan Benjamen yo te reyini pou y al dèyè Abnè. Yo te fè yon sèl gwoup e yo te kanpe sou tèt yon ti mòn. 26  Epi, Abnè di Jowab: “Jis ki lè n ap sispann tire kout epe youn sou lòt? Se konnen w pa konnen se lapenn sèlman n ap rekòlte nan bagay sa a? Konbyen tan w ap tann anvan w di moun yo pou yo sispann kouri dèyè pwòp frè yo?” 27  Lè sa a, Jowab di: “Menm jan li klè vrè Dye a vivan, mwen fè sèman, si w pa t pale, se jis demen maten mesye yo t ap sispann kouri dèyè pwòp frè yo.” 28  Se konsa, Jowab te sonnen yon kòn, mesye ki te avè l yo te sispann kouri dèyè mesye Izrayèl yo, e batay la te kanpe. 29  Apre sa, Abnè ansanm ak mesye ki te avè l yo travèse zòn Araba+ tout nuit lan e yo travèse Rivyè Jouden an. Epi, yo travèse tout ravin nan*, finalman yo rive Maanayim+. 30  Lè Jowab sispann kouri dèyè Abnè, li rasanble tout mesye yo. Te manke 19 gason nan sèvitè David yo, anplis Asayèl. 31  Men, sèvitè David yo te pote laviktwa sou desandan Benjamen yo ak mesye ki te avèk Abnè yo e pami yo te gen 360 gason ki te mouri. 32  Mesye David yo te pran kadav Asayèl+, yo t al antere l nan tonm papa l la, ki nan Betleyèm+. Apre sa, Jowab ansanm ak mesye ki te avè l yo mache pandan tout nuit lan e yo rive Ebwon+ kou l jou.

Nòt anba paj

Oswa: “lanmou ki fidèl”.
Oswa: “pou yo fè yon konkou”.
Lit.: “gazèl”. Se yon bèt ki sanble ak kabrit.
Se kapab tou: “nan tout Bitwon”.