Detewonòm 30​:​1-20

  • Tounen vin jwenn Jewova (1-10)

  • Kòmandman Jewova yo pa twò difisil (11-14)

  • Chwazi ant lavi ak lanmò (15-20)

30  “Lè tout pawòl sa yo akonpli sou nou, anpalan de benediksyon ak malediksyon mwen mete devan nou yo+, e nou sonje yo*+ pandan nou nan nasyon kote Jewova, Bondye nou an, gaye nou yo+,  lè ni nou menm ni pitit gason nou yo tounen vin jwenn Jewova, Bondye nou an+, ak tout kè nou e ak tout nanm*+ nou, nou koute l lè nou obeyi tout kòmandman mwen ban nou jodi a,  Jewova, Bondye nou an, ap fè prizonye nou yo tounen+ e l ap fè nou mizèrikòd+. Jewova, Bondye nou an, ap pran nou nan mitan tout pèp kote li te gaye nou yo e l ap rasanble nou+.  Menmsi nou ta gaye jis nan dènye bout tè a, Jewova, Bondye nou an, ap rasanble nou e l ap fè nou tounen+.  Jewova, Bondye nou an, ap fè nou tounen nan peyi zansèt nou yo te pran kòm byen pa yo a e n ap pran l kòm byen pa nou. L ap fè tout bagay mache byen pou nou e l ap fè nou vin pi plis pase zansèt nou yo+.  Jewova, Bondye nou an, ap netwaye* kè nou ak kè pitit+ nou yo, pou nou ka renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou e ak tout nanm* nou, yon fason pou nou ka ret an vi+.  Jewova, Bondye nou an, ap fè tout malediksyon sa yo tonbe sou ènmi nou yo ki te rayi nou e ki te pèsekite nou+.  “Lè sa a, n ap tounen vin jwenn Jewova, n ap koute vwa l e n ap obeyi tout kòmandman l yo m ap ban nou jodi a.  Jewova, Bondye nou an, ap fè tout bagay mache byen pou nou+, l ap ban nou anpil pitit, anpil bèt, e jaden nou yo ap donnen anpil paske Jewova ap kontan fè tout bagay mache byen pou nou ankò, menm jan li te kontan fè sa pou zansèt nou yo+. 10  Lè sa a, n ap koute vwa Jewova, Bondye nou an, n ap obeyi kòmandman l yo ak lwa l yo ki ekri nan liv Lalwa a e n ap tounen vin jwenn Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou e ak tout nanm*+ nou. 11  “Kòmandman m ap ban nou jodi a, pa twò difisil pou nou konprann, ni l pa twò difisil pou nou obeyi*+. 12  Se pa nan syèl la li ye, pou n ta di: ‘Kiyès k ap monte al pran l pou nou nan syèl la pou nou ka tande l e pou nou ka obeyi l+?’ 13  Nitou se pa sou lòt bò lanmè a li ye pou n ta di: ‘Kiyès k ap travèse lòt bò lanmè a al pran l pou nou pou nou ka tande l e pou nou ka obeyi l?’ 14  Paske, pawòl la toupre nou, li nan bouch nou, li nan kè nou+ e nou ka obeyi l+. 15  “Gade, mwen met lavi ak benediksyon devan nou e mwen met lanmò ak malediksyon devan nou+. 16  Si nou koute kòmandman Jewova, Bondye nou an, m ap ban nou jodi a, si nou renmen Jewova, Bondye nou an+, si nou mache nan chemen l yo, si nou obeyi kòmandman l yo, lwa l yo ak lòd li yo, n ap kontinye viv+ nan peyi nou pral pran kòm byen pa nou an, n ap vin anpil e Jewova, Bondye nou an, ap beni nou+. 17  “Men, si nou kite kè nou fè nou vire do bay Bondye+, si nou pa koute Bondye e nou kite yo fè nou pwostène devan lòt dye pou n sèvi yo+, 18  m ap di nou sa jodi a, n ap peri san mank+. Nou pap viv lontan nan peyi n ap travèse Rivyè Jouden an pou n al pran kòm byen pa nou an. 19  Mwen pran syèl la ak tè a sèvi m temwen jodi a: Mwen mete lavi ak lanmò devan nou e mwen mete benediksyon ak malediksyon devan nou+. Nou dwe chwazi lavi pou nou kapab rete an vi+, ni nou menm, ni desandan nou yo+, 20  lè nou renmen Jewova, Bondye nou an+, lè nou koute sa l di e nou rete atache ak li+. Paske, se Jewova, Bondye nou an, ki ban nou lavi e se li ki kapab fè nou viv lontan nan peyi li te fè sèman l ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt nou yo+.”

Nòt anba paj

Lit.: “nou fè yo tounen nan kè nou”.
Lit.: “sikonsi”.
Lit.: “ni l pa twò lwen nou”.