Ezekyèl 9​:​1-11

  • Sis mesye ak zam nan men yo ak mesye ki gen veso ki gen lank lan (1-11)

    • Jijman an dwe kòmanse nan tanp lan (6)

9  Apre sa, mwen tande l di byen fò: “Voye chèche moun ki pral pini vil la. Se pou yo chak mache ak zam yo nan men yo pou yo fè destriksyon an!”  Mwen te wè sis gason k ap soti nan direksyon pòtay ki pi wo a+, ki bay nan direksyon nò, e yo chak te gen zam nan men yo pou yo kraze brize. Te gen yon mesye pami yo ki te gen yon rad len sou li e ki te gen yon ti veso bò ren l ki gen lank ladan l, sa sekretè yo konn genyen an. Yo tout antre e yo kanpe bò kot lotèl an kuiv la+.  Apre sa, glwa Bondye Izrayèl la+ kite kote l te ye anlè cheriben yo e li deplase al nan papòt kote ki sakre a+. Epi, Bondye rele mesye ki te gen rad len sou li a e ki te gen ti veso bò ren l ki gen lank lan.  Jewova di l: “Pase nan vil la, nan Jerizalèm, epi mete yon mak sou fwon moun k ap plenn e k ap jemi+ poutèt tout bagay ki bay degoutans k ap fèt anndan vil la+.”  E men sa m te tande l di lòt mesye yo: “Pase dèyè l nan vil la epi frape moun yo. Pinga n gen pitye pou yo, ni pinga n gen konpasyon pou yo+.  Kit se granmoun gason, kit se jèn gason, kit se vyèj, kit se timoun piti, kit se fi, se pou n touye yo tout+. Men, pa pwoche bò kote okenn moun ki gen mak la sou li+. Se pou nou kòmanse nan tanp mwen an+.” Se konsa, yo te kòmanse ak ansyen ki te devan kay la+.  Apre sa, li di yo: “Derespekte kay la epi plen lakou a avèk kadav yo+. Nou mèt ale!” Vrèmanvre, yo ale e yo touye moun ki nan vil la.  Pandan yo t ap touye yo a, se mwen sèl ki te rete. Mwen te tonbe fas atè epi mwen di byen fò: “Elas, o Jewova, Seyè ki Souvren an! Èske w ap detwi tout rès moun Izrayèl yo pandan w ap lage kòlè w sou Jerizalèm+?”  Lè sa a, li di m: “Peche moun Izrayèl ak moun Jida yo fè a grav anpil+. Yo fè san moun koule nan tout peyi a+, e vil la fin kòwonpi nèt+. Paske, yo di: ‘Jewova abandone peyi a. Jewova pa wè nou+.’ 10  Kanta pou mwen, mwen pap gen pitye pou yo, ni mwen pap gen konpasyon pou yo+. M ap fè yo peye pou sa yo fè.” 11  Apre sa, mwen wè mesye ki te gen rad len sou li a e ki te gen ti veso bò ren l ki gen lank lan ki tounen vin bay rapò, li di: “Mwen fè egzakteman sa w te ban m lòd fè a.”

Nòt anba paj