Jenèz 23​:​1-20

  • Lanmò Sara ak kote yo antere l (1-20)

23  Sara te viv 127 an+.  Epi, Sara mouri Kiriyataba+, sa vle di Ebwon+, nan peyi Kanaran+. Abraram te nan lapenn pou Sara e li te kriye pou li.  Annapre, Abraram deplase kite mò a, l al pale ak pitit Èt yo+, li di yo:  “Mwen se yon etranje ki vin abite nan mitan nou+. Fè m jwenn yon moso tè bò kote nou an pou m gen yon kote pou m antere moun mwen genyen ki mouri, yon fason pou m ka pran mò m nan pou m al antere l.”  Lè sa a, pitit Èt yo reponn Abraram:  “Koute sa n ap di w la mèt, se yon chèf Bondye chwazi* ou ye nan mitan nou+. Ou gendwa chwazi kote w pi renmen nan zòn kote nou konn antere mò nou yo pou w antere mò w la. Pa gen youn nan nou k ap refize ba w zòn sa a pou anpeche w antere mò w la.”  Apre sa, Abraram koube byen ba devan moun ki nan zòn nan, pitit Èt yo+,  li di yo: “Si nou* dakò ban m yon kote pou m al antere mò m nan, ebyen koute sa m ap di nou an epi ankouraje Efwon, pitit gason Zora a,  pou l vann mwen gwòt Makpela a ki pou li a. Se nan lizyè jaden l lan li ye. Mwen ta renmen l vann mwen li devan nou pou lajan li vo a+ pou m ka gen yon kote pou m antere moun mwen genyen ki mouri+.” 10  Twouve, Efwon te chita ansanm ak pitit Èt yo. Lè sa a, Efwon, yon moun nan fanmi Èt, reponn Abraram devan pitit Èt yo ki t ap koute e devan tout moun ki te nan pòtay vil la+, li di: 11  “Non, mèt mwen. Koute m. Mwen ba w ni tè a ni gwòt ki ladan l lan. Mwen ba ou yo devan moun mwen yo. Ou mèt al antere mò w la.” 12  Lè sa a, Abraram koube byen ba devan moun ki nan zòn nan 13  e li di Efwon devan moun ki t ap tande yo: “Tanpri, koute m. M ap ba w lajan tè a vo a. Pran l nan men m pou m ka antere mò m nan nan zòn sa a.” 14  Epi, Efwon di Abraram: 15  “Mèt mwen, koute sa m ap di w la. Tè sa a vo 400 chekèl* ann ajan, ki sa sa reprezante ant mwen menm avè w? Ou mèt al antere mò w la.” 16  Abraram dakò ak Efwon, li bay Efwon kantite lajan li te di a devan pitit Èt yo, 400 chekèl ann ajan, selon jan moun k ap vann yo abitye peze lajan+. 17  Se konsa, jaden Efwon te gen Makpela ki toupre Mamre a, tè ki gen gwòt ladan l lan ak tout pyebwa ki nan lizyè tè a, te vin 18  pwopriyete Abraram, yon pwopriyete li te achte devan pitit Èt yo e devan tout moun ki te nan pòtay vil la. 19  Apre sa, Abraram antere Sara, madanm li, nan gwòt ki nan tè Makpela a, toupre Mamre, sa vle di Ebwon, nan peyi Kanaran. 20  Konsa, pitit Èt yo te pase tè a ak gwòt ki ladan l lan bay Abraram pou l antere moun li genyen ki mouri+.

Nòt anba paj

Se kapab tou: “yon gwo chèf”.
Oswa: “nanm nou”.
Yon chekèl egal 11,4 g. Gade Apendis B14.