Al gade sa k anndan l

Ki espwa ki genyen pou moun nou yo ki mouri ?

Ki espwa ki genyen pou moun nou yo ki mouri ?

Ki espwa ki genyen pou moun nou yo ki mouri ?

Sa gen lontan, yon mesye ki te rele Jòb te poze kesyon sa a : “ Eske moun mouri ka leve ? ” ​(Jòb 14:14, Bib la). Petèt ou menm tou w ap poze menm kesyon an. Ki jan w t ap santi w si w ta vin aprann li posib, sou tè sa a menm, pou w rewè moun ou genyen ki mouri yo, si w ta aprann yo pral reviv nan pi bon kondisyon ki te ka egziste ?

Ebyen, gade ki pwomès Bib la fè : “ Mò w yo pral viv. [...] Y ap leve. ” E li fè konnen : “ Moun ki jis yo pral posede tè a, e sou li, y ap rete pou tout tan. ” — Izayi 26:19 ; Sòm 37:29.

Men, pou nou gen lafwa toutbon nan pwomès sa yo, li bon pou nou reponn kèk kesyon kle, tankou : Poukisa moun mouri ? Ki kote moun ki mouri yo ye ? Ki sa ki ban nou asirans yo ka reviv ankò ?

Lanmò : sa k pase lè n mouri

Bib la montre byen klè, depi o kòmansman, Bondye pa t janm gen nan entansyon l pou moun mouri. Lè l te fin kreye de premye moun yo, li te mete yo nan yon paradi, yon ti kote sou tè a yo te rele jaden d Edenn. Lèfini, li te di yo pou yo fè pitit e pou yo etann paradi a sou tout tè a. Sèl sa ki pou ta fè yo mouri se si yo ta dezobeyi lòd Bondye. — Jenèz 1:28 ; 2:15-17.

Adan ak Èv pa t apresye bonte Bondye te montre li genyen pou yo, yo te dezobeyi e yo te oblije sibi santans ki t ap ret tann yo a. Annefè, Bondye te di Adan konsa : “ W [ap] retounen nan tè a, paske se ladan l ou te soti. Paske ou se pousyè, e w ap retounen nan pousyè .” ​(Jenèz 3:19). Anvan Adan te fèt, li pa t egziste. Li te pousyè. E poutèt Adan te dezobeyi, poutèt li te peche, li te kondane pou li retounen pousyè, pou li retounen pa egziste ankò.

Jan nou ka wè sa, lanmò se kontrè lavi. Se sa Bib la montre lè l di : “ Salè peche se lanmò, men kado Bondye bay se lavi etènèl. ” ​(Women 6:23). Pou Bib la montre lanmò se yon eta kote moun nan pa konn anyen ditou, li di : “ Annefè moun ki vivan yo konnen y ap mouri, men moun ki mouri yo, yo menm, yo pa konn anyen ditou. ” ​(Eklezyas 9:5). Gade ki esplikasyon Bib la bay sou sa k pase lè yon moun mouri, li di : “ Lespri l soti, li retounen nan tè li a, e nan menm jou a, tout sa l te gen nan panse l peri— Sòm 146:3, 4.

Sepandan, piske se sèlman Adan ak Èv ki te dezobeyi kòmandman Bondye te ba yo nan jaden d Edenn nan, poukisa se nou tout ki mouri ? Rezon an, se paske nou tout te vin fèt apre Adan fin dezobeyi. Konsa nou tout nou eritye peche ak lanmò. Men ki jan Bib la esplike sa : “ Pa mwayen yon sèl òm [Adan] peche antre nan monn nan, e pa mwayen peche lanmò antre, e konsa lanmò blayi sou tout moun. ” — Women 5:12 ; Jòb 14:4.

Toutfwa, men ki kesyon yon moun kapab poze : ‘ Èske moun pa gen yon nanm ki imòtèl, yon nanm ki kontinye viv menm lè moun nan mouri ? ’ Se sa anpil moun fè kwè. Yo menm di lanmò ouvri chemen pou yon lòt kalite vi. Toutfwa, se pa yon ide nou jwenn nan Bib la. Okontrè, Pawòl Bondye a montre ou se nanm nan e nanm nan se ou, avèk tout kapasite fizik ou, tout kapasite mantal ou (Jenèz 2:7 ; Jeremi 2:34 ; Pwovèb 2:10). Yon lòt bagay ankò, Bib la di : “ Nanm ki peche a se li menm k ap mouri. ” ​(Ezekyèl 18:4). Pa gen okenn kote nan Bib la ki montre lòm gen yon nanm ki imòtèl, yon nanm ki kontinye viv lè kò a mouri.

Ki sa k montre moun ka reviv ?

Lè peche ak lanmò te fin antre nan monn nan, Bondye te revele entansyon l pou l fè moun ki mouri yo rejwenn lavi ankò. Yo rele sa rezirèksyon. Men ki jan Bib la esplike sa : “ Abraram [...] te mete nan tèt li Bondye te ka menm leve [pitit gason l lan, Izarak] sot nan lanmò. ” ​(Ebre 11:17-19). Abraram pa t mal plase konfyans li, paske, anpalan de Bondye Toupisan an, Bib la di : “ Li se yon Bondye, pa pou moun ki mouri, men pou moun ki vivan, paske pou li menm, yo tout vivan. ” — Lik 20:37, 38.

Wi, Bondye Toupisan an pa sèlman gen pouvwa pou li resisite moun li chwazi resisite, men tou li anvi fè sa. Jezi Kris ak pwòp bouch li te di : “ Nou pa bezwen etone pou sa, paske lè a rive kote tout moun ki nan tonm souvni yo pral tande vwa li, epi y ap soti. ” — Jan 5:28, 29 ; Travay 24:15.

Yon tikras tan apre Jezi te fin di pawòl sa yo, li te kwaze ak yon antèman ki t ap soti nan yon vil ann Izrayèl ki rele Nayin. Manman jenn gason yo t apral antere a te vèv, e se sèl pitit la li te genyen. Lè Jezi wè nan ki eta madanm nan t ap soufri, kè l te fè l mal pou li. Konsa, li di mò a : “ Gason m, mwen di w sa : leve ! ” E jenn gason an leve chita, epi Jezi remèt li bay manman l. — Lik 7:11-17.

Jan sa te rive nan ka vèv sa a, se pa de kontantman ki pa t genyen lè Jezi te al kay Jayiris, prezidan sinagòg juif la. Anvan sa, li te gen pitit fi l ki gen 12 an ki mouri. Men, lè Jezi rive nan kay la, li te al dwat sou kadav ti pitit la e li di li : “ Pitit fi m, leve ! ” E li te leve vre ! — Lik 8:40-56.

Apre sa, Laza, yon zanmi Jezi te mouri. Lè Jezi te rive lakay Laza, sa te gentan fè kat jou depi l mouri. Malgre Mat, sè defen an, te nan anpil lapenn, li te di yon pawòl ki montre li pa t pèdi espwa. Li te di : “ M konnen li gen pou l leve nan rezirèksyon ki gen pou fèt nan dènye jou a. ” Toutfwa, Jezi te ale nan tonm nan, li te bay lòd pou yo retire wòch ki te devan tonm nan e, apre sa, li di byen fò : “ Laza, soti deyò ! ” E Laza te soti vre ! — Jan 11:11-44.

Kounye a, ann fè yon ti reflechi : Pandan kat jou sa yo, nan ki kondisyon Laza te ye ? Laza pa t di li t ap rejwi nan syèl la oswa li t ap toumante nan yon lanfè dife. E nou mèt si li t ap pale de sa si se yon kote konsa li te ye. Non, pandan Laza te mouri a, li pa t konn anyen ditou, e si Jezi pa t reba l lavi ankò, li t ap rete nan menm eta sa a, jiskaske lè “ rezirèksyon ki gen pou fèt nan dènye jou a ” rive.

Se vre mirak Jezi te fè yo te pote yon byenfè sèlman pou de twa jou, piske moun li te resisite yo te mouri ankò. Sepandan, sa k te rive a, menmsi sa fè plis pase 1 900 ane, se prèv ki montre grasa puisans Bondye, moun ki mouri yo kapab reviv toutbon vre ! Donk, mirak Jezi yo bay yon apèsi sou sa k pral fèt sou tè a lè se Wayòm Bondye a k ap dirije.

Lè nou gen moun mouri

Lè lènmi ki rele lanmò a met pye, sa kapab pote anpil chagren pou nou, menmsi nou gen espwa rezirèksyon. Fwa Abraram te pèmèt li kwè madanm li gen pou l reviv, men sa pa t anpeche li te “ plenyen sou sò Sara e [sa pa t anpeche] l kriye pou li ”. (Jenèz 23:2.) E Jezi menm ? Lè Laza, te mouri, li te santi “ sa te wonje l nan lespri l e sa te toumante l ”, e yon ti tan apre sa, “ dlo te koule nan je ” l. (Jan 11:33, 35.) Donk, sa pa rele feblès si nou kriye lè nou gen moun mouri.

Lè se yon timoun ki pèdi lavi l, se yon bagay ki di anpil, sitou pou manman an. Se sa k fè Bib la pale de kokenn tristès yon manman ka santi (2 Wa 4:27). Natirèlman, se yon gwo kou tou pou papa a. Lè wa David te pèdi yon pitit gason l ki rele Absalon, sa te fè l mal anpil. Nan sikonstans sa a, li te di : “ Poukisa se pa mwen menm ki te mouri nan plas ou ? ” — 2 Samyèl 18:33.

Sepandan, lafwa nan esperans rezirèksyon an ap ede w pou w pa kite chagren pote w ale. Jan Bib la di sa a, pinga w “ pran lapenn menm jan ak lòt moun ki pa gen esperans yo ”. (1 Tesalonisyen 4:13.) Olye de sa, pwoche pi pre Bondye nan lapriyè e Bib la pwomèt “ li menm l ap soutni w ”. — Sòm 55:22.

Tout vèsè biblik nou jwenn, yo tradui yo dapre Bib anglè New World Translation of the Holy Scriptures.