Al gade sa k anndan l

Lafen fo relijyon an toupre !

Lafen fo relijyon an toupre !

Nouvèl Wayòm No. 37

Yon mesaj pou lemonnantye

Lafen fo relijyon an toupre !

▪ Ki sa fo relijyon an ye ?

▪ Ki jan l pral fini ?

▪ Kòman sa ap afekte w ?

Ki sa fo relijyon an ye ?

Èske sa pa fè w lapèn lè w tande tout krim ki fèt nan non relijyon ? Èske lagè, zak teworis ak koripsyon moun ki pretann y ap sèvi Bondye yo ap fè pa revòlte sans jistis ou gen lakay ou ? Poukisa relijyon sanble alabaz tout bann pwoblèm sa yo ?

Se pa sou tout relijyon nèt fot la tonbe, men se sou fo relijyon an. Jezi Kris, yon pèsonaj relijye trè respekte, te fè konnen fo relijyon an pwodui move zak egzakteman menm jan yon “ pyebwa ki pouri pwodui fwi ki san valè ”. (Matye 7:15-17.) Ki fwi fo relijyon an pwodui ?

Fo relijyon an . . .

MELE NAN LAGÈ AK POLITIK : “ Ann Azi menm jan ak lòt kote yo, lidè ki swaf pouvwa yo manipile santiman relijye moun yo, yon fason sinik, nan pwòp avantaj yo. ” Se sa Jounal ki rele Asiaweek la deklare. Se sa k fè, jounal la bay avètisman sa a : “ Monn nan sanlè plonje nan yon dezòd total. ” Gen yon chèf relijye byen koni Ozetazini ki deklare : “ Fò nou touye teworis yo dabò, pou masak la sispann. ” Ki solisyon l bay ? “ Touye yo tout nan non Seyè a. ” Tandiske, Bib la di : “ Si yon moun di : ‘ Mwen renmen Bondye ’, epoutan li rayi frè l, li se yon mantè. ” ​(1 Jan 4:20). Jezi te menm di : “ Kontinye renmen ènmi nou yo. ” ​(Matye 5:44). Konbyen relijyon ou konnen ki gen fidèl yo ki patisipe nan lagè ?

SIMAYE FO DOKTRIN : Pifò relijyon anseye nanm nan oswa lespri a se yon pati envizib nan yon moun ki kontinye viv apre kò fizik la fin mouri. Anpil nan relijyon sa yo sèvi ak ansèyman sa a pou yo eksplwate fidèl yo, yo fè yo peye lajan pou yo priye pou nanm moun yo genyen ki mouri yo. Sepandan, Bib la anseye yon doktrin ki diferan. “ Nanm ki peche a — se li menm k ap mouri. ” ​(Ezekyèl 18:4). “ Moun ki vivan yo konnen y ap mouri, men kanta pou moun ki mouri yo, yo pa konn anyen ditou. ” ​(Eklezyas 9:5). Jezi te anseye moun ki mouri pral resisite. Aksyon sa a pa t ap nesesè si moun te gen yon nanm ki imòtèl (Jan 11:11-25). Èske relijyon w lan anseye nanm nan pa mouri ?

TOLERE IMORALITE SEKSYÈL : Nan peyi oksidantal yo, gen gwoup relijye ki nome ni gason omoseksyèl ni fi omoseksyèl manm klèje a, e yo fè presyon sou gouvènman yo pou yo apwouve maryaj ant moun ki gen menm sèks. Menm legliz ki kondane imoralite tolere chèf relijye ki fè abi seksyèl sou timoun. Men, ki sa Labib anseye ? Li di byen klè : “ Pa twonpe tèt nou. Ni fònikatè, ni adoratè zidòl, ni moun k ap fè adiltè, ni gason yo itilize pou aktivite ki pa natirèl, ni gason ki kouche ak gason [...] pap eritye wayòm Bondye a. ” ​(1 Korentyen 6:9, 10). Èske w konnen relijyon ki fèmen je yo sou imoralite seksyèl ?

Ki sa lavni rezève pou relijyon ki pwodui fwi ki pouri yo ? Jezi te bay avètisman sa a : “ Tout pyebwa ki pa pwodui bon fwi, y ap koupe l e y ap jete l nan dife. ” ​(Matye 7:19). Wi, yo pral ranvèse fo relijyon an e yo pral detwi l ! Men, ki jan sa pral fèt e ki lè sa ap fèt ? Gen yon vizyon pwofetik nan liv Revelasyon an, yon liv ki nan Bib la, nan chapit 17 ak 18, ki bay repons lan.

Ki jan fo relijyon an pral fini ?

Imajine sèn nan. Yon pwostitye chita sou do yon bèt efreyan. Bèt la gen sèt tèt ak dis kòn (Revelasyon 17:1-4). Kiyès pwostitye a reprezante ? Li egzèse enfliyans “ sou wa latè yo ”. Li abiye an poup, li sèvi ak lansan, e li rich anpil. Anplis de sa, pa mwayen pratik espiritis li yo ‘ tout nasyon yo twonpe ’. (Revelasyon 17:18 ; 18:12, 13, 23.) Bib la ede nou wè pwostitye sa a se yon òganizasyon relijye mondyal. Li pa reprezante yon sèl relijyon, men li reprezante tout relijyon ki pwodui fwi ki pouri yo.

Bèt pwostitye a monte a reprezante pisans politik ki gen nan monn nan * (Revelasyon 17:10-13). Fo relijyon an chita sou do bèt politik sa a, l ap chèche enfliyanse desizyon bèt la e l ap chèche kontwole direksyon l ap pran.

Sepandan, talè konsa, gen yon evènman estrawòdinè ki pral fèt. “ Dis kòn ou te wè yo, ak bèt sovaj la, yo pral rayi pwostitye a e yo pral devaste l e yo pral mete l toutouni, e yo pral manje chè l e yo pral boule l konplètman ak dife. ” ​(Revelasyon 17:16). Nan yon aksyon sanzatann, yon aksyon tèrib, pisans politik ki gen nan monn nan pral atake fo relijyon an e yo pral detwi l konplètman ! Ki sa ki pral pouse yo fè aksyon sa a ? Liv Revelasyon an reponn : “ Bondye mete nan kè yo pou yo egzekite panse l. ” ​(Revelasyon 17:17). Wi, Bondye pral mande fo relijyon an kont pou tout move zak li fè nan non L. Nan jistis pafè Bondye, li pral itilize alye politik fo relijyon an kòm enstriman pa l pou egzekite l.

Ki sa w dwe fè si w pa vle resevwa menm sò ak fo relijyon an ? Mesaje Bondye a bay egzòtasyon sa a : “ Soti ladan l, pèp mwen. ” ​(Revelasyon 18:4). Kidonk, se kounye a moman pou w kouri soti nan fo relijyon an ! Men, ki kote pou w kouri ale ? Se pa nan ateyis, piske li menm tou li sanzespwa pou lavni (2 Tesalonisyen 1:6-9). Sèl refij la se nan vrè relijyon an li ye. Ki jan pou w fè idantifye vrè relijyon an ?

Fason pou w idantifye vrè relijyon an

Ki bon fwi vrè relijyon an dwe pwodui ? — Matye 7:17.

Vrè relijyon an . . .

PRATIKE LANMOU : Vrè adoratè yo “ pa fè pati monn nan ”, yo pa divize akoz ras oubyen akoz kilti, e yo demontre ‘ lanmou nan mitan yo ’. (Jan 13:35 ; 17:16 ; Travay 10:34, 35.) Olye pou youn ap touye lòt, yo prèt pou yo mouri youn pou lòt. — 1 Jan 3:16.

KWÈ NAN PAWÒL BONDYE A : Vrè relijyon an fonde doktrin li sou Pawòl Bondye a, Labib, olye li anseye “ tradisyon ” ak “ kòmandman lèzòm kòm doktrin ”. (Matye 15:6-9.) Poukisa ? Paske “ tout Ekriti se Bondye ki enspire li, e li itil pou anseye, pou reprimande, pou mete bagay yo annòd ”. — 2 Timote 3:16.

FÈ FANMI SOLID E LI SOUTNI PRENSIP MORAL ELVE : Vrè relijyon an anseye mari yo pou yo “ renmen madanm yo tankou pwòp kò yo ”, li ede madanm yo devlope ‘ gwo respè pou mari yo ’, e li anseye timoun yo pou yo ‘ obeyi paran yo ’. (Efezyen 5:28, 33 ; 6:1.) Anplis de sa, moun yo konfye responsablite yo se moun ki egzanplè nan domèn moral. — 1 Timote 3:1-10.

Èske gen yon relijyon ki satisfè egzijans sa yo ? Liv ki rele Politik Olokos la (anglè), ki te pibliye an 2001 di : “ Si plis moun te pratike, nan yon sèten degre, sa Temwen Jewova yo preche ak sa yo pratike, Olokos la te ka pa t fèt e jenosid pa t ap lakòz soufrans nan monn nan ankò. ”

Anfèt, nan 235 peyi, Temwen Jewova yo pa sèlman preche prensip moral ki nan Bib la, yo viv ann akò ak yo. Nou ankouraje w pou w mande Temwen Jewova yo pou yo ede w aprann ki sa Bondye mande pou w fè pou w ka adore l fason l aksepte a. Se kounye a ki moman pou w aji. Pa ranvwaye sa pou pita. Lafen fo relijyon an toupre ! — Sefànya 2:2, 3.

Si w ta renmen jwenn plis enfòmasyon sou mesaj Temwen Jewova yo ap preche a, yon mesaj ki baze sou Labib, ou mèt santi w alèz pou w ekri yo nan adrès ki pi ba a.

□ Mwen mande nou voye yon bwochi Kontinye veye ! pou mwen, san sa pa angaje m nan anyen. Presize nan ki lang.

□ Silvouplè, kontakte m pou yon etid biblik gratis lakay mwen.

[Nòt anba paj]

^ § 17 Pou w jwenn esplikasyon detaye sou sijè sa a, gade liv La Révélation : le grand dénouement est proche ! Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

[Antrefilè nan paj 3]

“ Soti ladan l, pèp mwen. ”

[Antrefilè nan paj 3]

Fo relijyon an egzèse enfliyans “ sou wa latè yo ”.