Al gade sa k anndan l

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Poukisa Temwen Jewova yo pa suiv koutim ki gen rapò ak toke vè oswa leve vè a, piske Bib la pa pale sou sa?

Koutim ki gen rapò ak toke oswa leve vè diven oubyen yon lòt bwason ki gen alkòl se yon koutim ki la lontan e ki kouran anpil, menmsi fason yo fè l konn diferan selon peyi a. Donk, pafwa moun yo konn toke vè yo ansanm anvan yo bwè. An jeneral, moun ki pwopoze pou toke vè a konn mande pou yo fè sa pou yo swete yon moun bonè, sante epi pou l viv lontan. Apre sa, lòt moun yo di pawòl ki montre yo dakò oswa yo leve vè yo anvan yo bwè. Anpil moun wè sa kòm yon jès ki montre politès men gen bonjan rezon ki fè Temwen Jewova yo pa suiv koutim sa a.

Sa pa vle di Temwen yo pa vle moun jwenn kè kontan epi gen bon sante. Nan fen yon lèt Kolèj santral nan premye syèk la te ekri kongregasyon yo, li te di yon pawòl nou ka tradui konsa: “Pote nou byen!” (Travay 15:29). E gen kèk sèvitè Jewova ki te itilize ekspresyon sa yo nan konvèsasyon yo te genyen ak kèk wa: “Mèt mwen, se pou w viv pou toutan!” oswa “Se pou wa a viv lontan!” — 1 Wa 1:31; Neyemi 2:3.

Ki orijin koutim toke vè a oswa leve vè a? Men sa yon ansiklopedi di, nou jwenn nan Toudegad 1ye janvye 1968 la: “Li pwobab pou koutim toke vè a oswa leve vè a se yon koutim payen yo te konn suiv, kote yo te konn bwè nan sakrifis yo t ap fè pou fo dye yo oswa pou mò yo. Nan okazyon repa yo, Grèk yo ak Women yo te konn vide yon likid bay fo dye yo e nan gwo resepsyon yo, yo te konn bwè nan non yo ak nan non mò yo.” Men sa ansiklopedi a ajoute: “Koutim bwè kòm sakrifis pou fo dye yo gen yon rapò dirèk ak kesyon bwè nan non yon moun pou swete l yon bon sante.” — The Encyclopædia Britannica (1910), Volim 13, paj 121.

Èske se konsa yo toujou konsidere l jodi a? Men sa yon liv ki te parèt an 1995 di: “Koutim toke vè a oswa leve vè a sanble se yon koutim payen yo te konn suiv nan sakrifis yo te konn fè nan tan lontan kote yo te konn vide yon likid sakre bay fo dye yo (san oswa diven) pou dye sa yo te ka fè sa moun yo swete a lè yo di: ‘Se pou w viv lontan!’ oswa ‘Se pou w rete an sante!’” — International Handbook on Alcohol and Culture.

Anfèt, se pa paske yon bagay, yon dekorasyon oswa yon koutim, soti nan pratik fo relijyon nan tan lontan ki vle di yon adoratè Jewova pa ka sèvi avè l oswa suiv li. Ann pran egzanp grenad. Men sa yon ansiklopedi biblik di: “Sanble relijyon payen yo te konn itilize grenad kòm yon senbòl ki sakre.” Epoutan, Bondye te mande pou yo fè grenad ak fil pou met sou woulèt rad gran prèt la, e tèt poto espesyal yo ki te nan tanp Salomon an te gen ranje grenad toutotou yo. (Egzòd 28:33; 2 Wa 25:17) Anplis, nan tan lontan bag maryaj la te gen yon siyifikasyon relijye, men Jodi a, anpil moun pa konn sa e yo jis konsidere bag maryaj la kòm yon siy ki montre yon moun marye.

E konsènan itilizasyon diven nan sèvis relijye yo? Gen yon lè, chèf nan Sichèm yo ki t ap adore Baal “t al nan tanp dye yo t ap sèvi yo, yo manje, yo bwè epi yo bay Abimelèk [pitit gason Jedeyon an] madichon.” (Jij 9:22-28) Èske w panse yon sèvitè fidèl Jewova t apral chita bwè avèk yo pandan petèt y ap rele fo dye yo pou aji kont Abimelèk? Pwofèt Amòs te pale konsènan epòk kote anpil Izrayelit t ap rebele kont Jewova, men sa l di: “Bò chak lotèl, yo layite kò yo […] Epi, yo achte diven ak kòb yo pran kòm amann nan men moun e yo bwè l nan kay dye yo genyen yo.” (Amòs 2:8). Èske yon sèvitè fidèl Jewova t ap patisipe avèk yo nan sa, kit yo te itilize diven an pou ofri fo dye, kit yo te jis bwè l nan sikonstans lan (Jeremi 7:18)? Oubyen, èske yon sèvitè fidèl Jewova t apral leve vè diven l epi mande yon dye pou l aji sou avni yon moun oswa beni avni sa a?

Se vre gen adoratè Jewova ki te konn leve men yo epi mande pou bon bagay rive yo. Men, se ak vrè Dye a yo t ap pale. Men sa nou li nan Bib la: “Salomon kanpe devan lotèl Jewova a [...], li ouvri de men l anlè nan direksyon syèl la e li di: “O Jewova, Bondye Izrayèl la, pa gen Dye ki tankou w [...]. Se pou w koute detan w nan syèl la, kote w rete a, wi se pou w koute yo e se pou w padone yo.” (1 Wa 8:22, 23, 30). Menm jan an tou, “Esdras te louwe Jewova [...]. Lè sa a, tout pèp la te reponn: ‘Amèn! Amèn!’ e yo te leve men yo anlè. Apre sa, yo te bese byen ba fas atè devan Jewova.” (Neyemi 8:6; 1 Timote 2:8) Sa klè, adoratè fidèl Jewova sa yo, pa t konn leve men yo anlè pou mande dye chans lan beni yo. — Ezayi 65:11.

Anpil moun jodi a k ap toke vè yo oswa leve vè yo anlè pa panse se yon dye y ap mande pou fè yon bagay pou moun nan oswa pou beni l. Men tou, yo pa ka esplike rezon ki fè yo leve vè diven yo anlè a. Sepandan, lefètke moun yo pa panse se yon dye yo fè yon demann lè yo fè jès la, se pa yon rezon pou yon kretyen santi l oblije imite yo.

Anpil moun konnen Temwen Jewova yo evite fè yon seri jès pifò moun konn fè. Pa egzanp, anpil moun fè jès pou salye anblèm nasyonal yo oswa drapo, yo pa wè sa kòm yon jès adorasyon. Vrè kretyen yo pa anpeche yo fè sa men, yo pa imite yo nonplis. Lè Temwen Jewova yo konnen pral gen yon seremoni konsa ki pral fèt, anpil nan yo konn fè efò pou yo pa la nan moman an, yon fason pou yo pa ofanse lòt moun. Nan kèlkeswa sikonstans lan, yo detèmine pou yo pa fè okenn jès patriyotik, sa ki t ap kontrè ak sa Bib la mande (Egzòd 20:4, 5; 1 Jan 5:21). Anpil moun jodi a, pa wè kesyon toke vè a oswa leve vè a kòm yon bagay ki gen rapò ak kesyon relijye. Toutfwa, gen bonjan rezon ki fè vrè kretyen yo pa fè l, yo konnen jès sa yo gen orijin payen, yo soti nan fo relijyon nan tan lontan e menm jounen jodi a, yo konsidere yo kòm yon demann yon moun fè yon dye pou mande l benediksyon. — Egzòd 23:2.