Tout soufrans pral fini talè konsa !
Tout soufrans pral fini talè konsa !
Siman gen yon lè nan lavi w, ou te mande tèt ou : ‘ Poukisa tout soufrans sa yo ? ’ Pandan plizyè milye ane, limanite soufri anpil anba lagè, povrete, dezas, krim, enjistis, maladi ak lanmò. Pandan santan ki sot pase yo, moun wè plis soufrans pase nenpòt ki lè anvan sa. Èske tout soufrans sa yo ap janm fini ?
Li rekonfòtan pou nou konnen repons lan se wi, e sa pral fèt talè konsa ! Men sa Labib, Pawòl Bondye a, di : “ Mechan an pap la ankò. [...] Men moun ki enb yo yo menm pral posede tè a. E vrèmanvre, yo pral pran tout plezi yo nan abondans lapè. ” Pou konbyen tan ? “ Moun ki jis yo pral posede tè a, e sou li, y ap rete pou toutan. ” — Sòm 37:10, 11, 29.
Lè Bondye fin retire mechanste ak soufrans, tè a pral tounen yon paradi. Lè sa a, moun ap ka viv pou toutan. Y ap gen yon sante pafè e y ap viv nan lakontantman. Men sa Pawòl Bondye a predi k ap gen pou fèt : “ [Bondye] pral siye tout dlo nan je yo, e lanmò pap la ankò, ni dèy, ni rèl, ni doulè pap la ankò. ” — Revelasyon 21:4.
Nan monn nouvo sa a, menm moun ki mouri yo pral retounen viv ankò pou yo ka jwenn benediksyon sa yo. “ Pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis ni pou moun ki enjis. ” (Travay 24:15). Se sa k fè, Jezi Kris te ka di malfektè ki te repanti, ki te montre li gen lafwa nan li a : “ W ap avèk mwen nan Paradi a. ” — Lik 23:43.
Sa k fè soufrans te kòmanse ?
Etandone Bondye gen nan objektif li pou lèzòm benefisye yon bèl avni konsa, pou ki rezon li te pèmèt gen soufrans ? Poukisa li pèmèt soufrans pandan tout tan sa a ?
Lè Bondye te kreye Adan ak Èv, Li te fè yo tou pafè, ni nan kò yo ni nan lespri yo. Li te mete yo nan yon bèl paradi e li te ba yo travay ki t ap fè yo jwenn satisfaksyon. Bib la di : “ Bondye te wè tout sa l fè yo epi, gade ! yo te bon nèt. ” (Jenèz 1:31). Si yo te obeyi Bondye, timoun yo t ap fè yo t ap pafè, e tout tè a t ap tounen yon paradi, yon paradi kote tout moun t ap ka viv pou toutan nan lapè ak lakontantman.
Bondye te bay Adan ak Èv libète pou yo deside. Se yon kado estrawòdinè lòm gen nan li menm ki natirèl. Yo pa t tankou wobo ki pa ka chwazi. Sepandan, pou yo te kontinye viv ere, yo te dwe sèvi kòrèkteman ak libète yo a, sa vle di, obeyi lwa Bondye yo. Men sa Bondye di : “ Mwen menm Jewova, mwen se Bondye w, Sila k ap anseye w pou byen w lan, Sila k ap fè w mache sou wout ou dwe mache a. ” (Izayi 48:17). Etandone lèzòm pa t kreye pou yo te reyisi san Bondye, depi yo ta mal sèvi ak libète yo a, sa t ap lage yo nan katastwòf. Men sa Bib la di : “ Lòm ki fèt ak pousyè tè, wout li pa nan men l. Sa pa nan men lòm k ap mache pou l dirije pye l. ” — Jeremi 10:23.
Malerezman, premye paran nou yo te panse yo ka viv san yo pa bezwen Bondye, e yo te panse yo ka reyisi kanmenm. Men lè yo vin rejte dominasyon Bondye, li pa t kontinye kenbe yo nan kondisyon pafè yo te ye anvan an. Konsa, yo vin kòmanse deteryore jiskaske, finalman, Women 5:12.
yo vin granmoun e apre sa yo mouri. Ann amoni ak lwa jenetik yo, se nan men yo nou eritye enpèfeksyon ak lanmò. —Prensipal kesyon an : Kiyès ki gen dwa pou dirije ?
Poukisa Bondye pa t detwi Adan ak Èv epi li kreye de lòt moun ? Se paske yo te konteste souvrènte inivèsèl Bondye, sa vle di, yo te konteste dwa li genyen pou l dirije. Men kesyon ki te soulve : Kiyès ki gen dwa pou l dirije, e dominasyon kiyès ki jis ? Men lòt kesyon ki konekte avè l : Èske sa t ap pi bon pou lèzòm si se pa Bondye k ap dirije yo ? Lefètke Bondye akòde lèzòm ase tan pou yo fè eksperyans yo vle an tout libète, l ap tou demontre yon fwa pou tout si lèzòm pi byen lè se Bondye k ap dirije yo oswa lè se yo menm k ap dirije pwòp tèt yo. Bondye te bay lèzòm kont tan yo pou yo eseye tout kalite sistèm politik, tout kalite sistèm sosyal, tout kalite sistèm ekonomik ak tout kalite sistèm relijye, san se pa li menm ki gide yo.
Ki rezilta sa bay ? Plizyè milye ane ki pase nan listwa lèzòm fè nou rann nou kont soufrans pa janm sispann ogmante. Nan syèk ki sot pase a, limanite konnen soufrans ki pi rèd pase sa l pa t janm konnen anvan sa. Dè milyon moun mouri asasinen pandan Olokos la, nan Dezyèm Gè mondyal la. Yo masakre plis pase san milyon moun nan gè yo fè. Krim ak vyolans gaye toupatou. Dwòg fin anvayi monn nan. Maladi seksyèl trapan kontinye ap vale teren. Plizyè dizèn milyon moun mouri chak ane anba grangou ak maladi. Toupatou, lavi fanmi ansanm ak prensip moral fin degrade. Pa gen yon gouvènman lòm ap dirije ki gen solisyon pou
pwoblèm sa yo. Pa gen youn ladan yo ki rive elimine vyeyès, maladi ak lanmò.Sitiyasyon limanite twouve l la se egzakteman jan Labib te predi sa t ava ye nan epòk nou an. Pawòl Bondye a kalifye epòk n ap viv la kòm “ dènye jou ” sistèm de choz sa a kote t ava genyen “ tan ki kritik e ki difisil pou moun sipòte ”. E egzakteman jan Bib la te anonse l la, ‘ mechan ak moun ki fè tèt yo pase pou sa yo pa ye vin pi mal toujou ’. — 2 Timote 3:1-5, 13.
Soufrans prèt pou fini
Tout prèv yo montre nou prèt pou rive nan fen eksperyans lamantab lèzòm fè pandan y ap viv san yo pa bezwen Bondye a. Eksperyans lòm fè demontre klè : toutotan lèzòm ap dirije poukont yo san yo pa teni kont de Bondye, yo pap janm ka reyisi. Se sèl dominasyon Bondye a ki ka pote lapè, lebonè, yon sante pafè ak lavi etènèl. Kidonk, tan Jewova te fè kote li te tolere mechanste ak soufrans lan prèt pou l fini. Talè konsa, Bondye pral entèvni nan zafè lèzòm pou l detwi tout sistèm de choz sa a, yon sistèm ki pa bay okenn satisfaksyon.
Men sa yon pwofesi ki nan Bib la di : “ Nan jou wa sa yo [dirijan imen yo ki la kounye a], Bondye nan syèl la ap tabli yon wayòm [nan syèl la] ki pap janm kraze. [...] Li pral krabinen tout wayòm sa yo [sa ki la kounye a], e l ap fini ak yo, epi li menm l ap la pou tan endefini. ” (Danyèl 2:44). Jistifikasyon souvrènte Jewova, dwa li genyen pou l dirije pa mwayen Wayòm selès la, se ansèyman esansyèl ki nan Bib la. Pandan Jezi t ap predi yon aspè enpòtan nan siy “ dènye jou yo ”, li te di : “ Bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan, yo pral preche l sou tout latè ki abite kòm temwayaj pou tout nasyon. Epi apre sa lafen an ap vini. ” — Matye 24:14.
Lè lafen an rive, kiyès k ap sove ? Bib la reponn konsa : “ Se moun ki dwat yo ki pral abite sou tè a, e se moun ki entèg yo ki pral rete sou li. Kanta mechan yo, y ap rache yo sou tè a. ” (Pwovèb 2:21, 22). Moun k ap mache dwat yo se moun ki aprann konnen volonte Jewova e ki fè volonte sa a. Jezi Kris di : “ Men sa lavi etènèl la siyifi : se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a, ak sila ou te voye a, Jezi Kris. ” (Jan 17:3). Wi, “ se pase monn nan ap pase, [...] men moun ki fè volonte Bondye ap rete pou toutan ”. — 1 Jan 2:17.
Tout tèks biblik nou jwenn, yo tradui yo dapre Bib anglè New World Translation of the Holy Scriptures—With References. Lè yo pran yo nan yon lòt Bib, yo ekri non Bib la.