Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 13

Timote te vle ede lòt moun

Timote te vle ede lòt moun

Timote se te yon jèn gason ki te renmen ede moun. Li te vwayaje al anpil kote pou l ede lòt moun. Piske l te fè sa, li te viv yon fason ki te vrèman enteresan. Èske w ta renmen konn kèk bagay sou Timote? —

Manman Timote ak granmè Timote te aprann li konnen Jewova.

Timote te grandi nan yon vil ki rele Lis. Depi lè l te timoun, granmè l Loyis ak manman l Enis te kòmanse aprann li konnen Jewova. Toutpandan Timote t ap grandi, li te vle ede lòt moun aprann konnen Jewova.

Pandan Timote te yon jèn gason toujou, Pòl te mande l si l vle al preche kèk lòt kote avè l. Timote te reponn: ‘Wi!’ Timote te pare pou l al ede lòt moun.

Timote te vwayaje ak Pòl pou y al nan yon vil nan Masedwàn ki rele Tesalonik. Pou yo t al nan vil sa a, yo te dwe fè anpil tan ap mache, epi yo te dwe pran yon bato. Lè yo te resi rive, yo te ede anpil moun aprann konnen Jewova. Men, gen kèk moun ki te fache anpil kont yo e ki te eseye touye yo. Se sa k fè, Pòl ak Timote te oblije kite vil sa a pou y al preche yon lòt kote.

Timote te viv yon fason ki bay kè kontan.

Kèk mwa annapre, Pòl te mande Timote pou l retounen Tesalonik pou l te ka konnen kòman frè yo ye. Sa te mande anpil kouraj pou l te retounen nan vil sa a ki te gen anpil danje! Men, Timote te ale paske l te gen sousi pou frè ki t ap viv nan vil sa a. Lè l te tounen, li te pote bon nouvèl pou Pòl. Frè Tesalonik yo te trè byen!

Timote te travay ansanm ak Pòl pandan plizyè ane. Yon lè, Pòl te fè konnen Timote se te pi bon moun li te ka voye pou ede kongregasyon yo. Timote te renmen Jewova e l te renmen lòt moun tou.

Èske w renmen lòt moun, e èske w vle ede yo aprann konnen Jewova? — Si w fè sa, menm jan ak Timote, ou kapab viv yon fason ki bay kè kontan e ki vrèman enteresan!