Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 8

Yochiya te fè zanmi ak bon moun

Yochiya te fè zanmi ak bon moun

Èske w panse li difisil pou yon moun fè sa ki dwat? — Pifò moun panse sa. Bib la fè konnen sa te difisil anpil pou yon tigason ki te rele Yochiya fè sa ki dwat. Men, li te gen bon zanmi ki te ede l. Ann aprann plis bagay sou Yochiya ansanm ak zanmi l yo.

Papa Yochiya te rele Amòn, se te yon wa nan peyi Jida. Amòn te yon moun ki mechan anpil e l te konn adore zidòl. Lè papa Yochiya mouri, Yochiya te vin wa nan peyi Jida. Men, lè sa a, li te gen uit an sèlman! Èske w panse li te mechan menm jan ak papa l? — Non, li pa t konsa!

Sefànya te avèti pèp la pou yo pa adore zidòl.

Byenke Yochiya te jèn anpil, li te vle obeyi Jewova. Se sa k fè li te chwazi fè zanmi sèlman ak moun ki te renmen Jewova. Yo te ede l fè sa ki dwat. Ki moun konsa ki te zanmi Yochiya?

Youn nan zanmi l te genyen yo se te Sefànya. Sefànya se te yon pwofèt ki te fè pèp Jida a konnen malè t ap rive yo si yo kontinye adore zidòl. Yochiya te koute Sefànya epi l te adore Jewova, li pa t adore zidòl.

Yon lòt zanmi Yochiya te genyen se te Jeremi. Jeremi te gen prèske menm laj ak Yochiya, yo te grandi ansanm e yo te abite toupre. Yo te bon zanmi anpil anpil. Lè Yochiya mouri, Jeremi te ekri yon chante espesyal pou l montre jan l te sonje Yochiya. Youn te ede lòt fè sa ki dwat e youn te ede lòt obeyi Jewova.

Yochiya ak Jeremi te ede youn lòt fè sa ki dwat.

Ki sa w ka aprann nan egzanp Yochiya? — Menm lè Yochiya te yon tigason, li te vle fè sa ki dwat. Li te konnen li te dwe fè zanmi ak moun ki renmen Jewova. Fè tout sa w kapab pou w fè zanmi ak moun ki renmen Jewova e ki kapab ede w fè sa ki dwat!