Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Jij tout tè a” toujou fè sa ki jis

“Jij tout tè a” toujou fè sa ki jis

“Tout sa Mas Wòch la fè bon nèt, tout chemen l yo se jistis.” — DET. 32:4.

KANTIK: 112, 89

1. Ki jan Abraram te montre l gen konfyans nan jistis Jewova gen lakay li? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

“ÈSKE Jij tout tè a pap fè sa ki jis?” (Jen. 18:25). Lè Abraram te poze kesyon sa a, li te montre li gen konfyans Jewova t ap demontre jistis li yon fason ki pafè nan ka Sodòm ak Gomò. Abraram te gen konviksyon Jewova pa t ap janm aji yon fason ki enjis pou l ta “touye moun ki jis ansanm ak moun ki mechan”. Abraram te panse yon aksyon konsa “enposib” pou Bondye fè. Anviwon 400 an annapre, men sa Jewova te di: “Tout sa Mas Wòch la fè bon nèt, tout chemen l yo se jistis. Se yon Bondye ki fidèl, ki pa janm fè enjistis, se yon Bondye ki dwat e ki jis.” — Det. 31:19; 32:4.

2. Poukisa nou ka di Jewova pa kapab fè enjistis?

2 Poukisa Abraram te ka gen konfyans Jewova t ap toujou jije avèk jistis? Se paske se Jewova ki bay pi bèl egzanp nan kesyon jistis ak ladwati. Anfèt, mo ebre lè yo tradui yo yo mete “jistis” ak “ladwati” pou yo a parèt ansanm souvan nan Liv ki te ekri ann ebre yo. An reyalite, pa gen okenn diferans ant sa ki jis ak sa ki dwat. Li lojik, piske se Jewova ki bay pi gwo egzanp nan kesyon jistis, l ap toujou wè bagay yo yon fason ki jis. Mete sou sa, selon sa Pawòl li te fè ekri a di, “li renmen ladwati e li renmen jistis”. — Sòm 33:5.

3. Bay yon egzanp ki montre enjistis k ap fèt nan monn nan jodi a.

3 Moun ki gen kè sensè yo jwenn konsolasyon lè yo aprann Jewova toujou fè sa ki jis, paske monn nan chaje ak enjistis. Se sa k fè, pafwa gen moun ki viktim anba gwo mechanste. Pa egzanp, gen moun tribinal kondane yon fason ki enjis e yo fèmen yo nan prizon. Se sèlman lè tès ADN vin egziste, yo egzamine ka moun sa yo ankò e yo libere kèk nan yo apre yo fin pase plizyè dizèn ane nan prizon pou krim yo pa t fè. Byenke kondanasyon enjis sa yo lakòz moun fristre e yo menm lakòz yo an kòlè, gen kretyen ki ka panse gen yon lòt kalite enjistis ki ka menm pi difisil pou moun sipòte.

NAN KONGREGASYON AN

4. Ki jan lafwa yon kretyen ka pase anba eprèv?

4 Kretyen yo atann y ap jwenn enjistis deyò kongregasyon an. Men, lafwa nou ka pase anba eprèv si n wè sanble gen enjistis k ap fèt nan kongregasyon an oswa yo fè n enjistis. Ki jan w ap reyaji si w kwè yo fè w enjistis nan kongregasyon an oubyen yon kretyen parèy ou fè w enjistis? Èske w ap kite sa fè w bite?

5. Poukisa yon kretyen pa ta dwe sezi si l ta wè gen enjistis ki fèt nan kongregasyon an oswa si yo ta fè l enjistis?

5 Piske nou tout enpafè e nou konn fè peche, nou rann nou kont li posib swa pou moun fè n enjistis oswa pou n fè lòt moun enjistis nan kongregasyon an (1 Jan 1:8). Byenke sitiyasyon sa yo pa rive fasil, kretyen fidèl yo pa sezi oswa choke lè yo wè gen enjistis k ap fèt. Se avèk rezon, Jewova bay konsèy ki vrèman itil nou nan Pawòl li a pou ede n kenbe entegrite n, menm lè kretyen parèy nou fè n bagay ki mal. — Sòm 55:12-14.

6, 7. Ki enjistis yo te fè yon frè nan kongregasyon l, e ki kalite ki te ede l byen reyaji nan sitiyasyon sa a?

6 Ann pran egzanp Willi Diehl. Nan kòmansman ane 1931, frè Diehl te sèvi nan Betèl ki nan vil Bèn, nan peyi Lasuis, avèk fidelite. An 1946, li te asiste uityèm klas Lekòl Galaad, nan Nouyòk, Ozetazini. Apre l te fin gradye, yo te voye l nan sèvis sikonskripsyon nan peyi Lasuis. Men sa frè Diehl te rakonte nan byografi l: “An me 1949, mwen te fè filyal ki nan vil Bèn nan konnen mwen pral marye.” Nou konn ki repons Biwo filyal la te ba li? “Ou pap gen okenn privilèj, sof pyonye pèmanan.” Men sa frè Diehl te ajoute: “M pa t gen dwa bay diskou [...]. Anpil moun te sispann salye nou, e yo te trete nou tankou moun ki eskominye.”

7 Ki jan frè Diehl te jere sitiyasyon sa a? Men sa l te di: “Nou te konnen Bib la pa kont pou moun marye, se sa k fè nou te pran refij nan lapriyè e n te fè Jewova konfyans.” Finalman, yo te korije move pwennvi yo te gen sou maryaj ki te lakòz yo te fè n enjistis la, e frè Diehl te vin rejwenn privilèj li yo ankò. Jewova te rekonpanse l pou fidelite l *. L ap bon pou n mande tèt nou: ‘Si se mwen yo te fè enjistis sa a, èske m t ap reyaji menm jan ak frè sa a? Èske m t ap tann Jewova avèk pasyans, oubyen èske m t ap gen tandans rezoud pwoblèm nan poukont mwen?’ — Pwo. 11:2; li Miche 7:7.

8. Ki sa k ta ka fè w panse yo fè w enjistis oswa yo fè yon lòt moun enjistis alòske se pa vre?

8 Yon lòt bò, ou ka panse yo fè w enjistis oswa yo fè yon moun nan kongregasyon an enjistis alòske se pa vre. Sa ka rive paske, antanke moun ki enpafè, nou pa byen wè bagay yo, oubyen nou pa konn tout detay yo. Nan kèlkeswa ka a, kit fason nou konprann bagay yo egzak, kit nou twonpe nou, lè nou konte sou Jewova nan lapriyè e lè nou fidèl, sa ap fè n pa janm vin ‘an kòlè sou Jewova’. — Li Pwovèb 19:3.

9. Ki egzanp nou pral egzamine nan atik sa a ak nan atik ki vin apre a?

9 Ann reflechi sou twa egzanp kote gen enjistis ki te fèt pami pèp Jewova a nan tan biblik yo. Nan atik sa a, nou pral egzamine egzanp Jozèf, yon pitit pitit Abraram, ansanm ak pwoblèm li te jwenn akoz frè l yo. Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine fason Jewova te aji ak Ahab, yon wa izrayelit, ansanm ak eksperyans apot Pyè te fè lè l te Antyòch ki nan Siri a. Pandan n ap egzamine egzanp sa yo, chèche wè ki sa k ap ede w ret konsantre sou relasyon w ak Jewova e pou w pwoteje relasyon sa a, sitou lè w kwè yo fè w enjistis.

YO TE FÈ JOZÈF ENJISTIS

10, 11. a) Ki enjistis yo te fè Jozèf? b) Ki posiblite Jozèf te vin jwenn pandan l te nan prizon?

10 Jozèf, yon sèvitè Jewova ki te fidèl, te sibi enjistis, nonsèlman anba men moun ki pa t fanmi l, men sa k pi rèd la, anba men pwòp frè l. Lè Jozèf te nan fen adolesans li, frè l yo te kidnape l e yo te vann li kòm esklav. Gen moun ki te mennen l ann Ejip san l pa t vle (Jen. 37:23-28; 42:21). Apre kèk tan nan peyi etranje sa a, yo te akize l kòmkwa li t ap chèche vyole yon fi e yo te mete l nan prizon san yo pa t jije l (Jen. 39:17-20). Jozèf te fè anviwon 13 an ap soufri kòm esklav e kòm prizonye. Ki leson nou ka aprann nan eksperyans Jozèf te fè a k ap ede n si yon kwayan parèy nou ta fè n enjistis?

11 Jozèf te jwenn okazyon pou l pale sou sitiyasyon l lan ak yon lòt prizonye. Prizonye sa a se te mesye ki te alatèt moun ki te konn sèvi wa a bwason yo. Pandan Jozèf te nan prizon ak mesye ki te konn sèvi wa a bwason an, mesye a te fè yon rèv e Jozèf te esplike l rèv la. Jozèf te fè mesye a konnen li t ap retounen nan travay li nan palè Farawon. Lè Jozèf te fè l konnen esplikasyon Bondye te ba l la, Jozèf te pwofite okazyon an pou l esplike l sitiyasyon pa l. Nou ka aprann plizyè leson enpòtan nonsèlman nan sa Jozèf te di, men tou, nan sa l pa t di. — Jen. 40:5-13.

12, 13. a) Ki jan pawòl Jozèf te di mesye ki te konn sèvi wa a bwason an montre li pa t annik aksepte enjistis yo te fè l yo? b) Nòmalman, ki detay Jozèf pa t bay mesye ki te konn sèvi wa a bwason an lè l t ap pale avè l la?

12 Li Jenèz 40:14, 15. N ap remake Jozèf te di li se yon moun yo te “kidnape”. Yon fason literal, mo yo itilize nan lang orijinal la vle di yo te “vòlè” l. Li klè, yo te fè l enjistis. Epitou, Jozèf te fè konnen li pa t koupab pou krim yo te fè mete l nan prizon an. Sou baz sa a, li te mande mesye ki te konn sèvi wa a bwason an pou l pale ak Farawon pou li. Poukisa? Li te fè l konnen objektif li, li te di l: “Pou l ka fè m soti la a.”

13 Èske pawòl Jozèf te di yo se te pawòl yon moun ki te jis aksepte yon sitiyasyon san l pa t fè anyen pou sa? Non. Li te byen konnen yo te fè l anpil enjistis. Li te esplike mesye ki te konn sèvi wa a bwason an sitiyasyon l byen klè, e petèt, mesye sa a t ap vin nan yon pozisyon kote l t ap ka ede l. Men, n ap remake pa gen okenn kote nan Bib la ki montre Jozèf te janm di yon moun se frè l yo ki te kidnape l, menm Farawon li pa t di sa. Anfèt, lè frè Jozèf yo te vin ann Ejip e yo te rekonsilye avè l, Farawon te byen resevwa yo, li te envite yo vin abite ann Ejip pou yo ka pwofite “pi bon bagay ki gen nan tout peyi” a. — Jen. 45:16-20.

Pawòl negatif ka fè moun pèdi kontwòl yon sitiyasyon. (Gade paragraf 14.)

14. Ki sa k ap pwoteje n pou n pa tonbe nan pyèj pou n ap di pawòl negatif menmsi yo ta fè n enjistis nan kongregasyon an?

14 Lè yon kretyen kwè yo fè l enjistis, li dwe fè atansyon pou l pa tonbe nan fè tripotay. An reyalite, li toutafè nòmal pou n chèche èd nan men ansyen yo e pou n fè yo konnen si yon moun nan kongregasyon an fè yon peche grav (Lev. 5:1). Men, nan anpil ka kote pa gen peche grav ki fèt, li posib pou n rezoud yon pwoblèm san nou pa mele lòt moun ladan l, menm ansyen yo. (Li Matye 5:23, 24; 18:15.) Se pou nou jere sitiyasyon sa yo fidèlman ann amoni ak prensip ki nan Bib la. Nan kèk ka, nou ka vin rann nou kont yo pa t vrèman fè n enjistis. Se pa ti kontan nou t ap kontan dèske nou pa t fè yon sitiyasyon vin pi grav akoz nou fè manti sou yon kretyen parèy nou! Pa bliye, kit nou gen rezon, kit nou gen tò, lè n tonbe nan di pawòl ki blese moun sa pap janm amelyore yon sitiyasyon. Lè n fidèl ak Jewova e nou fidèl ak frè ak sè nou yo, sa ap pwoteje n pou n pa fè yon erè konsa. Pandan youn nan moun ki te ekri Sòm yo t ap pale de “moun ki toujou aji byen” an, li te fè konnen moun sa a se moun “ki pa bay moun kout lang, ki pa fè pwochen l anyen ki mal, ki pa pale zanmi l mal”. — Sòm 15:2, 3; Jak 3:5.

SONJE SILA A OU GEN RELASYON KI PI ENPÒTAN AVÈ L LA

15. Ki jan relasyon Jozèf te gen ak Jewova te yon benediksyon pou li?

15 Nou jwenn yon leson ki pi enpòtan nan relasyon Jozèf te gen ak Jewova. Pandan 13 ane Jozèf te fè ap soufri yo, li te montre li wè bagay yo menm jan ak Jewova (Jen. 45:5-8). Li pa t janm blame Jewova pou sa k te rive l yo. Byenke l pa t bliye bagay mal yo te fè l yo, li pa t kite sa fè l vin akaryat. Sa k pi enpòtan an, li pa t kite enpèfeksyon ak move aksyon lòt moun separe l ak Jewova. Piske Jozèf te fidèl, sa te ba l posiblite pou l wè men Jewova k ap repare enjistis yo te fè l yo e k ap beni li menm ak fanmi l.

16. Poukisa nou dwe chèche vin pi pwòch Jewova si yo fè n enjistis nan kongregasyon an?

16 Menm jan an tou, nou dwe bay relasyon nou ak Jewova anpil valè e nou dwe pwoteje relasyon sa a. Nou pa dwe janm kite enpèfeksyon frè ak sè n yo separe n ak Bondye nou renmen an e n ap adore a (Wom. 8:38, 39). Okontrè, si yon kretyen parèy nou fè n enjistis, ann imite Jozèf e ann fè efò pou n vin pi pwòch ak Jewova toujou, pandan n ap fè tout sa n kapab pou n wè bagay yo menm jan avè l. Lè n fin fè tout sa n kapab pou n fè sa Bib la mande pou n ranje sitiyasyon an, nou bezwen kite bagay yo nan men Jewova e n bezwen gen konfyans l ap ranje sa lè l vle ak jan l vle.

FÈ “JIJ TOUT TÈ A” KONFYANS

17. Ki jan n ka montre nou fè “Jij tout tè a” konfyans?

17 Toutotan n ap viv nan sistèm sa a, nou kapab atann moun ap fè n enjistis. Nan kèk sitiyasyon ki pa rive souvan, ou menm oswa yon moun ou konnen ka viv yon sitiyasyon nan kongregasyon an ki sanble ak yon enjistis, oubyen nou ka wè yon sitiyasyon ki sanble ak yon enjistis. Pinga w kite sa fè w bite (Sòm 119:165). Okontrè, antanke sèvitè Bondye ki fidèl, nou priye l e nou konte sou li fidèlman. Anmenmtan, avèk imilite, nou rekonèt nou ka pa gen tout detay yo. Nou rekonèt, antanke moun ki enpafè, sa ka rive nou mal wè bagay yo. Jan n te aprann sa nan egzanp Jozèf, nou dwe evite di pawòl ki negatif, piske n konnen pawòl sa yo ap fè pwoblèm nan vin pi grav. Finalman, olye nou chèche rezoud pwoblèm nan poukont nou, ann pran detèminasyon pou n ret fidèl e pou n tann avèk pasyans jiskaske Jewova ranje bagay yo. Si n aji konsa, nou mèt sèten n ap gen apwobasyon Jewova ak benediksyon l, menm jan ak Jozèf. Vrèmanvre, nou kapab gen asirans Jewova, “Jij tout tè a”, ap toujou fè sa ki jis paske “tout chemen l yo se jistis”. — Jen. 18:25; Det. 32:4.

18. Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a?

18 Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine de egzanp enjistis ki te fèt pami pèp Jewova a nan tan biblik yo. Lè n egzamine istwa sa yo, n ap rive wè ki jan lè n gen imilite e nou dispoze padone sa ede n wè kesyon jistis la jan Jewova wè l la.

^ § 7 Gade byografi Willi Diehl ki gen tit “Jewova se Bondye m, se nan li m ap met konfyans mwen” ki te parèt nan Toudegad 1ye novanm 1991 (fransè).