Al gade sa k anndan l

Ki sa lanati aprann nou?

Ki sa lanati aprann nou?

Ki sa lanati aprann nou?

“Tanpri, mande bèt yo, y a fè w konnen, mande zwazo nan syèl la, y a di w. Oswa byen gade tè a, l a fè w konnen, epi mande pwason nan lanmè yo, y a di w.” — JÒB 12:7, 8.

Nan ane ki sot pase yo, syantifik yo ak enjenyè yo te fè yon fason pou se plant yo ak bèt yo menm ki enstwi yo. Yo etidye plizyè aspè nan diferan kreyati epi yo imite yo, yon domèn ki rele Byomimetik, nan entansyon pou yo kreye nouvo pwodui oswa pou amelyore pèfòmans machin ki deja egziste. Pandan w ap egzamine egzanp ki annapre yo, mande tèt ou, ‘Kiyès ki vrèman gen merit pou bagay sa yo?’

Sa nou ka aprann nan najwa balèn nan

Ki sa moun k ap fè aparèy ki vole yo ka aprann sou balèn ki gen bòs nan do l la? Sanble yo ka aprann anpil bagay! Yon balèn ki gen bòs nan do l ki fin grandi ka peze anviwon 30 tòn, menm pwa ak yon kamyon ki byen chaje, kò li plizoumwen rèd e li gen gwo najwa ki tankou zèl. Gwo bèt long sa a ki mezire 40 pye bouje byen fasil anba dlo. Pa egzanp, lè yon balèn ki gen bòs nan do l ap chèche manje, li ka naje soti anba dlo a pandan l ap fè wonn ti kribich oswa ti pwason li pral manje yo, toutpandan l ap fè dlo a fè kim pa anba yo. Kim sa yo ki sanble ak yon filè, ki ka mezire jiska 5 pye dyamèt, pouse ti bèt yo monte anlè dlo a. Epi, balèn nan annik vale yo.

Yon bagay ki enpresyone moun k ap fè rechèch yo se fason bèt sa a ak tout kò rèd li a rive fè yon seri ti wonn toupiti ki ta sanble enposib pandan l ap vire. Yo rive konprann sekrè a chita nan fòm najwa balèn nan. Pwent najwa balèn sa yo pa swa menm jan ak zèl yon avyon, men yo fè zigzag, avèk plizyè ti boul sou yo.

Toutpandan balèn nan ap fann dlo a, ti boul sa yo ogmante elan li genyen e yo redui rezistans li. Ki jan? Jounal Natural History fè konnen ti boul sa yo fè dlo a fè yon ale vini pi rapid sou najwa yo yon fason ki regilye, menm lè balèn nan ap monte epi li chanje direksyon bridsoukou. Si rebò najwa balèn nan te swa, li pa t ap ka fè ti wonn toupiti sa yo, e dlo a t ap fè yon toubiyon pa dèyè najwa yo e li t ap fè l difisil pou l remonte.

Ki bagay pratik dekouvèt sa a pèmèt yo fè? Zèl avyon ki fèt dapre najwa balèn nan bezwen mwens ti konpatiman ladan yo, oswa lòt zouti mekanik pou jere van an. Kalite zèl avyon sa yo gen plis sekirite e l pi fasil pou yo fè antretyen ladan yo. John Long, ki se yon espè nan Byomekanik fè konnen yon jou konsa “nou ka wè tout gwo avyon yo gen zèl ki fèt menm jan ak najwa balèn ki gen bòs nan do l la”.

Fason yo kopye zèl zwazo ki rele mwèt la

Se vre, yo deja kopye sou fòm zèl zwazo yo pou yo fè zèl avyon. Sepandan, dènye tan sa yo enjenyè yo kopye pi plis toujou. Men sa New Scientist rapòte: “Moun k ap fè rechèch nan University of Florida te konstwi yon ti modèl dwón yo kontwole a distans ki gen menm kapasite mwèt yo genyen an pou yo plane, plonje epi monte anlè.”

Mwèt yo rive fè bèl manèv sa yo lè y ap vole grasa mouvman yo fè ak jwenti ki nan zepòl yo ak koud yo. Peryodik la fè konnen, pandan y ap kopye teknik fleksib sa a zèl mwèt yo genyen an, yo fè “modèl dwón nan ki mezire 24 pous sèvi ak yon ti motè pou kontwole yon seri tij metalik pou bouje zèl dwón nan”. Grasa zèl sa yo ki fèt yon fason entèlijan, dwón nan ka plane e plonje nan mitan gwo bilding yo. Fòs ayeryen lame ameriken an vrèman enterese pou yo devlope yon aparèy ki ka fè tout manèv sa yo lè y ap chèche zam chimik oswa zam byolojik nan gwo vil yo.

Fason yo kopye pat jeko a

Bèt ki viv sou tè yo ka anseye nou anpil bagay tou. Pa egzanp, ti leza yo rele jeko a gen kapasite pou l grenpe mi epi pou l pandye tèt anba nan yon plafon. Menm nan epòk yo t ap ekri Bib la, yo te konnen kreyati sa yo pou bèl kapasite estrawòdinè sa a (Pwovèb 30:28). Ki kote jeko yo jwenn kapasite sa a pou yo defye gravite a?

Kapasite jeko a genyen pou l kole menm sou bagay ki lis tankou vit la soti nan yon seri ti plim li gen anba pat li. Pat li yo pa pwodui lakòl. Olye de sa, yo eksplwate yon ti fòs molekilè toupiti ki nan pat yo. Molekil ki nan de sifas yo kole youn ak lòt grasa yon fòs tou fèb ki rele fòs van der Waals. Nòmalman, gravite a venk fòs sa yo byen fasil, se sa k fè ou pa ka jis met men w sou yon mi pou w grenpe l. Poutan, ti plim ki anba pat jeko a ogmante sifas ki an kontak ak mi an. Fòs Van der Waals k ap opere nan chak ti plim ki nan pat jeko a, pwodui ase atraksyon pou kenbe pwa leza a.

Ki jan yo ta ka sèvi ak dekouvèt sa a? Yo ka sèvi ak materyèl sentetik yo fè lè yo imite pat jeko a pou yo ranplase vèlkwo, li menm tou ki se yon materyèl yo te kopye sou lanati pou yo fè l. * Jounal ki rele The Economist lan fè konnen yon moun k ap fè rechèch te di materyèl yo fè ak “tep jeko” yo ta ka byen “itil nan domèn medikal nan ka kote yo pa ka sèvi ak adezif chimik”.

Kiyès ki gen merit la?

Pandan n ap di sa, NASA ap devlope yon wobo ki gen plizyè pye ki mache tankou yon eskòpyon, epi enjenyè nan peyi Fenlann yo deja fè yon traktè ki gen sis pye ki ka grenpe obstak menm jan yon gwo ensèk t ap fè sa. Gen lòt moun k ap fè rechèch ki fè yon twal ki gen plizyè moso ki antre youn nan lòt menm jan ak grenn pichpen. Gen yon moun k ap fè machin ki devlope yon machin ki imite teknik etonan pwason kòf la genyen pou l jwenn mwens rezistans lè l ap deplase. Gen lòt moun k ap fè rechèch ki imite kapasite kokiy zuit la genyen pou l amòti chòk, pou yo fè ekipman pwoteksyon ki pi lejè e ki pi solid.

Moun k ap fè rechèch yo tèlman jwenn anpil bon ide nan lanati, sa fè yo kreye yon achiv ki deja gen plizyè milye sistèm byolojik diferan. The Economist fè konnen syantifik yo ka chèche “solisyon ki natirèl pou pwoblèm yo jwenn nan sa y ap envante yo” nan achiv sa a. Yo rele sistèm natirèl sa yo ki nan achiv sa a “patant byolojik”. Nòmalman, yon moun oswa yon konpayi gen yon patant lè se li menm ki fè yon anrejistreman legal pou yon nouvo ide oswa yon nouvo machin. Anpalan de achiv ki gen patant byolojik sa a, men sa The Economist di: “Lè yo rele teknik byomimetik yo ‘patant byolojik’, anfèt, moun k ap fè rechèch yo fè wè aklè se lanati ki gen patant yo toutbon.”

Ki jan lanati fè gen tout bèl ide sa yo? Anpil moun k ap fè rechèch konnen bagay ki sanble entèlijan ki nan lanati yo se rezilta plizyè milyon ane esè ak erè nan evolisyon an. Sepandan, gen lòt moun k ap fè rechèch ki konprann li yon lòt jan. Men sa Michael Behe, yon mikwobyolojis te ekri nan The New York Times an 2005: “Fason bagay ki nan lanati yo montre byen klè se yon moun ki te kreye yo mennen nou nan yon konklizyon byen senp: Si li sanble, li mache e li rele tankou yon kana, epi, nou pa gen okenn prèv pou n pwouve lekontrè, nou oblije dakò li se yon kana.” Ki sa li admèt? “Se pa paske li tèlman klè gen yon moun ki kreye bagay yo pou nou tou senpleman inyore sa.”

Vrèmanvre, enjenyè ki fè zèl avyon ki bay plis sekirite e ki pi efikas la, dwe resevwa tout merit pou envansyon l lan. Menm jan an tou, moun ki envante pansman yo ka itilize pou fè plizyè bagay la, oswa yon twal ki pi konfòtab oswa yon motè machin ki pi pèfòman dwe resevwa merit pou envansyon yo a. Anfèt, yo ka konsidere yon moun ki kopye envansyon yon lòt moun san l pa rekonèt se moun ki te fè envansyon an ki dwe resevwa merit la kòm yon kriminèl.

Èske sa fè sans pou ou, pou anpil moun ki byen fòme k ap fè rechèch, k ap debat pou yo kopye sistèm ki nan lanati yo pou yo rezoud pwoblèm teknik ki difisil ap fè konnen bagay sa yo soti nan yon evolisyon ki san entèlijans? Si yo bezwen yon moun entèlijan pou fè kopi a, sa w ta di pou orijinal la menm? Vrèmanvre, kiyès ki gen plis merit, vrè atis la oswa elèv k ap imite teknik atis la?

Yon konklizyon lojik

Apre anpil moun fin jwenn prèv klè se kreye yo te kreye bagay ki nan lanati yo, yo pataje menm santiman ak moun ki te ekri Sòm sa a ki te di: “Ala anpil sa w fè yo anpil, o Jewova! Ou fè tout sa w fè yo avèk sajès. Tè a chaje ak sa w fè.” ​(Sòm 104:24). Pòl, youn nan moun ki te patisipe nan ekri Bib la, te fè menm konklizyon sa a: “Anfèt, kalite li yo ki envizib, sètadi pisans li ki etènèl e lefètke se li menm reyèlman ki Bondye, parèt klè depi nan kreyasyon monn nan.” — Women 1:19, 20.

Sepandan, anpil moun sensè ki respekte Labib e ki kwè nan Bondye ta ka fè konnen petèt Bondye te sèvi ak evolisyon pou l kreye mèvèy ki nan lanati yo. Ki sa Bib la anseye menm?

[Nòt]

^ Vèlkwo se yon sistèm ouvri fèmen yo fè dapre teknik yo jwenn nan semans yon plant ki rele badàn.

[Antrefilè]

Ki jan lanati fè gen tout bèl ide sa yo?

[Antrefilè]

Kiyès ki gen patant pou lanati?

[Kare]

Si yo bezwen yon moun entèlijan pou fè kopi a, sa w ta di pou orijinal la menm?

Avyon sa a ki fleksib anpil imite zèl zwazo ki rele mwèt la

Pat jeko yo pa ka sal, yo pa kite kras, yo kole sou nenpòt bagay eksepte teflon, yo fè yon tikras efò pou yo tache oswa detache sou yon bagay. Moun k ap fè rechèch yo ap eseye imite yo

Yo imite teknik etonan pwason kòf la genyen pou l deplase ak mwens rezistans lè l ap deplase a pou yo fè yon machin

[Kote foto yo soti]

Avyon: Kristen Bartlett/

University of Florida;

pat jeko: Breck P. Kent;

pwason kòf ak machin: Mercedes-Benz Etazini

[Kare]

YO DEPLASE GRASA SAJÈS YO FÈT AVÈ L LA

Sou tout tè a, gen yon pakèt kreyati “ki fèt ak tout sajès yo” ki konn ki jan pou yo jwenn wout yo lè y ap deplase (Pwovèb 30:24, 25). Ann konsidere de egzanp.

Fason foumi yo deplase Ki jan foumi k ap fouye twou yo fè pou yo jwenn nich yo? Moun k ap fè rechèch nan peyi Wayòm ini fè konnen anplis de odè yo kite sou wout yo, kèk nan yo sèvi ak jeyometri pou yo kite tras pou yo rejwenn wout kay yo byen fasil. Pa egzanp, New Scientist fè konnen “foumi yo rele farawon yo kite yon seri tras byen vizib ki sot nan nich yo ki oryante nan plizyè direksyon sou yon ang 50 rive 60 degre”. Ki sa ki remakab nan chema sa a? Lè yon foumi ap retounen nan nich li e li jwenn youn nan tras ki bay nan direksyon nich la, san reflechi li pran wout ki gen mwens devyasyon an, sa ki mennen l tou dwat lakay li. Men sa atik la di: “Chema ki gen plizyè direksyon sa a, pèmèt plis foumi deplase sou wout yo te trase yo, sitou lè foumi yo ap deplase sou wout sa yo nan de direksyon, e li redui kantite enèji yo chak t ap depanse si yo ta pran move direksyon an.”

Bousòl zwazo yo Anpil zwazo vwayaje ak anpil presizyon sou distans ki long e nan tout kalite klima. Ki jan? Moun k ap fè rechèch yo te dekouvri zwazo yo ka detekte chan mayetik tè a. Sepandan, jounal ki rele Science lan fè konnen “sot nan yon zòn al nan yon lòt, chan mayetik tè a varye e li pa toujou montre vrè nò a”. Ki sa k fè zwazo yo pa pèdi wout yo? Ta sanble zwazo yo ajiste bousòl yo fèt avè l la chak fwa solèy la kouche. Etandone kote solèy la kouche a chanje akoz latitid ak sezon yo, jounal ki rele Science lan di moun k ap fè rechèch yo fè konnen zwazo yo jere sa grasa “yon revèy yo gen anndan yo ki endike yo ki peryòd yo ye nan ane a”.

Kiyès ki te pwograme foumi yo pou yo konprann jeyometri? Kiyès ki te bay zwazo yo yon bousòl, yon revèy byolojik ak yon sèvo ki ka entèprete enfòmasyon enstriman sa yo ap bay? Yon evolisyon san entèlijans? Oswa yon Kreyatè ki entèlijan?

[Kote foto yo soti]

© E.J.H. Robinson 2004