Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon liv ki la lontan e ki toujou itil

Yon liv ki la lontan e ki toujou itil

Gen anpil moun ki gen respè pou Labib paske li se yon liv sakre. Sepandan, Labib pa sèlman yon liv ki la pou ede nou nan relasyon nou ak Bondye, men tou li gen bèl konsèy ki kapab ede nou nan tout domèn nan lavi nou chak jou.

Pa egzanp, nou pral wè sa kèk moun di konsènan fason Bib la ede yo pèsonèlman lè yo li l e yo aplike konsèy yo jwenn ladan l nan lavi yo.

“M vin gen plis ekilib nan lavi m. Fason m panse ak fason m santi m amelyore. M vin gen plis kè kontan.” — Fiona.

“Lefètke m etidye Bib la, sa fè m gen yon bon objektif nan lavi a, e lavi m gen plis sans.” — Elena.

“M te vin viv pi byen. Kounye a, m travay mwens e m pase plis tan avèk fanmi m.” — Andrew.

Gen anpil lòt moun ki fè eksperyans konsa. Anpil moun nan monn nan jwenn yon pakèt bèl konsèy nan Bib la ki ede yo nan tout domèn nan lavi yo.

Ann gade ki jan Labib ka ede moun viv pi byen nan kesyon...

  • Sante

  • Santiman

  • Fanmi ak zanmi

  • Lajan

  • Relasyon ak Bondye

Nan atik ki vin apre yo, nou pral wè Bib la pa sèlman yon liv Bondye ban nou, men tou, li kapab ede nou nan lavi nou chak jou.