Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

WOUT KÈ KONTAN AN

Fason pou w jwenn li

Fason pou w jwenn li

ÈSKE W T AP DI OU SE YON MOUN KI GEN KÈ KONTAN? Si w reponn wi, ki sa k fè w gen kè kontan? Fanmi w, travay ou, relijyon w? Petèt, gen bagay ou swaf rive pou w ka gen kè kontan, pa egzanp, fini lekòl, gen yon bon travay oswa achte yon machin tounèf.

Gen anpil moun ki santi yo gen kè kontan lè yo reyalize yon objektif oswa yo jwenn yon bagay yo te vle. Men, pou konbyen tan yo gen kè kontan sa a? Byen souvan, se jis pou yon ti tan e sa konn fè yo mal anpil lè yo wè yo pa jwenn sa yo te panse y ap jwenn nan.

Yo fè konnen kè kontan se yon sansasyon yon moun genyen ki fè l santi l byen pa anndan akoz yon sitiyasyon, oswa akoz li satisfè ak lavi l, se yon santiman ki vin pi fò chak jou jiskaske moun nan vin gen yon gwo kè kontan ki ba l anvi viv e li swete sa toujou ret konsa.

Etandone kè kontan se yon santiman ki pa la pou yon ti tan sèlman, li pa depann sou sa yon moun rive genyen nan lavi a, men pito sou fason li mennen lavi l. Lè yon moun di “m ap kontan lè...”, sa montre l pa gen kè kontan e l ap planifye pou genyen l alavni.

Ann konpare kè kontan ak lasante. Ki sa n fè pou n ret an sante? Nou veye sou manje n ap manje, nou fè egzèsis e nou veye tou sou fason nou mennen vi nou an jeneral. Menm jan an tou, n ap rive jwenn kè kontan lè nou viv ann amoni ak yon seri bonjan prensip.

Ki prensip oswa ki kalite k ap ede nou jwenn wout kè kontan an? Se vre gen kèk prensip ak kalite ki pi enpòtan pase lòt, men, sa ki vin annapre yo vrèman enpòtan:

  • APRANN KONTANTE EPI RENMEN BAY

  • SANTE FIZIK AK APRANN ADAPTE

  • LANMOU

  • PADONE

  • YON OBJEKTIF NAN LAVI A

  • ESPWA

Men sa yon liv anpil moun respekte di: “Byennere moun ki san repwòch nan fason y ap viv.” (Sòm 119:1). Kounye a, ann egzamine sa k ap ede nou gen kè kontan.