Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

Mwen kite Jewova dirije lavi m

Mwen kite Jewova dirije lavi m

LÈ M te nan adolesans mwen, m te chwazi suiv wout pa m, mwen te vle fè karyè nan yon bagay mwen te renmen anpil. Men, Jewova te fè m chwazi yon lòt wout, se kòmsi l te di m: “M ap fè w gen bon konprann e m ap fè w konnen ki chemen pou w pran.” (Sòm 32:8). Piske m te kite Jewova dirije m, mwen te itilize lavi m nan sèvis li, e sa te fè m jwenn anpil bèl posiblite ak anpil benediksyon, sa gen ladan l 52 an mwen te fè ap sèvi ann Afrik.

MWEN TE KITE ANGLETÈ POU M AL ANN AFRIK

Mwen fèt an 1935 nan Dalastonn, yon kote nan peyi Angletè ki gen anpil izin ak faktori. Lè m te gen anviwon katran, paran m te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo. E byen bonè nan adolesans mwen, mwen te vin gen konviksyon se laverite e m te batize an 1952, lè sa a m te gen 16 an.

Apeprè nan menm epòk la, mwen te kòmanse fè staj nan yon gwo faktori ki fè zouti pou moun sèvi e ki fè pyès pou motè machin. Mwen te vin jwenn fòmasyon pou m gen yon bèl djòb nan yon konpayi. Mwen te renmen travay sa a anpil.

Mwen te bezwen pran yon desizyon enpòtan lè yon siveyan sikonskripsyon te mande m kondui etid biblik kongregasyon an ki te konn fèt lasemèn nan kongregasyon m nan Wilennhal. Men, sa pa t fasil. Lè sa a, mwen te konn asiste reyinyon nan de kongregasyon. Lasemèn, mwen te konn asiste reyinyon nan kongregasyon ki toupre travay mwen an nan Bwonsgwov, nan yon distans anviwon 32 kilomèt parapò ak kote m te rete a. E nan fen semèn nan, lè m te retounen lakay paran m, mwen te konn asiste reyinyon Wilennhal.

Piske m te vle soutni òganizasyon Jewova a, mwen te aksepte envitasyon siveyan sikonskripsyon an te fè m nan, byenke sa te mande pou m te kite staj mwen t ap fè a m te renmen anpil. Mwen pa janm regrèt desizyon m te pran pou m kite Jewova dirije m paske mwen jwenn anpil satisfaksyon nan lavi m.

Pandan m t ap asiste reyinyon nan kongregasyon Bwonsgwov, mwen te rankontre yon bèl sè ki rele Anne, ki renmen Jewova anpil. Nou te marye an 1957, e nou toule de te gen privilèj pou n sèvi antanke pyonye pèmanan, pyonye espesyal, nan sèvis sikonskripsyon, ak nan Betèl. Anne fè m gen anpil kè kontan nan lavi m.

An 1966, se pa ti kontan nou te kontan fè pati 42yèm klas Lekòl Galaad! Yo te voye n al sèvi nan peyi Malawi, yon zòn ann Afrik kote moun yo gen bon kè, yo janti e yo renmen akeyi moun. Nou pa t janm panse nou pa t ap fè anpil tan la.

LÈ BAGAY YO TE VIN DIFISIL ANPIL NAN PEYI MALAWI

Djip nou te konn itilize nan sèvis sikonskripsyon an nan peyi Malawi.

Nou te rive nan peyi Malawi 1ye fevriye 1967. Premye mwa a, nou te pase pifò tan nou ap aprann lang nan, e apre sa, nou te kòmanse nan travay distri a. Nou te gen yon djip kèk moun te panse ki te kapab pase tout kote, yo te panse li te ka menm travèse gwo rivyè. Men, se pa t vre paske se kèk pas dlo sèlman nou te ka travèse avè l. Pafwa, nou te konn rete nan kay tè ki kouvri ak pay e yo te konn met prela sou tèt kay yo nan sezon lapli. Se konsa nou te kòmanse sèvis nou antanke misyonè, men, nou te renmen l!

Nan mwa avril, mwen te aprann gouvènman an pral ban nou pwoblèm. Mwen te tande yon diskou prezidan Malawi a, doktè Hastings Banda, te bay nan radyo. Li te fè konnen Temwen Jewova yo pa peye taks e y ap bay gouvènman an pwoblèm. Nòmalman, sa l te di sou nou yo se pa t vre. Nou tout te konnen vrè rezon an se paske nou pa t mele nan politik, e sitou paske nou pa t vle achte kat pati politik la.

Nan mwa septanm, nou te li nan jounal prezidan an te akize frè yo kòm moun k ap simen latwoublay tout kote. Nan yon reyinyon politik ki t ap fèt, li te fè konnen gouvènman l lan t ap pran yon desizyon byen vit pou l entèdi Temwen Jewova yo nan peyi a. Entèdiksyon an te kòmanse 20 oktòb 1967. Yon ti tan annapre, lapolis ak imigrasyon te debake nan biwo filyal la pou yo te fèmen l e yo te fè misyonè yo kite peyi a.

Lè yo te arete nou e yo te fè n kite peyi Malawi an 1967 ansanm ak de lòt misyonè, Jack ak Linda Johansson.

Apre nou te fin fè twa jou nan prizon, yo te depòte nou sou zile Moris, yon peyi ki anba kontwòl Grann Bretay. Men, otorite nan zile Moris yo pa t pèmèt nou rete antanke misyonè. Donk, òganizasyon an te voye nou al sèvi nan Wodezi (kounye a li rele Zimbabwe). Lè n te rive, te gen yon ajan imigrasyon ki pa t byen akeyi nou menm. Li te refize kite n antre nan peyi a. Men sa l te di: “Yo mete n deyò Malawi. Yo pa kite n rete nan zile Moris, e kounye a nou vin isit la paske sa ap bon pou nou.” Anne te tonbe kriye. Sanble okenn moun pa t vle resevwa nou! Lè sa a, mwen te anvi bay vag epi annik retounen lakay mwen ann Angletè. Finalman, otorite imigrasyon yo te kite nou pase nuit la nan filyal la, akondisyon nou retounen kote yo demen. Nou te fatige anpil, men nou te kontinye kite tout bagay nan men Jewova. Nan demen aprèmidi, sanzatann, nou te vin jwenn pèmisyon pou n rete nan peyi Zimbabwe kòm touris. Mwen pap janm bliye jan m te santi m jou sa a. Mwen te gen konviksyon Jewova t ap dirije lavi nou.

YON NOUVO ASIYASYON: N AP SÈVI MALAWI DETAN NOU ZIMBABWE

Mwen menm ak Anne nan Betèl Zimbabwe, an 1968.

Nan biwo filyal Zimbabwe a, mwen te travay nan Depatman sèvis, mwen t ap ede peyi Malawi ak Mozanbik. Frè ak sè nan peyi Malawi yo te jwenn gwo pèsekisyon. Yon pati nan travay mwen se te tradui rapò siveyan sikonskripsyon Malawi yo te konn voye. Yon jou swa, pandan m te ret byen ta ap fin fè yon rapò, mwen te kriye lè m te wè jan yo t ap maltrete frè m ak sè m yo *. Men, sa te ankouraje m anpil tou pou m wè jan yo fidèl, jan yo gen lafwa ak andirans. — 2 Kor. 6:4, 5.

Nou te fè tout sa n kapab pou n asire n frè ak sè ki te rete Malawi yo ak frè ak sè ki te kouri al Mozanbik pou yo te ka chape anba vyolans ki te genyen an jwenn piblikasyon ki baze sou Bib la. Yo te transfere ekip tradiksyon lang chichewa a, ki se lang pifò moun Malawi pale, nan peyi Zimbabwe, sou yon gwo teren yon frè te genyen. Frè a te kontan konstwi kay ak yon biwo pou yo. Se la yo te kontinye fè travay enpòtan yo t ap fè a, anpalan de tradiksyon piblikasyon ki baze sou Bib la.

Nou te pran dispozisyon pou siveyan sikonskripsyon nan peyi Malawi yo vin asiste kongrè distri chak ane ki te konn fèt nan lang chichewa nan peyi Zimbabwe. Lè yo te rive, yo te konn ba yo plan diskou kongrè yo. Lè yo te retounen Malawi, yo te konn fè sa yo kapab pou yo pataje sa yo te aprann yo ak frè yo. Yon ane pandan siveyan sikonskripsyon sa yo ki gen anpil kouraj te vin Zimbabwe, nou te rive òganize yon Lekòl ministè Wayòm pou yo pou n te ankouraje yo.

Mwen menm k ap bay yon diskou nan lang chichewa nan yon asanble chichewa/chona nan peyi Zimbabwe.

An fevriye 1975, mwen t al vizite Temwen Jewova peyi Malawi ki te nan kan refijye nan peyi Mozanbik. Frè sa yo te kontinye suiv enstriksyon òganizasyon Jewova a, san wete nouvo dispozisyon òganizasyon an te pran pou vin gen yon gwoup ansyen. Frè ki te fèk ansyen yo te òganize anpil aktivite espirityèl, tankou bay diskou piblik, fè tèks pou jounen an, kondui etid Toudegad, e menm fè asanble. Yo te òganize kan yo tankou lè y ap fè kongrè. Te gen depatman pou netwayaj, depatman pou bay manje ak depatman ki te responsab sekirite. Grasa benediksyon Jewova, frè fidèl sa yo te rive reyalize anpil bagay, e sa te ankouraje m anpil.

Nan fen ane 1970 yo, se biwo filyal Zanbi a ki te responsab pou ede frè Malawi yo. Malgre sa, mwen te kontinye panse ak frè Malawi yo e mwen pa t sispann priye pou yo, e anpil lòt frè te konn fè menm jan an tou. Antanke manm Komite filyal peyi Zimbabwe, pandan plizyè fwa, mwen te konn rankontre reprezantan syèj mondyal yo ansanm ak frè ki te responsab travay la nan peyi Malawi, Afrik disid ak Zanbi. Chak fwa, mwen te konn poze menm kesyon an: “Ki bagay ankò nou kapab fè pou frè nan peyi Malawi yo?”

Tank tan t ap pase, te vin gen mwens pèsekisyon. Frè ki te kouri kite peyi Malawi yo te kòmanse retounen nan peyi a, epitou, lòt frè ki te ret nan peyi a te vin jwenn mwens pèsekisyon tikras pa tikras. Peyi ozalantou yo te kòmanse bay Temwen Jewova yo otorizasyon pou yo fè aktivite yo e yo te leve entèdiksyon yo te mete sou yo a. Peyi Mozanbik te fè menm jan an an 1991. Men, nou t ap mande tèt nou: ‘Ki lè Temwen Jewova nan peyi Malawi yo ap lib pou yo fè aktivite yo?’

NOU RETOUNEN MALAWI

Finalman, sitiyasyon politik lan te vin chanje nan peyi Malawi, e an 1993, gouvènman an te leve entèdiksyon li te mete sou Temwen Jewova yo. Yon ti tan annapre, mwen t ap pale ak yon misyonè e li te mande m: “Èske w ap tounen Malawi?” Mwen te gen 59 an lè sa a. Donk, mwen te reponn li: “Non, mwen twò granmoun!” Sepandan, menm jou a, nou te resevwa yon mesaj Kolèj santral la te voye pou mande nou si n ta renmen tounen nan peyi Malawi.

Nou te renmen asiyasyon nou nan peyi Zimbabwe, donk, li te vrèman difisil pou n pran yon desizyon. Nou te santi nou lakay nou e nou te gentan gen anpil bon zanmi. Kolèj santral la te gen konsiderasyon pou nou, yo te di se si n vle nou ka retounen Malawi. Donk, nou te ka annik chwazi ret Zimbabwe. Men, mwen sonje mwen t ap panse ak Abraram ak Sara ki te kite bèl kay yo, aktout yo te fin granmoun, paske yo te vle fè sa Jewova mande yo. — Jen. 12:1-5.

Nou te deside fè sa òganizasyon Jewova a te di nou fè. Donk, nou te retounen nan peyi Malawi 1ye fevriye 1995, egzakteman 28 an apre nou te fèk fin rive nan peyi a. Te vin gen yon Komite filyal ki te fòme, li te gen mwen menm ak de lòt frè ladan l, e byen vit nou te kòmanse travay pou n met aktivite Temwen Jewova yo sou pye ankò nan peyi a.

SE JEWOVA KI FÈ GEN PWOGRÈ

Nou te vrèman kontan wè jan Jewova te fè gen anpil pwogrè byen vit! Kantite pwoklamatè yo te ogmante, soti anviwon 30 000 an 1993 pou rive plis pase 42 000 an 1998 *. Kolèj santral la te apwouve plan pou yo konstwi yon nouvo biwo filyal poutèt gwo akwasman ki te vin genyen an. Nou te achte anviwon 10 kawo tè nan Lilongwe, e mwen se youn nan moun ki te nan komite konstriksyon an.

Se frè Guy Pierce, youn nan manm Kolèj santral la, ki te bay diskou inogirasyon pou nouvo bilding yo an me 2001. Te gen plis pase de mil Temwen Jewova nan Malawi ki te asiste, e pifò nan yo te gen plis pase 40 an depi yo batize. Pandan plizyè ane, frè ak sè fidèl sa yo te jwenn gwo pèsekisyon lè yo te met entèdiksyon sou travay la. Yo pa t gen anpil lajan, men, yo te gen anpil lafwa, e yo te gen yon relasyon solid ak Jewova. Kounye a, se pa ti kontan yo te kontan vizite nouvo Betèl yo a. Tout kote yo te pase nan Betèl la, nou te tande yo k ap chante kantik Wayòm yo nan stil afriken, e se te premye fwa mwen te viv yon bagay konsa. Frè ak sè sa yo se bonjan prèv ki montre Jewova vide benediksyon l sou moun ki ret fidèl lè yo nan eprèv.

Lè yo te fin konstwi filyal la nèt, mwen te kontan anpil lè m te kòmanse resevwa envitasyon pou m fè diskou pou inogire Sal Wayòm. Kongregasyon nan peyi Malawi te benefisye pwogram pou konstwi Sal Wayòm rapid nan peyi ki pa gen gwo mwayen yo. Anvan sa, gen kèk kongregasyon ki te konn fè reyinyon anba tonèl ki fèt ak bwa ekaliptis. Yo te konn kouvri yo ak pay, e yo te konn fè yon seri ban byen long ak tè pou yo chita. Annapre, frè yo te kontan kuit brik yo te fè e yo te itilize yo pou yo bati yon seri bèl kote pou yo reyini. Men, yo te pito gen ban olye yo gen chèz, paske jan pwovèb la di: Ban toujou gen plas!

Epitou, mwen te vrèman kontan wè jan Jewova t ap ede frè ak sè yo vin gen plis matirite antanke kretyen. Mwen te sezi wè jan yon seri jèn frè afriken te dispoze ofri tèt yo kòm volontè e jan yo te vin gen anpil eksperyans byen vit grasa fòmasyon yo te jwenn pa mwayen òganizasyon Jewova a e grasa travay yo t ap fè yo! Konsa, yo te vin gen plis responsablite nan Betèl la ak nan kongregasyon yo. Nouvo siveyan sikonskripsyon ki te vin genyen yo te ede kongregasyon yo vin pi djanm, e anpil nan siveyan sa yo te marye. Mari ak madanm sa yo te chwazi pa fè pitit nan sistèm sa a pou yo te kapab fè plis nan travay Jewova a, menmsi pifò moun, san wete fanmi yo, te vle yo fè pitit.

MWEN PA REGRÈT DESIZYON M TE PRAN YO

Mwen menm ak Anne nan Betèl Grann Bretay.

Apre m te fin fè 52 an ann Afrik, mwen te kòmanse gen kèk pwoblèm sante. Komite filyal la te pwopoze pou m al sèvi Grann Bretay e Kolèj santral la te dakò. Nou te vrèman tris lè n te kite travay nou nou te renmen anpil. Men, fanmi Betèl Grann Bretay la byen pran swen nou nan vyeyès nou.

Mwen gen konviksyon lefètke m te kite Jewova dirije lavi m se pi bon desizyon m te ka pran. Si m te konte sou entèlijans mwen, mwen pa konn ki kote karyè m t ap chwazi fè nan monn nan t ap mennen m. Jewova te toujou konnen sa m te bezwen pou tout bagay te ka “mache byen nan lavi” m (Pwo. 3:5, 6). Lè m te jèn gason, mwen te vrèman kontan aprann fason yon gwo konpayi fonksyone. Sepandan, grasa òganizasyon Jewova a, mwen te vin gen yon karyè ki te ban m plis satisfaksyon toujou. Sèvi Jewova te bay lavi m anpil sans, e jis kounye a li bay lavi m anpil sans!

^ N ap jwenn istwa Temwen Jewova nan Malawi yo nan Liv aktivite Temwen Jewova yo — 1999, paj 148-223 (fransè).

^ Kounye a, gen plis pase 100 000 pwoklamatè nan peyi Malawi.