Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lè w pa anvi viv ankò

Lè w pa anvi viv ankò

Men sa Adriana, ki soti nan peyi Brezil, di: “Mwen te tèlman pa t ka sispann santi m jan m santi m nan, finalman, mwen te vin panse l ap pi bon pou m touye tèt mwen.”

ÈSKE sa deja rive ou santi w tèlman ap soufri ou pa anvi viv ankò? Si sa rive w deja, ou konprann jan Adriana te santi l. Adriana soufri fòm depresyon ki pi grav la, sa ki fè l toujou ap enkyete l depase limit, li santi l sanzespwa e li tris toutan.

Ann fè yon ti pale tou de Kaoru, yon Japonè, k ap pran swen paran l yo ki granmoun e ki malad. Men sa l di: “Nan menm peryòd la, mwen te gen anpil presyon nan travay mwen. Rive yon lè, mwen te pèdi apeti, e se apèn si m te ka dòmi. Mwen te vin panse pwoblèm mwen yo t ap disparèt si m te annik mouri.”

Ojebode se yon mesye ki moun Nijerya. Men sa l fè konnen: “Mwen tèlman te konn tris toutan, mwen te konn menm kriye. Se sa k fè, mwen te chèche jwenn yon mwayen pou m touye tèt mwen.” Erezman, ni Ojebode, ni Kaoru ak Adriana pa t touye tèt yo. Sepandan, se chak ane gen plizyè santèn milye moun ki fè sa.

KI KOTE W KAPAB JWENN ÈD?

Se gason yo sitou ki plis touye tèt yo, paske anpil nan yo konn santi yo wont mande èd. Jezi te di se moun ki malad ki bezwen doktè (Lik 5:31). Donk, si w santi w pa kapab ankò e w anvi touye tèt ou, tanpri, pa wont chèche èd. Doktè konn ede anpil nan moun ki soufri depresyon yo. Ojebode, Kaoru ak Adriana te chèche èd nan men doktè, e yo santi yo byen kounye a.

Doktè ka preskri w medikaman oswa kèk tretman k ap mande pou yo fè ti pale avè w, oubyen tou yo ka fè toule de bagay sa yo pou yo ede w soti anba depresyon an. Moun ki soufri depresyon bezwen fanmi yo ak zanmi yo konprann yo, pran pasyans avè yo, pran ka yo epi ba yo bonjan sipò. Jewova Dye se pi bon zanmi yon moun ka genyen. Li vrèman ede nou pa mwayen Labib, Pawòl li a.

ÈSKE GEN YON SOLISYON K AP DIRE NÈTALE?

Souvan, moun ki soufri depresyon konn bezwen suiv tretman doktè pandan yon bon tan e yo oblije aprann fè chanjman nan fason yo viv pou yo ka kenbe tèt ak maladi a. Men si w fè depresyon, ou gendwa vrèman swaf pou w wè jan lavni pral bèl, menm jan ak Ojebode. Men sa l di: “Se pa ti anvi mwen anvi viv pwomès ki nan Ezayi 33:24 la! Li fè konnen, gen yon jou k ap vini kote pa gen okenn moun sou tè a k ap di ‘Mwen malad.’” Menm jan ak Ojebode, pran kouraj nan pwomès Bondye fè nou pou n viv sou “yon tè tounèf” kote pap gen “doulè” ankò (Revelasyon 21:1, 4). Pwomès sa a fè n konprann tou Bondye pral met fen nan tout sa ki konn fè n soufri, ki boulvèse lespri nou e ki ban nou tètchaje. Donk, ou pap janm gen santiman ki pou boulvèse w ankò. Santiman w genyen k ap fè w soufri yo pap janm “vin nan lespri [w], e [w] pap gen bagay konsa nan kè [w]” ankò. — Ezayi 65:17.