Al gade sa k anndan l

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Selon kòmandman ki nan Bib la konsènan bon fason pou moun sèvi ak san, ki jan Temwen Jewova yo konsidere tretman medikal kote yo sèvi ak san pa yo?

Lè yon kretyen ap pran yon desizyon nan domèn sa a, li pap fè sa sou baz preferans pèsonèl li, ni sou sa doktè di l fè. Men, l ap byen egzamine sa Bib la di sou sa, paske se yon bagay ki gen rapò ak relasyon l ak Jewova.

Se Jewova ki ban nou lavi, e se li ki di pou nou pa manje san (Jenèz 9:3, 4). Nan Lwa Bondye te bay Izrayèl tan lontan an, li te bay règ sou fason pou yo sèvi ak san paske san reprezante lavi. Men sa l te di: “Lavi se nan san an li ye, e mwen ban nou l pou nou ka jwenn padon sou lotèl la pou tèt nou.” Ki sa yon moun te dwe fè si l te touye yon bèt pou l manje? Men sa Bondye di: “Li dwe vide san bèt la atè e li dwe kouvri san an ak tè. *” (Levitik 17:11, 13). Jewova te rebay lòd sa a plizyè fwa ankò (Detewonòm 12:16, 24; 15:23). Men sa nou jwenn nan yon ouvraj juif ki rele Soncino Chumash: “Yo pa t dwe stoke san an, men yo te dwe vide l atè yon fason pou moun pa t ka manje l.” Okenn Izrayelit pa t gen dwa posede san yon lòt kreyati, ni stoke l ni sèvi avè l, paske lavi kreyati sa a se pou Bondye l ye.

Lè Mesi a te mouri, moun pa t gen pou yo kontinye suiv Lwa Moyiz la ankò. Men, Bondye toujou konsidere san kòm yon bagay ki sakre. Lespri sen Bondye te pouse apot yo fè kretyen yo konnen yo dwe ‘evite san’. Lòd sa a te trèzenpòtan. Li te gen menm enpòtans ak evite imoralite seksyèl oswa idolatri (Travay 15:28, 29; 21:25). Nan 20yèm syèk la, lè bay san ak pran san te vin kouran, Temwen Jewova yo te konprann pratik sa yo kontrè ak Pawòl Bondye a *.

Kèk fwa, gen doktè ki konn mande pasyan yo pou yo bay pwòp san pa yo kèk semèn anvan yo fè yon operasyon. Donk, si sa nesesè doktè a ka bay pasyan an pwòp san pa l li te stoke davans. Men, lè yo pran san konsa, yo stoke l yon kote e yo rebay moun nan li, sa kontrè ak sa k di nan Levitik ak nan Detewonòm. Yo pa dwe stoke san, yo dwe vide l atè, sa vle di nan yon sans yo dwe remèt Bondye l. Se vre, nou pa obeyi Lwa Moyiz la jodi a. Men, Temwen Jewova yo suiv prensip ki gen nan lwa sa a, e yo pran detèminasyon pou yo ‘evite san’. Kidonk, nou pa ni bay san, ni fè stoke l pou yo reban nou l, paske yo dwe ‘vide l atè’ nan yon sans. Pratik sa yo kontrè ak lwa Bondye.

Gen lòt teknik medikal oswa tès yo fè kote yo sèvi ak pwòp san moun nan ki pa vrèman an kontradiksyon ak prensip Bondye bay yo. Pa egzanp, gen anpil kretyen ki te aksepte pou yo retire yon pati nan san yo pou fè tès oswa analiz, e apre sa, yo jete san sa a. Doktè yo konn pwopoze lòt teknik medikal ki pi konplike kote yo sèvi ak san moun nan tou.

Pa egzanp, gen yon teknik medikal yo rele emodilisyon. Nan teknik sa a, pandan kèk operasyon, yo konn fè yon pati nan san yon moun soti nan kò l. Apre sa, yo mete yon likid nan kò moun nan pou deleye rès san ki rete a. Annapre, yo fè san sa a ki te pase yon kote ki pa nan kò moun nan retounen nan kò l, yon fason pou to san moun nan retounen nòmal ankò. Konsa tou, yo konn pran san k ap sot nan yon blese nan kò pasyan an, yo filtre l yon fason pou yo ka remete globil wouj yo nan kò moun nan ankò. Yo rele metòd sa a “rekiperasyon san”. Gen lòt metòd doktè yo konn suiv kote yo fè san moun nan pase nan yon aparèy ki jwe wòl youn nan ògàn ki nan kò moun nan (tankou kè, poumon oswa ren) pandan yon moman. Epi lè san an sot nan aparèy la li retounen nan kò moun nan. Nan kèk lòt ka, yo konn fè san moun nan pase nan yon aparèy ki jwe wòl separatè yon fason pou yo ka retire sa k pa bon nan san an. Pafwa tou, yo konn fè sa pou yo retire yon pati nan san an pou y al mete l yon lòt kote sou kò moun nan. Gen tès yo konn fè tou kote yo pran yon kantite san nan kò moun nan, yo mete yon bagay ladan l pou yo ka make l oswa yo melanje l ak yon medikaman, epi apre sa yo remete l nan kò moun nan.

Yo ka pa toujou suiv metòd sa yo menm jan, e kapab vin gen nouvo metòd, tretman oswa tès. Se pa wòl nou pou n analize chak detay e pou n di moun ki desizyon pou yo pran. Se chak kretyen ki dwe deside ki jan l ap aksepte pou yo sèvi ak san l pandan yon operasyon, yon tès oswa yon tretman. Li dwe mande doktè a oswa teknisyen an enfòmasyon alavans sou sa yo ka fè ak san l pandan operasyon an, tès la oswa tretman an. Apre sa, li dwe pran yon desizyon selon konsyans li. (Gade kare a.)

Kretyen yo dwe sonje ve yo te fè bay Bondye a ak obligasyon yo genyen pou yo ‘renmen l ak tout kè yo, ak tout nanm yo, ak tout fòs yo e ak tout lespri yo’. (Lik 10:27.) Kontrèman ak pifò moun nan monn nan, Temwen Jewova yo bay bon relasyon yo gen ak Bondye a anpil valè. Sila ki bay lavi a ankouraje tout moun pou yo mete konfyans yo nan san Jezi ki koule a. Men sa Bib la di: “Piske Pitit li a [Jezi Kris] te peye ranson an, nou libere grasa san li, wi, nou jwenn padon pou fot nou yo.” — Efezyen 1:7.

[Footnotes]

^ Men sa pwofesè Frank H. Gorman ekri: “Vide yo te vide san an atè a se plis yon fason pou montre respè pou lavi bèt la, e anmenmtan respè pou Bondye ki te bay lavi sa a e ki kontinye pran swen l.”

^ Toudegad 1ye avril 1952 (fransè) bay repons pou yon seri kesyon enpòtan ki gen rapò ak sijè sa a, pou montre li pa kòrèk pou yon moun pran san yon lòt moun te bay.

[Kare/​Foto]

KESYON POU W POZE TÈT OU

Si y ap fè yon pati nan san m sot nan kò m, e li menm posib pou san sa a sispann sikile pou yon ti tan, èske konsyans mwen ap pèmèt mwen toujou konsidere san sa a kòm yon pati nan mwen, sa ki fè yo pa oblije ‘vide l atè’?

Èske konsyans mwen ki fòme grasa Labib t ap twouble si pandan yon tretman medikal yo ta retire yon pati nan san m, yo ta melanje l ak yon medikaman e yo ta fè l retounen nan kò m oswa yo ta mete l sou kò m?