Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske mò yo kapab ede moun ki vivan yo?

Èske mò yo kapab ede moun ki vivan yo?

Èske mò yo kapab ede moun ki vivan yo?

TAMBA, yon jenòm k ap viv ann Afrik de Lwès, te gen pou l konpoze nan lekòl li *. Manman l te ensiste pou l chèche èd nan men fanmi l ki mouri yo pou l te ka reyisi nan egzamen an. Nan vil Palèm, nan zile Sisil, gen touris ki konn al vizite yon seri tonm kote gen plizyè santèn kadav ki byen konsève moun kapab wè. Gen moun ki panse kadav sa yo ede moun jwenn pwoteksyon nan men Bondye. Chak ane, gen moun k al vizite yon vil yo rele Lily Dale nan pati wès eta Nouyòk, Ozetazini. Vil sa a se yon vil moun konnen kòm yon vil ki gen anpil medyòm ladan l, sa vle di moun ki ka pèmèt lòt moun antre an kontak ak monn envizib la. Moun al vizite vil sa a nan entansyon pou yo pale ak fanmi yo oswa ak zanmi yo ki mouri, yon fason pou yo jwenn èd nan men yo.

Sou tout tè a, moun yo kontinye kwè mò yo kapab ede moun ki vivan yo. E ou menm, ki sa w panse? Petèt gen moun ki te aprann ou sa oubyen gen moun ou gen relasyon sere sere ak yo ki gen kwayans sa a. Se yon bagay ki toutafè nòmal pou yon moun anvi wè fanmi l oswa zanmi l ki mouri. Medyòm yo pwomèt pou yo fè moun kominike ak moun pa yo ki mouri. Nan yon jounal (Time), men sa yo di yon medyòm te di konsènan monn envizib la: “[Moun ki nan monn envizib la] toujou la pou yo ede nou depi nou mande yo sa.” Èske se vre? Èske mò yo kapab ede moun ki vivan yo toutbon? Bib la bay yon repons klè sou sa, e repons sa a ka etone w.

Èske mò yo ap viv yon kote?

Bib la esplike nan ki kondisyon mò yo ye yon fason ki senp e ki fasil pou moun konprann. Remake sa Eklezyas 9:5 di: “Moun vivan yo konnen yo gen pou yo mouri. Men moun mouri yo pa konn anyen.” Èske li posib pou mò yo gen santiman? Men sa vèsè 6 la di: “Tout santiman yo te gen nan kè yo pou moun yo te renmen, pou moun yo te rayi, pou bagay yo te anvi, tou sa disparèt avèk yo. Yo p’ap janm patisipe nan anyen k’ap fèt sou latè ankò.” Gade sa vèsè 10 la di: “Nan peyi kote mò yo ye a, nanpwen travay pou ou fè, pa gen lide ki pou mache nan tèt ou, pa gen konesans, pa gen bon konprann.” Mo lè yo tradui l ki bay “peyi kote mò yo ye a” se cheyòl, yon mo ebre, e li siyifi tonm ki la pou tout moun nan. Yon bagay ki enteresan, sèke nan Ekriti yo, lè y ap pale de kote Jezi te ye pandan yon tan lè l te mouri a, yo itilize yon mo grèk, “adès”, ki koresponn ak mo ebre a. —Travay 2:31.

Jezi te ede anpil moun pandan li te vivan, men li te konnen fòk li mouri. Èske li te panse li t ap kapab kontinye ede moun pandan li te nan tonm kote yo te antere l la? Non. Li te konpare lanmò li ak lannuit, yon moman kote moun pa ka travay ditou (Jan 9:4). Jezi te konnen byen lè yon moun mouri, li “san fòs nan lanmò”. —Izayi 26:14, NW.

Jezi te sèvi tou ak yon konparezon ki bay menm ide a konsènan lanmò. Lè Laza, zanmi l lan, te mouri, li te konpare lanmò ak lè yon moun ap dòmi (Jan 11:11-13). Nou pa atann pou yon moun k ap dòmi ede nou, pa vre? Li pa konn anyen, li pa kapab ede pèsonn.

Èske lè yon moun mouri, nanm li pa mouri?

Yo anseye anpil moun pou yo kwè nanm nan se yon pati envizib nan yon moun ki pa mouri lè moun nan mouri. Sepandan, se pa sa Labib anseye. Liv Jenèz la, premye liv nan Bib la, montre nou ki sa nanm nan ye. Nan Jenèz 2:7, lè Bondye te fin kreye premye òm nan, Bib la di lè sa a “lòm nan [te] vin yon nanm vivan” ​(NW). Se moun nan ann antye ki nanm nan, se pa yon pati envizib ki anndan l. Bèt yo se nanm yo ye tou (Jenèz 1:20-25). Donk, lojikman, lè yon moun oswa yon bèt mouri, se yon nanm ki mouri. Se sa Bib la di. —Ezekyèl 18:4.

Sepandan, gen moun ki gendwa di tèt yo: ‘Ki sa pou m konprann nan tout istwa moun konn tande konsènan moun ki pale ak mò, moun ki tande vwa mò yo e ki menm wè yo?’ Moun rakonte istwa sa yo anpil kote nan monn nan. Yo fè moun ki nan tristès, paske yo te pèdi fanmi yo oswa bon zanmi yo, gen espwa yo kapab pale ak yo. Sa konn fè moun sa yo chèche pran kontak ak medyòm yo ki fè konprann yo kapab pale ak mò yo.

Èske istwa sa yo vrè? Si yo te vrè, èske sa pa t ap an kontradiksyon ak pawòl nou te site pi wo yo ki nan Bib la? Kris Jezi te di Pawòl Bondye a se laverite (Jan 17:17). Laverite pa gen manti ladan l. An reyalite, byenke gen moun ki pretann mò yo kapab ede moun ki vivan yo, Labib montre nou aklè ki pwennvi nou dwe genyen sou kesyon sa a. Li pale de yon moun ki te eseye chèche èd nan men yon moun ki te mouri. Lè nou byen egzamine pasaj sa a nan Bib la, n ap rive wè laverite.

Yon wa k al chèche èd nan men yon moun ki mouri

Nou nan nò peyi Izrayèl, nan yon savann kote yon konba t apral fèt. Wa Sayil ansanm ak lame l la anfas lame filisten an, yon lame ki te fè l pè. Lè Sayil wè lame filisten an, “kè l pran bat byen fò”. Nan epòk sa a, wa Sayil te gentan abandone vrè adorasyon an. Se sa k fè, byenke li t ap priye Jewova, Jewova pa t ede l. Nan men ki moun Sayil t apral chèche èd? Samyèl, pwofèt Bondye a, te gentan mouri. —1 Samyèl 28:3, 5, 6.

Sayil al chèche èd nan men yon medyòm nan vil Andò. Li sipliye manbo a pou l “rele Samyèl” pou li. Manbo a te wè yon fòm tankou Samyèl. Moun nan di l Filisten yo ap genyen batay la e li menm ak pitit gason l yo ap mouri ladan l (1 Samyèl 28:7-19). Èske se Samyèl ki te monte soti anba tè pou l pale ak Sayil toutbonvre?

Fè yon ti reflechi. Bib la di, lè moun mouri, “yo tounen pousyè” e “lamenm, tou sa yo te gen nan tèt yo disparèt”. (Sòm 146:4.) Ni Sayil ni Samyèl te konnen Bondye pa vle sèvitè l yo annafè ak medyòm. Dayè, anvan Sayil t al chèche èd nan men manbo a, li te mennen yon kanpay pou l fè moun sispann pratike espiritis nan peyi a. —Levitik 19:31.

Ann fè yon ti rezònman. Si Samyèl, yon nonm ki te fidèl, te vivan toujou sou fòm yon espri, èske w panse li t ap dakò vyole lwa Bondye lè l sèvi ak yon manbo pou l pale ak Sayil? Jewova te refize pale ak Sayil. Èske yon manbo te kapab fòse Bondye Toupisan an itilize Samyèl ki mouri pou l pale ak Sayil? Non. Donk, li klè, moun sa a se pa t Samyèl, pwofèt fidèl Bondye a. Se te yon demon ki te pretann li se Samyèl.

Demon yo se yon seri zanj ki te rebele kont otorite Bondye byen bonè nan istwa limanite (Jenèz 6:1-4; Jid 6). Yo kapab obsève moun ki vivan yo. Yo konn ki fason chak moun pale, aspè vizaj yo, fòm moun yo ak fason yo aji. Yo detèmine pou yo fè konprann sa Bib la di yo pa vre. Sa pa etonan si Bib la avèti nou pou nou pa pran kontak ak espri mechan sa yo (Detewonòm 18:10-12)! Yo toujou aktif jodi a.

Kounye a, nou kapab konprann poukisa anpil moun di yo konn “tande” moun pa yo ki mouri ap pale oswa yo konn “wè” yo. Byenke vizyon sa yo kapab sanble ede moun, an reyalite, espri mechan yo se chèche y ap chèche twonpe lèzòm * (Efezyen 6:12). Anplis, reflechi sou sa: Jewova se yon Dye ki renmen nou e ki gen sousi pou nou. Si moun ki mouri yo te vivan yon kote e si yo te kapab ede zanmi yo ak fanmi yo, èske Kreyatè nou an ki renmen nou t ap anpeche nou pran kontak ak yo? Èske li t ap di pran kontak ak mò se yon “vye bagay”? Non, asireman li pa t ap di sa (1 Pyè 5:7). Èske gen yon kote ki fyab nou kapab jwenn èd?

Bonjan èd pou moun ki vivan yo e pou mò yo

Dapre sa nou te wè anvan yo, li klè mò yo pa kapab ede moun ki vivan yo. Anplis, li danjere anpil pou yon moun chèche èd nan men mò yo, paske, lè yon moun fè sa, nonsèlman li vyole lwa Bondye, men tou, li mete tèt li nan yon pozisyon kote demon yo kapab vin gen move enfliyans sou li.

Bib la montre nou Moun ki pi byen plase pou l ede nou an, se Jewova, Kreyatè nou an. Li kapab sove nou menm anba lanmò (Sòm 33:19, 20). Jodi a, li dispoze ede nou. Li kapab ban nou yon vrè esperans, kontrèman ak medyòm yo.

Tamba, jenòm nou te mansyone nan kòmansman atik la, te aprann diferans ki genyen ant fo espwa medyòm yo bay la ak laverite Jewova mete nan Bib la pou nou. Gen kèk medyòm ki te di l si l pa fè yon sakrifis pou fanmi l ki te mouri yo, li pa t ap reyisi nan egzamen an. Tamba te deja kòmanse etidye Labib ak Temwen yo. Li te aprann nan ki kondisyon mò yo ye toutbonvre e ki mechan ki kache dèyè espri ki pretann yo se fanmi nou ki mouri yo. Byenke manman Tamba te fè anpil presyon sou li pou l al wè yon medyòm pou ede l, Tamba te refize. Li te di l: “Si m pa reyisi, m a fè plis efò ane pwochèn.”

Ki jan sa te pase? Se Tamba ki te fè pi gwo nòt nan egzamen an. Manman l te sezi wè sa. Sa te fè li sispann kwè nan medyòm yo. Li pa janm pale de fè sakrifis pou fanmi l ki mouri yo ankò. Tamba te aprann Jewova avèti nou pou nou pa “pale ak mò pou moun ki vivan”. (Izayi 8:19, NW.) Etid biblik Tamba t ap fè a te ba l asirans si l pran plezi nan lwa Bondye yo, l ap reyisi nan tout sa l fè. —Sòm 1:1-3.

Men, èske gen espwa pou moun pa nou yo ki mouri? Jewova ede moun ki vivan yo e li pwomèt l ap ede moun ki nan tonm yo. Apre pwofèt Izayi te fin pale de jan mò yo pa gen pouvwa pou yo fè anyen, remake sa li te anonse nan Izayi chapit 26, vèsè 19: “Moun pa ou yo ki te mouri pral leve vivan ankò. [...] Nou menm ki te anba tè, leve non! Chante ak kè kontan.” Apre sa, pwofesi a di “sa ki te mouri” yo gen pou yo vin vivan ankò.

Imajine sa, plizyè milya moun mouri pral gen lavi ankò! An reyalite, Labib di, Jewova “anvi” leve moun ki mouri yo (Jòb 14:14, 15, NW). Èske w twouve li difisil pou w kwè nan pwomès sa yo? Jezi Kris te tèlman kwè nan pwomès rezirèksyon an, li te pale de moun ki mouri yo kòm moun ki deja vivan nan je Bondye. —Lik 20:37, 38.

Èske w pa ta renmen gen esperans sa a tou *? Kontinye fè efò pou w jwenn konesans egzak ki gen nan Bib la. Pandan w ap kontinye etid ou, w ap vin gen asirans Jewova kapab ede ni moun ki vivan yo, ni mò yo, e w ap kapab “kwè” nan pwomès li yo paske “pawòl [li] se pawòl ki vre”. —Revelasyon 21:4, 5.

[Nòt anba paj]

^ § 2 Yo chanje non moun nan.

^ § 18 Pou nou jwenn plis enfòmasyon sou sijè sa a, gade bwochi Les esprits des morts — Peuvent-ils vous aider ou vous nuire? Existent-ils vraiment? Se Temwen Jewova ki pibliye bwochi sa a.

^ § 26 Pou w jwenn plis enfòmasyon sou pwomès rezirèksyon Bib la fè a, gade chapit 7 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

[Antrefilè nan paj 19]

Li toutafè nòmal pou yon moun anvi wè moun pa l ki mouri yo.

[Foto nan paj 20]

Èske se pwofèt Samyèl, ki te deja mouri, ki te pale ak wa Sayil?