Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Labib gen pouvwa pou l chanje lavi moun

Labib gen pouvwa pou l chanje lavi moun

Labib gen pouvwa pou l chanje lavi moun

Poukisa yon nonm ki te santre lavi l sou kouri moto, sou pran dwòg ak sou spò te chwazi vin yon sèvitè aplentan? Ki sa k te pouse yon moun ki te konn viv sou kòb li te konn genyen nan jwèt aza sispann jwe aza pou l travay pou l pran swen fanmi l? Ki sa k te pouse yon jèn dam ki te leve antanke Temwen Jewova, men ki te sispann suiv prensip biblik yo, egzamine fason l t ap viv? Annou wè sa moun sa yo gen pou yo di nou.

ENFÒMASYON SOU MOUN NAN

NON: TERRENCE J. O’BRIEN

LAJ: 57 AN

PEYI KOTE L SOTI: OSTRALI

PWOBLÈM LI TE GENYEN: LI TE KONN PRAN DWÒG, LI TE RENMEN KOURI MOTO

VI MWEN T AP MENNEN ANVAN: Mwen pase anfans mwen nan vil Brisbane, yon vil ki chaje aktivite e ki se kapital peyi Queensland. Fanmi m te katolik, men lè m te gen uit an, nou te sispann al legliz e nou pa t janm pale de relijyon. Lè m te gen dizan, fanmi m t al rete nan yon zòn yo rele Gold Coast nan peyi Ostrali. Nou te rete bò lanmè. Se sa k fè nan premye pati nan adolesans mwen, mwen te pase pifò tan m ap naje e ap fè tout kalite spò yo pratike sou dlo.

Malgre sa, mwen pa t gen yon bèl anfans. Papa m te abandone fanmi an lè m te gen uit an. Manman m te remarye, men lakay nou te gen pwoblèm ak alkòl ak diskisyon toutan. Yon jou swa, apre paran m yo te fin fè yon gwo diskisyon, mwen te chita sou kabann mwen e mwen te fè yon ve. Mwen te di si yon jou mwen ta marye, mwen pap janm fè diskisyon ak madanm mwen. Malgre pwoblèm ki te gen nan fanmi an, sa vle di nou menm sis timoun yo ansanm ak manman m ak bòpè m nan, nou te rete pwòch youn ak lòt.

Nan dènye pati adolesans mwen, anpil jèn ki te gen menm laj avè m te vin rebèl. Yo te lage kò yo nan fimen mariwana, sigarèt ak lòt kalite dwòg e yo te kòmanse ap bwè anpil. Mwen te vin ap mennen menm vi sa a tou. Yon lòt bagay mwen te renmen anpil tou se te kouri moto. Byenke mwen te fè de aksidan grav, mwen te toujou renmen monte moto e mwen te deside vwayaje soti nan yon bout ann Ostrali al nan yon lòt bout sou moto.

Malgre tout libète m te genyen, souvan mwen te deprime lè m t ap reflechi sou pwoblèm limanite yo e sou fason pwoblèm sa yo pa fè pifò moun ni cho ni frèt. Mwen te swaf pou m konnen laverite sou Bondye, sou relijyon e sou rezon ki fè monn nan nan eta l ye a. Mwen te poze de prèt katolik kesyon m te genyen yo, sepandan, mwen te santi repons yo te ban m yo te dekouraje m. Mwen te pale sou kesyon sa yo ak divès kalite minis potestan, men mwen pa t satisfè ditou ak repons yo te ban mwen. Ansuit, yon zanmi m te fè m rankontre ak yon Temwen Jewova ki rele Eddie. Mwen te pale kat fwa ak Eddie. Chak fwa sa yo, li te sèvi ak Labib pou l reponn kesyon m yo. Depi sou premye fwa m te pale avè l la, mwen te santi m jwenn yon bagay espesyal. Sepandan, alepòk, mwen pa t wè li nesesè pou m chanje fason mwen t ap viv la.

FASON LABIB CHANJE LAVI M: Pandan vwayaj mwen te fè Ostrali a, mwen te pale ak yon lòt Temwen mwen te rankontre. Men, lè m te retounen Queensland, mwen te pase simwa san m pa t rankontre Temwen yo.

Apre sa, yon jou, pandan m t ap sot nan travay pou m al lakay mwen, mwen wè de mesye byen abiye ak valiz yo nan men yo ap mache nan lari a. Mwen te sispèk se Temwen Jewova yo ye. Lè m pwoche bò kote yo, mwen te aprann se Temwen Jewova yo ye vre. Mwen te mande yo pou yo etidye Labib avè m. Mwen te kòmanse asiste reyinyon Temwen yo òganize yo tousuit. Mwen te menm asiste yon gwo kongrè yo te fè nan vil Sydney an 1973. Sepandan, lè fanmi m, sitou manman m, te aprann sa, yo pa t kontan ditou. Pou rezon sa a ak lòt rezon ankò, mwen te sispann frekante Temwen yo. Pandan ennan, mwen te lage kò m nan yon lòt bagay, yon spò mwen te renmen anpil: krikèt.

Men, finalman, mwen te reyalize sèl lè m te santi m gen kè kontan, se lè m t ap etidye Labib ak Temwen Jewova yo. Mwen te chèche pran kontak avèk yo ankò, e mwen te kòmanse asiste reyinyon yo. Mwen te sispann frekante zanmi ki te konn pran dwòg yo.

Sa ki te vrèman pouse m fè chanjman sa yo, se sa m te aprann sou Jòb, yon pèsonaj nan Bib la. Bill, yon Temwen aje ki te janti, men ki te fèm, te konn pale avè m sou Labib regilyèman. Apre nou te fin etidye istwa Jòb la, li te mande m kiyès lòt moun Satan akize k ap sèvi Bondye ak de kè (Jòb 2:3-5). Mwen te site tout pèsonaj nan Bib la mwen te konnen. Avèk pasyans, li reponn mwen: “Wi, wi, yo menm tou [Satan akize yo].” Apre sa, li gade m nan je, li di m: “Satan di menm bagay la pou ou tou!” Mwen te sezi anpil. Anvan etid sa a, mwen te konnen doktrin mwen te aprann yo se verite, men se lè sa a, mwen te vin konprann poukisa mwen dwe aji ann amoni ak sa m t ap aprann yo. Kat mwa apre, mwen te batize Temwen Jewova.

BYENFÈ MWEN JWENN: Lè m ap imajine ki jan lavi m t ap ye jodi a si m pa t aprann viv ann amoni ak prensip biblik yo, sa fè m tranble. Sandout mwen t ap gentan mouri. Anpil nan ansyen zanmi m yo mouri nan dwòg ak alkòl. E yo pa t jwenn kè kontan nan maryaj yo. Mwen kapab di siman se menm bagay la ki t ap rive m tou.

Mwen marye kounye a, e mwen menm ak madanm mwen, Margaret, kontan sèvi nan filyal Temwen Jewova ki Ostrali a. Pa gen okenn moun nan fanmi m ki vin sèvi Jewova avè m, men pandan ane ki pase yo, mwen menm ak Margaret te kontan etidye Labib avèk yon kantite moun. Yo chanje lavi yo, menm jan mwen te fè sa. Pandan tan sa a tou, nou fè anpil bon zanmi. Mete sou sa, Margaret, ki te leve Temwen Jewova, ede m kenbe sa m te di sa gen anviwon 40 an an. Nou gen plis pase 25 an depi nou marye e nou gen kè kontan nan maryaj nou. Nou pa toujou dakò sou tout bagay, men jiska prezan nou pa janm fè okenn kont. Nou toule de gen rekonesans pou Labib, nou santi san li sa pa t ap posib.

ENFÒMASYON SOU MOUN NAN

NON: MASAHIRO OKABAYASHI

LAJ: 39 AN

PEYI KOTE L SOTI: JAPON

PWOBLÈM LI TE GENYEN: LI TE YON GWO AZARYEN

VI MWEN T AP MENNEN ANVAN: Mwen leve nan yon ti kote ki rele Iwakura ki a anviwon inèdtan edmi parapò ak vil Nagoya nan tren. Mwen sonje papa m ak manman m se te de bon moun. Men, annapre mwen te vin aprann papa m te yon yakuza, sa vle di yon ganstè. E pandan yon epòk, li te konn fè yon seri zak malonèt pou l te ka jwenn lajan pou l okipe fanmi an ki te gen senk moun ladan l. Chak jou, li te konn bwè anpil. Li te mouri lè m te gen 20 an, akoz li te gen siwoz nan fwa.

Papa m te yon Koreyen. Se sa k fè, souvan, lòt moun nan kominote a te gen prejije kont fanmi nou. Pwoblèm sa a ak lòt pwoblèm ankò te fè m pase yon move adolesans. Mwen te antre nan lekòl segondè, men se yon lè konsa m te konn al lekòl la. Apre ennan, mwen te kite sa. Lefètke mwen te gen yon dosye nan lapolis e lefètke papa m te yon Koreyen, sa te fè l difisil pou m jwenn travay. Finalman, mwen te jwenn yon travay, men, mwen te vin blese nan jenou, e sa te fè mwen pa t ka fè travay fizik ankò.

Mwen te kòmanse jwe pachinko (yon jwèt aza yo jwe o Japon) pou m te kapab jwenn kòb pou m viv. Lè sa a, mwen t ap viv ak yon fi ki te vle m jwenn yon bon travay e ki te vle m marye avè l. Men, mwen te konn fè anpil lajan nan jwèt aza a e mwen pa t dispoze chanje fason m t ap viv la.

FASON LABIB CHANJE LAVI M: Yon jou, yon Temwen Jewova te vin lakay nou e li te kite liv La vie: comment est-elle apparue? Évolution ou création? an nan men m. Mwen pa t janm reflechi sou kesyon sa a anvan. Sepandan, apre m te fin li liv la, mwen te dakò pou m aprann plis bagay sou Labib. Mwen te toujou ap mande tèt mwen ki sa k pase lè yon moun mouri. Repons klè mwen te jwenn nan Bib la sou kesyon sa a e sou lòt kesyon ankò te pèmèt mwen konprann yon seri bagay, e sa te louvri je m.

Mwen te wè li nesesè pou m aplike sa m t ap aprann nan Bib la. Se sa k fè mwen te marye legalman, mwen te sispann fimen, mwen te koupe cheve m ki te long e ki te jòn, paske mwen te tenn yo, e mwen te pran swen aparans mwen. Anplis, mwen te sispann jwe aza.

Li pa t fasil pou m fè okenn nan chanjman sa yo. Pa egzanp, mwen pa t ka sispann fimen ak pwòp fòs mwen. Men, kòm mwen te priye Jewova Dye ak tout kè m e mwen te konte sou li, mwen te sispann fimen. Mete sou sa, premye travay mwen te jwenn apre m te sispann jwe pachinko te yon defi toutbon pou mwen. Nonsèlman mwen te touche sèlman mwatye nan sa m te konn genyen nan jwe jwèt la, men tou, travay la te di e li te ban m strès. Yon pasaj nan Bib la ki te ede m lè m te nan moman difisil sa a, se Filipyen 4:6, 7. Li di: “Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l mèsi tou lè n’ap lapriyè. Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l, bagay lèzòm pa ka konprann; la kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.” Nan anpil sitiyasyon mwen te viv, pwomès sa a te reyalize nan ka pa m.

BYENFÈ MWEN JWENN: Lè m te kòmanse etidye Labib avèk Temwen Jewova yo, madanm mwen pa t kontan. Men, lè l te wè gwo chanjman mwen te fè nan konduit mwen, li te vin asiste etid la avèk mwen e li te kòmanse asiste reyinyon yo tou avèk mwen. Kounye a, nou toule de Temwen Jewova. Se yon benediksyon lefètke nou kapab sèvi Bondye ansanm!

Anvan m te etidye Labib, mwen te panse mwen te gen kè kontan. Sepandan, se kounye a mwen jwenn vrè kè kontan an. Li pa fasil ditou pou yon moun viv ann amoni ak prensip biblik yo, men mwen sèten se pi bon fason pou yon moun viv.

ENFÒMASYON SOU MOUN NAN

NON: ELIZABETH JANE SCHOFIELD

LAJ: 35 AN

PEYI KOTE L SOTI: WAYÒM INI

PWOBLÈM LI TE GENYEN: SE POU WIKENN LI T AP VIV SÈLMAN

VI MWEN T AP MENNEN ANVAN: Mwen grandi Hardgate, yon ti vil ki andeyò Glasgow, nan peyi Ekòs. Lè m te gen setan, manman m te vin Temwen Jewova e li te kòmanse anseye m Labib. Men, lè m te gen 17 an, mwen te plis vle frekante zanmi lekòl mwen yo, al nan nayklèb, koute mizik heavy metal (yon kalite mizik wòk ki gen gwo bit) ak bwè alkòl. Bagay espirityèl pa t nan tèt mwen menm. Se pou wikenn mwen t ap viv sèlman. Men, tout bagay te chanje lè m te vin gen 21 an.

Mwen t al vizite kèk moun nan fanmi m ann Ilann dinò. Pandan m te la, mwen te wè yon pwosesyon potestan yo rele Orange Walk. Nan okazyon sa a mwen te wè potestan yo ak katolik yo te rayi youn lòt e youn pa t ka sipòte lòt, sa te choke m. Anfèt, sa te ede m reflechi. Mwen te sonje bagay manman m te aprann mwen nan Bib la e mwen te konnen Bondye pa t ap janm dakò ak moun ki pa suiv prensip li yo, prensip ki montre jan l renmen nou. Apre sa, mwen te vin rann mwen kont mwen pase tout tan m ap chèche enterè pa m e mwen pa viv jan Bondye vle pou m viv la. Mwen te deside egzamine Labib avèk swen lè m retounen lakay mwen, ann Ekòs.

FASON LABIB CHANJE LAVI M: Premye fwa mwen te retounen al asiste yon reyinyon Temwen Jewova nan vil kote m te ye a, mwen te santi m malalèz e m te strese. Sepandan, tout moun te mete m alèz. Lè m te kòmanse aplike sa m t ap aprann nan Bib la nan lavi m, gen yon sè nan kongregasyon an ki vrèman janti ki te montre li enterese avè m espesyalman. Li te vrèman ede m santi m fè pati kongregasyon an ankò. Zanmi m te genyen anvan yo te kontinye envite m nan nayklèb, men m te fè yo konnen mwen te vrèman dispoze viv ann amoni ak prensip biblik yo. Finalman, yo te sispann kontakte m.

Oparavan, mwen te konsidere Labib tou senpleman kòm yon liv ki plen ak lwa pou moun suiv. Men, mwen te vin chanje pwennvi. Mwen te vin wè pèsonaj biblik yo kòm moun reyèl ki te gen santiman e ki te gen feblès tou menm jan avè m. Yo menm tou, yo te konn fè erè, men Jewova te padone yo lè yo te repanti toutbonvre. Mwen te vin gen asirans Bondye ap padone m, menmsi m te vire do ba li lè m te pi jèn, e l ap bliye fot mwen te fè yo, si m fè bonjan efò pou m fè l plezi.

Konduit manman m te gen yon gwo efè sou mwen tou. Malgre mwen te kite Bondye, li pa t janm kite l li menm. Bèl egzanp fidelite li te ban m nan te ede m konprann sa vo lapèn pou m fè efò pou m sèvi Jewova. Lè m te jèn e mwen te konn preche kay an kay ak manman m, mwen pa t janm pran plezi nan sa e mwen pa t janm imajine mwen te ka pase plizyè èdtan ap preche. Men, mwen te deside verifye pwomès Jezi te fè nan Matye 6:31-33 a. Li te di: “Pa chaje tèt nou ak yon bann kèsyon: Kisa n pral manje? Kisa n pral bwè? Kisa n pral mete sou nou? [...] Nou gen yon Papa nan syèl la ki konnen nou bezwen tout bagay sa yo. Pito nou chache bay bagay [“wayòm nan”, NW] ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou.” Yon ti tan apre m te fin batize kòm Temwen Jewova, mwen te kite travay aplentan mwen te ladan l lan, mwen te jwenn youn ki pa t aplentan e mwen te vin yon sèvitè aplentan.

BYENFÈ MWEN JWENN: Lè m te jèn e lè se pou wikenn mwen t ap viv sèlman, mwen pa t janm gen satisfaksyon. Lavi m pa t gen sans. Kounye a, piske m ap sèvi Jewova ak tout mwen menm, mwen gen kè kontan. Lavi m gen yon sans. Mwen marye kounye a, e chak semèn mari m avè m vizite yon kongregasyon Temwen Jewova pou nou ankouraje frè ak sè yo. Mwen konsidere travay sa a kòm pi gwo privilèj mwen te ka gen nan lavi m. Mwen gen anpil rekonesans pou Jewova poutèt li te ban m yon lòt chans!

[Antrefilè nan paj 27]

“Depi sou premye fwa m te pale avè l la, mwen te santi m jwenn yon bagay espesyal. Sepandan, alepòk mwen pa t wè li nesesè pou m chanje fason mwen t ap viv la.”

[Antrefilè nan paj 29]

“Mwen pa t ka sispann fimen ak pwòp fòs mwen. Men, kòm mwen te priye Jewova Dye ak tout kè m e mwen te konte sou li, mwen te sispann fimen.”

[Antrefilè nan paj 30]

“Oparavan, mwen te konsidere Labib tou senpleman kòm yon liv ki plen ak lwa pou moun suiv. Men, mwen te vin chanje pwennvi. Mwen te vin wè pèsonaj biblik yo kòm moun reyèl ki te gen santiman e ki te gen feblès tou menm jan avè m.”