Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li te rete fidèl devan eprèv

Li te rete fidèl devan eprèv

Annou imite lafwa yo

Li te rete fidèl devan eprèv

PYÈ te gen anpil enkyetid lè l t ap gade figi moun ki te nan foul la ki te antoure Jezi yo. Yo te nan sinagòg ki nan Kapènawòm nan. Se nan vil sa a Pyè te rete e se la biznis lapèch li a te ye tou. Vil sa a te bò lanmè Galile a. Pyè te gen anpil fanmi ak zanmi ki t ap viv nan vil sa a. Biznis lapèch la te fè l konnen anpil moun ki t ap viv nan vil la. Sandout, Pyè te anvi pou moun k ap viv nan menm vil avè l yo konsidere Jezi menm jan avè l, yon fason pou yo te kapab jwenn menm kontantman li te genyen lè l te konn tande pi gwo anseyan an k ap bay ansèyman konsènan Wayòm Bondye a. Men, se pa sa k te rive jou sa a.

Anpil moun te sispann koute Jezi. Gen moun ki t ap plenyen byen fò e ki te opoze ak mesaj li a. Men, sa k te bay Pyè plis pwoblèm, se reyaksyon kèk nan disip Jezi yo. Kè kontan moun yo te genyen sou figi yo a akoz verite yo te aprann yo te disparèt. Kounye a, yo fache e yo menm an kòlè. Genyen ki te di fason Jezi te pale a te chokan. Se sa k fè yo pa t vle tande l ankò, yo te kite sinagòg la e yo te sispann suiv li.

Se yon moman ki te difisil pou Pyè ak lòt apot yo. Pyè pa t byen konprann sa Jezi te di jou sa a. Men, se sèten li te wè sa k fè pawòl Jezi yo te choke moun yo. Ki sa l t apral fè? Se pa ni premye fwa ni dènye fwa fidelite Pyè anvè Mèt la te pase anba eprèv. Annou wè ki jan lafwa Pyè te ede l lè l te nan eprèv sa yo e ki jan li te ede l rete fidèl.

Li te rete fidèl menm lè lòt moun pa t rete fidèl

Souvan, Jezi te konn fè Pyè sezi. Nan plizyè okazyon, li te aji yon fason moun pa t atann oswa li te di yon bagay moun pa t atann li t ap di. Pa egzanp, nan lavèy, Jezi te fè yon mirak kote l te bay plizyè milye moun manje. Se sa k fè moun yo te vle fè l vin wa. Sepandan, li te fè anpil moun sezi lè l te retire kò l e li te fè disip li yo pran yon bato pou y al Kapènawòm. Pandan disip yo ap vwayaje nan bato a apre solèy fin kouche, Jezi fè yo sezi ankò. Li mache sou lanmè Galile a, ki te ajite, pou l vin jwenn yo. Nan moman sa a tou, li te bay Pyè yon leson enpòtan anrapò ak lafwa *.

Nan maten, sa pa t pran lontan pou yo rann yo kont gen anpil moun nan foul yo te kite a ki te suiv yo e ki t al ret tann yo lòt bò lak la. Sepandan, li te klè rezon ki fè moun yo t ap chèche wè Jezi se pou l te ka fè mirak pou l ba yo manje ankò, men se pa paske yo te anvi jwenn verite espirityèl nan men l. Jezi te reprimande yo pou atitid materyalis yo te genyen an. Yo te toujou sou menm sijè a lè yo te rive nan sinagòg ki nan Kapènawòm nan. Nan sinagòg la, Jezi te aji yon fason moun ki te la yo pa t ap atann nan objektif pou l anseye yo yon verite ki te difisil pou yo konprann, men ki trèzenpòtan.

Jezi pa t vle pou moun yo annik konsidere l kòm yon moun ki la pou ba yo manje, men li te vle pou yo konsidere l kòm Moun Bondye voye a pito, yon moun lavi l ak lanmò l t ap fè l posib pou lòt moun jwenn lavi etènèl. Se sa k fè li te ba yo yon egzanp kote li te konpare tèt li ak lamàn, pen ki te sot nan syèl la nan epòk Moyiz la. Lefètke gen kèk moun ki pa t dakò, sa te fè l bay yon lòt egzanp ki te vivan. Li te esplike yo yo dwe manje chè l e yo dwe bwè san l pou yo ka gen lavi. Lè sa a, yo vin opoze ak li pi rèd. Gen kèk moun ki di: “Pawòl sa a di! Kilès ki kapab koute l?” Anpil nan disip Jezi yo te deside sispann suiv li poutèt sa *. —Jan 6:48-60, 66, Bib Kreyòl La.

Ki sa Pyè t apral fè? Sandout li menm tou li dwe te sezi lè li te tande pawòl Jezi yo. Li potko konprann Jezi te oblije mouri pou l akonpli volonte Bondye. Men, èske Pyè te vle sispann suiv Jezi menm jan ak lòt disip ki te fè sa yo? Non, gen yon bagay enpòtan ki te fè Pyè pa t aji menm jan avèk yo. Ki sa l te ye?

Jezi gade apot li yo e li di yo: “Nou menm, nou pa vle ale tou?” ​(Jan 6:67). Li t ap pale ak douz disip yo, men se Pyè ki te reponn. Souvan, se li ki te pale. Petèt se paske li te pi gran pase yo. Kèlkeswa rezon an, se sèten se li menm ki te pi alèz nan gwoup la pou l di sa l panse. Sanble Pyè te yon moun ki te toujou di sa k nan lide l. Lè Jezi te poze apot yo kesyon si yo pa vle ale a, se bèl pawòl moun pap janm bliye nou jwenn nan Jan 6:68 yo ki te nan lespri Pyè, li te di: “Senyè, ki moun pou n al jwenn? Se ou menm ki gen pawòl k’ap bay lavi ki p’ap janm fini an.”

Èske pawòl sa yo pa touche w? Lafwa Pyè te gen nan Jezi te ede l gen yon kalite estrawòdinè: fidelite. Pyè te ka wè byen klè pa gen lòt Sovè apre Jezi, e se grasa ansèyman li t ap bay sou Wayòm nan li sove yo. Pyè te konnen menmsi li pa t fin konprann kèk bagay, pa t gen okenn lòt kote pou l ale si l te vle gen favè Bondye e si l te vle gen lavi etènèl ki se yon benediksyon.

Èske se sa w santi tou? Se vre, jodi a anpil moun nan monn nan fè kwè yo renmen Jezi, men malerezman, yo pa montre yo fidèl lè yo jwenn eprèv. Pou nou vrèman fidèl ak Kris, sa mande pou nou gen menm pwennvi ak Pyè sou ansèyman Jezi yo. Nou bezwen aprann ansèyman sa yo, nou bezwen konprann sans yo e nou bezwen viv ann amoni ak yo, menm lè nou sezi paske se pa sa nou t ap atann oswa se pa sa nou ta prefere. Se sèlman si nou demontre nou fidèl, nou kapab espere jwenn lavi etènèl Jezi vle nou jwenn nan.

Li te rete fidèl menm lè li te jwenn koreksyon

Yon ti tan apre tout aktivite sa yo, Jezi te fè yon bon mache ak apot yo ansanm ak kèk disip pou l al nan nò peyi a. Mòn Èmòn se yon mòn ki gen nèj sou tèt li ki twouve l nan limit nò Latè pwomiz. E gen moman kote moun kapab wè l menm pandan yo sou lanmè Galile. Ofiramezi, gwoup la t ap pwoche l, li te parèt pi wo pou yo. Yo te monte nan wout la jis yo te rive toupre yon seri ti vil ki toupre Sezare Filip *. Nan bèl kote sa a, lè w gade nan direksyon sid, ou ka wè yon bon valè nan Latè pwomiz. Se la Jezi te poze moun ki t ap suiv li yo yon kesyon enpòtan.

Jezi te mande yo: “Ki moun yo di mwen ye?” Nou kapab imajine Pyè k ap gade Jezi nan je, ki te ka santi yon fwa ankò jan Mèt li a gen bonte e jan li entèlijan. Jezi te vle konnen ki sa moun ki konn koute l yo te panse de li dapre sa yo te wè yo ak sa yo tande yo. Disip Jezi yo reponn kesyon an e yo repete kèk move lide moun yo te genyen sou Jezi. Men, Jezi te vle konnen plis toujou. Li te vle konnen si disip ki pi pwòch li yo te mal konprann bagay yo tou. Li mande yo: “Bon, nou menm, ki moun nou di mwen ye?” —Lik 9:18-22.

Yon lòt fwa ankò, Pyè te prè pou l reponn. Li di yon fason klè e avèk konviksyon sa anpil nan moun ki te la yo te panse nan kè yo. Li di: “Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an.” Nou kapab imajine Jezi k ap souri bay Pyè pou l montre li dakò avè l epi k ap felisite l avèk byenveyans. Jezi te fè Pyè sonje se Jewova Dye ki fè verite enpòtan sa a klè konsa pou moun ki gen lafwa toutbon yo, se pa lèzòm. Pyè te gen posiblite pou l rive konprann youn nan gwo verite Jewova te revele yo: idantite Mesi yo te pwomèt depi lontan an, sètadi Kris la. —Matye 16:16, 17.

Gen yon pwofesi yo te bay nan tan lontan kote yo te rele Kris la wòch moun k ap bati yo voye jete a (Sòm 118:22; Lik 20:17). Se pwofesi sa a ki te nan tèt Jezi lè l te fè konnen Jewova t apral etabli yon kongregasyon sou wòch sa a menm, sètadi mas wòch Pyè te idantifye a *. Apre sa, li te bay Pyè kèk gwo privilèj nan kongregasyon an. Li pa t bay Pyè dirije sou lòt apot yo, jan kèk moun panse sa, men li te ba l kèk responsablite. Li te bay Pyè “kle wayòm” nan (Matye 16:19, Bib Kreyòl La). Se Pyè ki t apral gen pou l kòmanse ofri moun esperans pou yo antre nan Wayòm Bondye a. Moun sa yo t ap soti nan twa gwoup moun: Juif yo, Samariten yo ak moun ki pa t Juif yo.

Sepandan, annapre, Jezi te di moun yo bay plis yo, y ap egzije plis nan men yo tou. Pawòl sa yo te verifye nan ka Pyè (Lik 12:48). Jezi te kontinye fè moun konnen anpil verite enpòtan konsènan Mesi a. Pa egzanp, li te fè yo konnen li t apral soufri e li t apral mouri Jerizalèm talè konsa. Pyè te gen pwoblèm lè l tande pawòl sa yo. Li te pran Jezi apa pou l reprimande l. Li di l: “Pa di bagay konsa non Seyè. Sa pa gendwa janm rive w.” —Matye 16:21, 22, NW.

Sandout Pyè te vle byen pou Jezi, se sa k fè repons Jezi te ba l la dwe te fè l sezi. Jezi te vire do l ba li, li gade lòt disip yo, sandout ki te panse menm bagay la tou, epi l di l: “Pase dèyè m, opozan [Satan]! Ou soti pou w fè m trebiche, paske se pa panse Bondye ou gen nan tèt ou, men se panse lèzòm.” ​(Matye 16:23, NW; Mak 8:32, 33). Nou tout kapab tire bonjan leson nan pawòl Jezi te di la yo. Li byen fasil pou nou bay panse lèzòm priyorite sou panse Bondye. Si nou fè sa, menm lè nou vle ede lòt moun, san nou pa rann nou kont, nou kapab ap soutni objektif Satan olye nou soutni objektif Bondye. Men, ki jan Pyè te reyaji?

Pa gen dout li te konnen Jezi pa t vle di li se Satan Ledyab. Epitou, Jezi pa t pale avè l menm jan li te pale ak Satan an. Lè l t ap pale ak Satan, li te di l : “Al fè wout ou”, alòske lè l t ap pale ak Pyè a, li te di l: “Pase dèyè m.” ​(Matye 4:10). Jezi pa t rejte apot li a, ki te yon moun li te wè ki gen anpil bon bagay lakay li. Men, li te tou senpleman korije move pwennvi li te gen sou pwen sa a. Sa klè, Pyè te aji tankou yon obstak devan Mèt li ki te ka fè li trebiche. Li te bezwen sispann aji konsa e li te bezwen pase dèyè l pou l soutni l antanke disip li.

Èske Pyè te diskite avè l, èske l te fache oswa l te boude? Non. Li te aksepte koreksyon an avèk imilite. Konsa, li te montre yon lòt fwa ankò li fidèl. Detanzantan, tout moun k ap suiv Kris yo ap bezwen pou yo ba yo koreksyon. Se sèlman si nou aksepte disiplin yo ban nou avèk imilite e si nou tire pwofi ladan l, n ap kapab kontinye vin pi pwòch Jezi Kris ak Jewova Dye, Papa l. —Pwovèb 4:13.

Li te jwenn rekonpans pou fidelite l

Yon ti tan apre, Jezi te di yon lòt pawòl ki te fè moun sezi ankò. Men sa l te di: “Franchman, m ap di nou sa: Kèk nan nou ki kanpe isit la p ap goute lanmò, jis nou wè Pitit Lòm nan vini nan wayòm li an.” ​(Matye 16:28, Bib Kreyòl La). Se sèten Pyè te anvi konnen sa pawòl sa yo te vle di. Ki sa Jezi te vle di? Petèt Pyè t ap mande tèt li si gwo koreksyon sa a li sot resevwa a pa t ap anpeche l jwenn privilèj sa a.

Epoutan, anviwon yon semèn apre, Jezi te pran Jak, Jan ak Pyè, li monte “sou tèt yon mòn byen wo”, petèt se te mòn Èmòn ki te a kèk kilomèt sèlman parapò ak kote yo te ye a. Sandout se te nan aswè, piske twa mesye yo t ap goumen ak yon dòmi. Men, pandan Jezi t ap priye, gen yon bagay ki te pase ki te fè dòmi yo te gen nan je yo a pase. —Matye 17:1; Lik 9:28, 29, 32.

Aparans Jezi te kòmanse chanje devan je yo. Figi l te kòmanse ap briye jiskaske l li te vin klere menm jan ak solèy la. Rad li te vin tou blan e li t ap briye. Ansuit, gen de moun ki parèt bò kot Jezi, youn reprezante Moyiz, lòt la reprezante Eliya. Yo te pale avèk li konsènan “jan li ta pral mouri lavil Jerizalèm pou l te ka akonpli misyon li” e konsènan jan li t ap gen pou l resisite. Vrèmanvre, Pyè pa t gen rezon pou l pa kwè Jezi t apral soufri pi devan! —Lik 9:30, 31.

Pyè te santi fòk li patisipe yon fason kèlkonk nan vizyon estrawòdinè sa a. Sanble Moyiz ak Eliya t apral deplase kite Jezi. Se sa k fè Pyè te di Jezi: “Mèt, sa te bon nèt pou nou te la. Ann moute twa ti kay, yonn pou ou, yonn pou Moyiz ak yonn pou Eli.” Natirèlman, de sèvitè Jewova sa yo ki te mouri depi lontan e ki te parèt nan vizyon an pa t bezwen yo fè tant pou yo. An reyalite, Pyè pa t konn sa li t ap di. Sepandan, èske w pa apresye l pou bon etadespri li te genyen? —Lik 9:33.

Ni li menm, ni Jak ni Jan te resevwa yon lòt rekonpans nan menm nuit sa a. Gen yon nyaj ki te fòme e ki te vin kouvri yo sou mòn nan. Epi apre sa, yo tande yon vwa ki sot ladan l. Se te vwa Jewova Dye. Jewova di: “Moun sa a se pitit mwen, moun mwen chwazi a. Koute li!” Apre sa vizyon an fini, e yo te poukont yo ak Jezi sou mòn nan. —Lik 9:34-36.

Vizyon sa a te yon benediksyon pou Pyè, e se sa l ye pou nou tou! Plizyè dizèn ane apre, lè li t ap ekri konsènan privilèj li te genyen nan nuit sa a, li te di li “te wè Senyè a nan tout pouvwa li ak je pa [l]”. An reyalite, li te wè yon apèsi sou Jezi antanke Wa ki nan laglwa nan syèl la. Vizyon sa a te kore anpil lòt pwofesi ki gen nan Pawòl Bondye a e li te fòtifye lafwa Pyè pou eprèv li t apral jwenn yo (2 Pyè 1:16-19). Li kapab fè menm bagay la pou nou tou si, menm jan ak Pyè, nou rete fidèl ak Mèt Jewova nome a, nou aprann nan men l, nou aksepte disiplin ak koreksyon li ban nou e nou suiv li avèk imilite jou apre jou.

[Nòt anba paj]

^ § 7 Gade atik ki gen tit “Imitez leur foi — Il a combattu la crainte et le doute” ki nan Toudegad 1ye oktòb 2009 la (fransè).

^ § 9 Nou kapab wè jan foul moun ki te nan sinagòg la te enstab lè nou konpare fason yo te reyaji devan sa Jezi te di nan moman sa a ak sa yo te di nan lavèy, lè yo te di li se pwofèt Bondye avèk antouzyas. —Jan 6:14.

^ § 15 Pou gwoup la te soti bò lanmè Galile pou l al nan bèl rejyon sa a, yo te vwayaje 48 kilomèt. Yo te mache soti 210 mèt pi ba pase nivo lanmè a rive 350 mèt pi wo pase nivo lanmè a.

^ § 18 Gade kare ki gen tit  “Kiyès ki mas wòch la?” nan paj 17.

[Kare/Foto nan paj 17]

 Kiyès ki mas wòch la?

“M ap di w sa: Ou se Pyè, e se sou mas wòch sa a m ap bati kongregasyon m nan.” ​(Matye 16:18, NW). Anpil moun konprann pawòl sa yo Jezi te di apot Pyè yo vle di se Pyè ki fondasyon kongregasyon kretyen an. Legliz katolik anseye Jezi te bay Pyè otorite sou lòt apot yo, sa vle di nan yon sans, li te fè l tounen premye pap la. Se sa k fè, nan legliz yo gen nan Wòm ki rele bazilik Sen Pyè a, yo ekri pawòl Jezi yo nan plafon legliz la ki fèt an dòm. Yo ekri yo an laten ak lèt ki pi gwo pase yon moun.

Èske Jezi te vle di Pyè se mas wòch li t ap bati kongregasyon l lan sou li a? Non. Annou egzamine twa rezon ki fè nou kapab sèten se pa sa Jezi te vle di. Premyèman, lòt apot yo te la, e yo pa t bay pawòl Jezi yo sans sa a. Si Jezi te bay Pyè otorite sou yo pandan yo te la, poukisa yo te kontinye ap diskite annapre pou yo konnen kiyès ki te pi enpòtan pami yo (Mak 9:33-35; Lik 22:24-26)? Dezyèmman, apot Pòl te montre annapre mas wòch la se pa Pyè, men se Jezi Kris (1 Korentyen 3:11; 10:4). Twazyèmman, plizyè dizèn ane apre, Pyè li menm te montre li pa t panse se li ki te mas wòch la. Okontrè, li te ekri Jezi se “wòch kwen” yo te anonse depi lontan ki nan fondasyon an, wòch Bondye te chwazi a. —1 Pyè 2:4-8.

Malgre sa, gen moun ki ensiste pou yo fè konnen piske non Pyè vle di “Wòch”, se sa k fè Jezi te di se li ki mas wòch la. Sepandan, non Pyè pa vle di menm bagay ak mo “mas wòch” Jezi te itilize nan vèsè a. Non Pyè se yon non maskilen ki vle di “yon mòso wòch”, alòske mo yo mete “mas wòch” pou yo tradui l la se yon non feminen. Donk, ki jan pou nou konprann pawòl Jezi yo? Anfèt, men sa Jezi te vle di Pyè: “Ou menm, mwen rele Pyè, sètadi Wòch, ou konprann vrèman ki moun ki ‘mas wòch’ la, Kris la, moun ki pral sèvi kòm fondasyon kongregasyon kretyen an.” Se te yon gwo privilèj pou Pyè pou l te patisipe nan fè moun konnen yon verite enpòtan konsa!

[Foto nan paj 13, 14]

Pyè te montre li fidèl menm lè li te jwenn koreksyon.

[Foto nan paj 15]

Pyè te jwenn rekonpans pou fidelite l: li te wè yon vizyon estrawòdinè.