Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon pwoblèm mondyal mande yon solisyon mondyal

Yon pwoblèm mondyal mande yon solisyon mondyal

Yon pwoblèm mondyal mande yon solisyon mondyal

SOUFRANS egziste toupatou, e gen anpil moun ki demontre konpasyon pou moun k ap soufri. Pa egzanp, moun k ap travay nan lopital yo pase anpil tan ap ede moun ki malad oubyen ki blese. Ponpye yo, polisye yo, moun k ap fè lwa yo ak moun travay yo se pote sekou bay moun ki an danje fè anpil efò pou yo soulaje moun k ap soufri oubyen pou yo anpeche yo soufri. Tout efò moun sa yo fè yo pèmèt yo ede anpil moun, men pa gen okenn moun ni okenn òganizasyon ki kapab efase soufrans ki gen sou tout tè a. Sepandan, Bondye kapab pote yon solisyon pou tout tè a, e l ap fè sa.

Dènye liv ki nan Bib la ban nou asirans “[Bondye] gen pou l cheche tout dlo nan je yo [lèzòm]. P’ap gen lanmò ankò, yo p’ap nan lapenn ankò, yo p’ap janm plenyen ankò, yo p’ap janm soufri ankò. Tout vye bagay sa yo pral disparèt”. (Revelasyon 21:4.) Reflechi byen konsènan tout sa pwomès sa a gen ladan l. Li montre objektif Bondye genyen pou l mete fen nan tout soufrans. Li pral fè sa lè l efase lagè, grangou, maladi, enjistis ansanm ak tout mechan ki gen sou tè a. Pa gen okenn lòt moun ki ka fè sa.

Sa Wayòm Bondye a pral fè

Bondye pral reyalize pwomès li yo pa mwayen dezyèm moun ki gen plis pisans nan linivè a, sètadi Jezi Kris ki deja resisite. Yon lè gen pou rive kote Jezi pral dirije antanke Wa sou tout tè a, san pèsonn pa opoze ak li. Moun pap dirije moun ankò kòm wa, prezidan oubyen antanke politisyen ki fè pati yon gouvènman. Olye de sa, pral gen yon sèl Wa ak yon sèl gouvènman, sètadi Wayòm Bondye a, k ap dirije lèzòm.

Wayòm sa a pral detwi tout gouvènman lèzòm yo. Men sa Labib te predi depi byen lontan: “Bondye nan syèl la ap tabli yon wayòm ki pap janm kraze. E yo pap pase wayòm nan bay okenn lòt pèp. Li pral krabinen tout wayòm sa yo, e l ap mete yon fen nan yo, epi li menm l ap la pou tan endefini.” ​(Dànyèl 2:44, NW). Tout moun ki sou tè a pral anba dominasyon yon sèl gouvènman, yon gouvènman ki jis: Wayòm Bondye a.

Lè Jezi te yon òm sou tè a, souvan li te konn pale de Wayòm sa a. Li te pale de li nan priyè modèl la lè l te anseye disip li yo pou yo priye konsa: “Se pou wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a, kou nan syèl la.” ​(Matye 6:10, NW). N ap remake Jezi te montre gen yon lyen ant Wayòm nan ak volonte Bondye ki gen pou fèt sou tè a, e volonte Bondye se pou l elimine soufrans sou tout tè a.

Gouvènman Bondye a ki jis pral pote benediksyon okenn gouvènman lèzòm pap janm ka pote. Sonje Jewova te bay Pitit li a kòm ranson yon fason pou lèzòm ka jwenn lavi etènèl. Grasa dominasyon Wayòm nan k ap yon bon dominasyon, lèzòm pral rive jwenn lapèfeksyon. Ki rezilta sa pral bay? Jewova “pral fè pa janm gen lanmò ankò. Li pral siye dlo nan je tout moun.” —Izayi [Ezayi] 25:8.

Gen kèk moun ki gendwa mande tèt yo: ‘Poukisa Bondye poko aji depi tout tan sa a? Ki sa l ap tann?’ Jewova te gendwa aji depi lontan pou l elimine soufrans oubyen menm pou l te anpeche gen soufrans. Sepandan, li te pèmèt soufrans kontinye, non pa paske li gen rezon egoyis, men pou pitit li yo ki sou tè a ka jwenn byenfè pou letènite. Paran ki gen lanmou pou pitit yo ap kite pitit yo andire yon sitiyasyon difisil si yo konnen alalong sa ap pote byenfè pou yo. Menm jan an tou, Jewova gen bonjan rezon ki fè l pèmèt lèzòm soufri pandan yon tan, e nou jwenn rezon sa yo nan Bib la. Yo gen rapò ak yon seri sijè tankou libète moun genyen pou yo deside, peche ak yon kesyon ki te soulve konsènan si Jewova gen dwa pou l dirije lèzòm. Labib esplike tou gen yon kreyati espirityèl mechan ki jwenn pèmisyon pou l dirije monn nan pandan yon tan *.

Byenke nou pa gen ase plas pou nou egzamine tout rezon yo nan atik sa a, gen de bagay ki ka ban nou espwa e ki ka ankouraje nou. Premye a se: Kèlkeswa soufrans nou jwenn nan lavi a, Jewova ap repare sa e l ap fè anpil lòt bagay ankò. Mete sou sa, men ki asirans Bondye ban nou: “Pèsonn p’ap chonje sa ki te pase nan tan lontan. Sa p’ap janm vin nan tèt yo ankò.” ​(Izayi 65:17). Bondye pral met fen nan tristès ak soufrans moun jwenn lefètke li te pèmèt mechanste egziste pandan yon tan. Li pral efase tout nèt e l ap fè sa pou toutan.

Dezyèm bagay ki ba nou espwa, sèke Bondye gen yon tan li fikse pou l mete fen nan soufrans e tan sa a pap chanje. N ap sonje pwofèt Abakouk te mande jis ki lè Jewova t ap gen pou l pèmèt zak vyolans kontinye fèt. Men ki repons Jewova te bay: “Se poko lè pou sa m pral fè ou wè a rive [...] wè pa wè, li gen pou l rive lè pou l rive a.” ​(Abakouk [Abakik] 2:3). Jan nou pral wè sa nan atik ki vin apre a, lè sa a ‘ki pou rive’ a pa lwen rive.

[Nòt anba paj]

^ § 9 Si nou ta renmen jwenn esplikasyon detaye sou rezon ki fè Bondye pèmèt soufrans, gade chapit 11 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

[Kare nan paj 7]

Vèsè ki montre nou pral gen yon bèl avni

PAP GEN LAGÈ ANKÒ:

“Vini, epi gade aksyon Jewova fè yo, jan li fè yon pakèt bagay sou tè a k ap fè moun sezi. Li fè lagè sispann jis nan dènye bout tè a. Banza a, li kraze l, wi, lans lan, li kase l bout an bout. Charyo yo, li boule yo nan dife.” —Sòm 46:8, 9, NW.

MOUN PA NOU KI TE MOURI YO AP RESISITE:

“Pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis ni pou moun ki enjis.” —Travay 24:15, NW.

TOUT MOUN AP JWENN MANJE POU YO MANJE:

“Se pou jaden kouvri tout peyi a, jouk sou tèt mòn yo.” —Sòm 72:16.

PAP GEN MALADI ANKÒ:

“Pèsonn nan peyi a p’ap plenyen di li malad ankò.” —Izayi [Ezayi] 33:24.

MECHAN YO PRAL DISPARÈT:

“Bondye ap disparèt mechan yo nan peyi a [“tè a”, NW]. L’ap rache moun k’ap fè sa ki mal yo tankou yo rache move zèb.” —Pwovèb 2:22.

JISTIS PRAL GAYE TOUPATOU:

“Yon jou, va gen yon wa [Kris Jezi] k’ap gouvènen peyi a san patipri. Chèf yo va dirije peyi a jan sa dwe fèt.” —Izayi 32:1.

[Foto nan paj 7]

Wayòm Bondye a pral libere nou anba tout soufrans.