Al gade sa k anndan l

Labib chanje lavi moun

Labib chanje lavi moun

Labib chanje lavi moun

Ki sa k te pouse yon Rasta koupe djed li yo epi venk prejije l te genyen kont moun ki blan yo? E ki sa k te pèmèt yon jèn gason chanje fason l t ap viv la alòske l te vyolan e l te konn ap ranmase kòb pou dilè dwòg? Ann egzamine ki sa yo chak gen pou di.

“M te menm rive venk prejije m te genyen an.” — HAFENI NGHAMA

LAJ: 34

PEYI KOTE LI SOTI: ZANBI

ANVAN: RASTA

VI MWEN T AP MENNEN: M te fèt nan yon kan refijye nan peyi Zanbi. Manman m te kouri kite Namibi nan yon peryòd ki te gen lagè e li t al jwenn Òganizasyon pèp sidwès afriken an (SWAPO). Òganizasyon sa a t ap goumen kont rejim Afrik disid la ki t ap dirije Namibi nan epòk la.

M te viv nan plizyè kan refijye pandan 15 premye ane nan lavi m yo. Yo te anseye jèn ki te fè pati kan SWAPO a pou yo ankouraje mouvman liberasyon an. Yo te anseye nou nan domèn politik e yo te aprann nou pou nou rayi moun blan.

Lè m te gen 11 an, m te vle vin yon manm nan yon legliz nan kan an ki te yon melanj plizyè relijyon tankou katolik, literyen, anglikan ak plizyè lòt. Pastè m te pale avè l la pa t ankouraje m fè sa. Depi lè sa a, m te vin yon ate. Sepandan, lè m te gen 15 an, lanmou m te gen pou mizik rege ak dezi m te genyen pou m repare kèk enjistis afriken nwa yo t ap sibi te pouse m antre nan mouvman Rasta a. M te vin djed, m te fimen mariwana, m te sispann manje vyann e m t ap defann libète nwa yo. Epoutan, m pa t chanje lavi imoral m t ap mennen an ni m pa t sispann gade fim ki vyolan. E m te kontinye ap di pawòl ki sal.

FASON LABIB CHANJE LAVI M: Nan ane 1995, lè m te gen 20 an, m te kòmanse ap reflechi toutbon sou sa m ta renmen fè ak lavi m. M te konn etidye tout piblikasyon Rasta m te ka jwenn. Kèk ladan yo te fè referans ak Bib la, men, esplikasyon yo te bay yo pa t fè sans pou mwen. Donk, m te deside li Bib la poukont mwen.

Annapre, yon zanmi m ki Rasta te ban m yon liv Temwen Jewova yo fè pou moun etidye Bib la. M te etidye liv sa a ansanm ak Bib la poukont mwen. Apre sa, m te rankontre Temwen yo e yo te kontinye etidye Bib la avè m.

M te fè gwo efò pou m sispann fimen e sispann bwè twòp (2 Korentyen 7:1). M te chanje fason m abiye, m te koupe djed yo, m te sispann gade pònografi ak fim vyolan e m te sispann di pawòl sal (Efezyen 5:3, 4). Avèk letan, m te menm rive venk prejije m te genyen kont moun blan yo (Travay 10:34, 35). Fè chanjman sa yo te vle di sispann koute mizik ki ankouraje rasis, sispann frekante zanmi m te genyen yo ki ta ka eseye fè m tounen nan vye fason m te konn viv anvan an.

Apre m te fin fè chanjman sa yo, m te chèche yon Sal Wayòm Temwen Jewova yo epi m te mande pou m fè pati relijyon an. Yo te fè yon etid Labib avè m. Lè m te deside pou m batize kòm yon Temwen Jewova, fanmi m pa t kontan. Manman m te di m pou m chwazi nenpòt lòt relijyon “kretyen”, men, se pa Temwen Jewova yo. Yon moun nan fanmi m, ki te nan gwo pozisyon nan gouvènman an te toujou ap kritike desizyon m te pran pou m fè pati Temwen yo.

Sepandan, lè m te aprann fason Jezi te boule ak moun e lè m te aplike konsèy li yo, sa te ede m andire opozisyon ak fawouch. Lè m te konpare sa Temwen yo anseye ak sa Bib la di, m te gen konviksyon m te jwenn vrè relijyon an. Pa egzanp, yo suiv lòd Bib la bay pou yo preche lòt moun (Matye 28:19, 20; Travay 15:14). E yo pa mele nan zafè politik. — Sòm 146:3, 4; Jan 15:17, 18.

BYENFÈ MWEN JWENN: Lefètke m aprann viv selon prensip ki nan Bib la, sa te ede m plizyè fason. Pa egzanp, kòm m te bay mariwana vag, sa te ede m ekonomize plizyè santèn dola chak mwa. M pa t kontinye wè bagay ki pa reyèl ankò akoz m t ap pran mariwana, sante mantal ak sante fizik mwen te amelyore.

Kounye a, lavi m gen sans ak objektif m te toujou swete genyen depi lè m te jèn nan. E sa k pi enpòtan an, kounye a m santi m ka pwoche bò kote Bondye. — Jak 4:8.

“M te aprann kontwole kòlè m.” — MARTINO PEDRETTI

LAJ: 43

PEYI KOTE LI SOTI: OSTRALI

ANVAN: DILÈ DWÒG

VI MWEN T AP MENNEN: Pandan m t ap grandi, fanmi m te demenaje souvan. M te viv nan ti vil, nan gwo vil, e pandan yon tan, m t al nan yon misyon potestan yo te fè nan zòn ki byen lwen. M gen kèk bèl souvni epòk sa a ak kouzen m yo, tonton m yo, lè n te konn al peche pwason, al lachas, e nou te konn fè travay atizana.

Papa m te yon moun ki te konn fè bòks e li te aprann mwen goumen depi lè m te toupiti. Vyolans te vin fè pati lavi m. Lè m te adolesan, m te pase anpil tan ap bwè nan ba kote yo vann bwason. Mwen ak zanmi m yo te konn chèche goumen ak lòt moun. Nou te konn sèvi ak kouto ak baton bezbòl pou n atake foul ki gen 20 moun oswa plis.

M te konn fè lajan nan vann dwòg ak nan vann bagay moun k ap travay sou waf yo te konn vòlè. M te konn ranmase kòb pou dilè dwòg yo tou e m te konn sèvi ak zam pou m menase moun pou yo. Objektif mwen se te vin yon asasen. Deviz mwen se te touye yo oswa yo touye m.

FASON LABIB CHANJE LAVI M: M te konn tande pale de Temwen Jewova yo lè m t ap grandi. Lè m te nan kòmansman ventèn mwen, m sonje m te mande manman m si l konnen ki kote nenpòt nan yo ye. De jou annapre, yon Temwen ki rele Dixon te frape pòt mwen. Apre n te fin pale pandan yon ti tan, li te envite m nan yon reyinyon Temwen Jewova. M t al nan reyinyon an, e kounye a, sa fè plis pase 20 an depi m ap asiste reyinyon sa yo. Temwen yo te kapab reponn tout kesyon m te genyen yo grasa Bib la.

M te kontan aprann Jewova enterese nan chak grenn moun, menm moun ki pa kwè nan Bondye yo (2 Pyè 3:9). M te rive wè li se yon Papa ki gen lanmou ki t ap veye sou mwen, menmsi lòt moun pa t ap fè sa. M te soulaje lè m te aprann tou l ap padone peche m yo si m te chanje fason m t ap viv la. Pawòl ki nan Efezyen 4:22-24 yo te gen gwo efè sou mwen. Vèsè sa yo te ankouraje m pou m “voye ansyen pèsonalite a jete” e pou m “abiye ak nouvo pèsonalite a ki te kreye selon volonte Bondye”.

Sa te pran tan pou m chanje fason m t ap viv la. M te konn fè semèn nan san m pa pran dwòg, men nan wikenn nan, kou m ansanm avèk zanmi m yo, m te konn pran l ankò. M te rive wè m ta dwe ale lwen zanmi m yo si m ta vle mennen yon vi pwòp, donk m te deside al viv nan yon lòt zòn. Gen kèk zanmi ki te mande m pou yo akonpaye m nan vwayaj la, e m te aksepte. Pandan vwayaj la, yo te kòmanse fimen mariwana e yo te ofri m. M te di yo m kite abitid sa yo, epi lè n te rive sou fwontyè a, nou te separe. Yon ti tan apre, m te vin aprann zanmi m yo te sèvi ak yon zam pou yo vòlè nan yon bank.

BYENFÈ MWEN JWENN: Yonfwa m te sispann frekante zanmi sa yo, li te vin pi fasil pou m fè chanjman m te bezwen fè nan lavi m yo. Nan ane 1989, m te vin yon Temwen Jewova batize. Apre m te fin batize, sè m nan, manman m ak papa m te vin sèvi Jewova tou.

Kounye a, m gen 17 an maryaj e m gen 3 pitit mwen renmen anpil. M te aprann kontwole kòlè m, menm lè yo pwovoke m. E m te aprann renmen moun ki soti nan ‘tout tribi, nan tout pèp ak nan tout lang’. (Revelasyon 7:9.) M santi pawòl Jezi te di yo reyalize nan ka pa m. Li te di: “Si nou rete nan pawòl mwen, nou se disip mwen toutbonvre, n ap konnen laverite, e laverite ap libere nou.” — Jan 8:31, 32.

[Antrefilè]

Fè chanjman sa yo te vle di sispann koute mizik ki ankouraje rasis

[Antrefilè]

Mwen ak zanmi m yo te konn chèche goumen ak lòt moun. Nou te konn sèvi ak kouto ak baton bezbòl pou n atake foul ki gen 20 moun oswa plis