Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | POUKISA MOVE BAGAY RIVE BON MOUN?

Sa Bondye pral fè kont mechanste

Sa Bondye pral fè kont mechanste

Yon fason klè, Bib la fè nou konnen sa Jewova ansanm Jezi Kris, Pitit li a, pral fè kont soufrans Satan Ledyab lakòz yo. Bib la di: “Men pou ki sa Pitit Bondye a te parèt aklè: pou l kraze travay Dyab la.” (1 Jan 3:8). Yo pral kraze sistèm ki la kounye a ki baze sou avidite, lahèn ak zak mechanste. Konsènan Satan Ledyab, “chèf monn nan”, Jezi pwomèt ‘yo pral mete l deyò’. (Jan 12:31.) Pral gen yon monn nouvo ki jis, e tè a pral vin yon kote ki pezib, lè sa a Satan pap gen okenn enfliyans ankò. — 2 Pyè 3:13.

Ki sa k pral rive moun ki refize chanje fason y ap viv e ki pèsiste nan fè move bagay? Fè yon ti reflechi sou pwomès sa a ki dirèk: “Se moun ki dwat yo ki pral abite sou tè a, e se moun ki entèg yo ki pral rete sou li. Kanta mechan yo, y ap rache yo nan tè a, e trèt yo menm, y ap derasinen yo ladan l.” (Pwovèb 2:21, 22, NW). Tout enfliyans moun mechan yo ap disparèt. Nan yon kondisyon pezib konsa, tikras pa tikras, moun ki obeyisan yo pral libere anba enpèfeksyon yo te eritye a. — Women 6:17, 18; 8:21.

Ki jan Bondye pral elimine mechanste nan monn nouvo a? Li pap pran kado li te bay lèzòm nan, sètadi libète pou yo deside a, epi pou l fè yo tankou wobo. Okontrè, li pral anseye moun ki obeyisan yo chemen l yo, l ap ede yo elimine move panse yo genyen, l ap ede yo chanje yo pap fè move zak ankò.

Bondye pral retire tout sa k lakòz lèzòm ap soufri.

Ki sa Bondye pral fè kont malè ki konn rive san moun pa t prevwa yo? Li pwomèt, talè konsa, gouvènman l lan, sètadi Wayòm li an, pral pran kontwòl tè a. Se Jezi Kris Bondye chwazi kòm Wa pou dirije Wayòm nan, e li gen pouvwa pou l geri moun ki malad (Matye 14:14). Anplis de sa, Jezi gen pouvwa pou l kontwòl fòs natirèl yo (Mak 4:35-41). Se sa k fè, tout ‘evènman ki konn rive san moun pa t prevwa’ e ki konn lakòz moun soufri pral sispann (Eklezyas 9:11). Anba dominasyon Kris la, pa gen okenn malè k ap frape lèzòm. — Pwovèb 1:33.

Ki sa n ka di konsènan plizyè milyon moun inosan ki mouri yon fason ki trajik? Men sa Jezi te di yon ti tan anvan l te resisite Laza, yon zanmi l: “Mwen se rezirèksyon an e mwen se lavi a.” (Jan 11:25). Wi, Jezi gen pouvwa pou l resisite moun ki mouri oswa pou l reba yo lavi!

Si lide pou w viv nan yon monn kote move bagay pap rive bon moun atire w, poukisa w pa fikse objektif pou w etidye Labib pou w ka aprann plis bagay sou vrè Dye a ak sou objektif li? Temwen Jewova ki nan zòn bò lakay ou ap byen kontan ede w gen konesans sa a. Se ak tout kè n nou envite w pran kontak avèk yo nan zòn ou rete a oubyen ekri òganizasyon ki pibliye peryodik sa a.