Al gade sa k anndan l

Sal asanble ki nan Tyachiv, Ikrèn, ki prepare pou resevwa refijye yo.

8 MAS 2022
IKRÈN

MIZAJOU | Frè ak sè yo kontinye demontre lanmou pandan gwo pwoblèm ki gen ann Ikrèn yo

MIZAJOU | Frè ak sè yo kontinye demontre lanmou pandan gwo pwoblèm ki gen ann Ikrèn yo

Frè ak sè nou yo nan vil Mariyoupol, Kakiv, Ostomèl ak lòt vil ankò ap fè fas ak gwo difikilte akoz bonm Larisi kontinye ap lage ann Ikrèn. Gen kèk frè ak sè ki oblije rete nan sousòl kay yo oswa kote yo abrite yo a pandan anviwon yon semèn. Yo pa rete anpil manje e pwoblèm kouran, Entènèt ak pwoblèm siyal fè li difisil pou yo kominike ak frè ak sè yo.

Malerezman, frè Dmytro Rozdorskyi, yon ansyen ki gen 28 an ki t ap viv Minorad, mouri yon ti tan apre l te fin mache sou yon bonm. N ap priye pou sila yo ki gen moun pa yo ki mouri e pou frè ak sè nou yo ki nan zòn kote y ap lage anpil bonm. — 2 Tesalonisyen 3:1.

Yon Sal Wayòm nan vil Ovwouch, Ikrèn, ki sibi gwo domaj akoz bonm yo lage yo.

Rive 7 mas 2022, men ki rapò frè yo nan peyi Ikrèn voye pou nou:

Sitiyasyon frè ak sè nou yo

  • 2 pwoklamatè mouri.

  • 8 pwoklamatè blese.

  • 20 617 pwoklamatè kite kay yo pou al yon kote y ap plis an sekirite nan peyi a.

  • 25 kay kraze.

  • 29 kay sibi gwo domaj.

  • 173 kay sibi ti domaj.

  • 5 Sal Wayòm sibi domaj.

Dispozisyon pou pote èd

  • Gen 27 komite sekou k ap travay pou ede frè ak sè yo ann Ikrèn.

  • Komite sekou yo deja ede 6 548 pwoklamatè jwenn kote ki an sekirite pou yo rete.

  • Gen 7 008 pwoklamatè ki deplase al nan lòt peyi e frè ak sè nou yo nan peyi sa yo ap ede yo.

  • Yo prepare 1 Sal asanble ak anviwon 30 Sal Wayòm nan pati wès peyi Ikrèn pou yo pran swen refijye yo, tankou nan zòn Chenevsi, Ivano-Frankivsk, Lviv ak zòn Transkapati.