Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki sa m ka fè pou m amelyore kapasite pou m fè konvèsasyon?

Ki sa m ka fè pou m amelyore kapasite pou m fè konvèsasyon?

 Poukisa nou dwe pale fasafas?

 Gen kèk moun ki di li pi fasil pou yo annik voye yon mesaj tèks pou yon moun olye yo pale fasafas, paske pale fasafas difisil e sa fè yo santi yo strese.

 “Lè w ap pale ak yon moun fasafas, ou sou presyon paske w pa ka chanje oswa efase sa w di yo menm jan ou fè lè w ap voye yon mesaj tèks.” — Anna.

 “Yon mesaj tèks se tankou w ap gade yon pwogram ki deja anrejistre, alòske lè w ap pale fasafas se tankou w ap gade yon pwogram an dirèk. Sèl bagay ki nan tèt mwen lè m ap pale se pou m pa di yon bagay m pa t dwe di.’” — Jean.

 Men, rive yon lè, w ap bezwen konnen ki jan pou w pale fasafas ak lòt moun. Pa egzanp, ou bezwen aprann fè konvèsasyon fasafas si w ta renmen gen nouvo zanmi, pou w chèche travay oswa pou w kenbe yon travay oswa pou w kòmanse yon relasyon ak yon moun lè w pare pou w renmen.

 Men, ou pa bezwen kite sa fè w pè. Menmsi ou se yon moun ki timid, ou kapab rive pale ak moun fasafas.

 “Sa ap rive kanmenm w ap mal di yon bagay e sa ap fè w malalèz. Ou pa dwe bay sa twòp enpòtans.” — Neal.

 Fason pou n kòmanse yon konvèsasyon

  •   Poze kesyon. Reflechi sou yon sijè ki ka enterese lòt moun epi eseye kòmanse yon konvèsasyon sou sijè sa a. Pa egzanp, ou ka di:

     “Ki sa w fè kòm travay?”

     “Ou gen frè ak sè?”

     “Èske w tande nouvèl sou...?”

     Pou w ka poze kesyon ki pi presi, ou ka reflechi si ou menm ak moun nan pa gen kèk eksperyans nou te fè ki sanble oswa si nou pa enterese nan menm bagay. Pa egzanp, èske nou nan menm lekòl oswa èske nou travay menm kote? Ou ka poze kesyon ki gen rapò swa ak eksperyans sa a nou toude te fè a oswa sa ki enterese nou toude a.

     “Reflechi sou kesyon ki enterese w ou menm e w ta renmen konn ki repons lòt moun bay pou yo.” — Maritza.

     Fè atansyon: Pa poze yon pakèt kesyon youn apre lòt kòmsi se yon entèvyou w ap fè. Epitou, pa poze kesyon ki ka fè moun nan santi l jennen. Kesyon tankou: “Ki bagay ki te pi difisil ki te rive w sa pa gen lontan?” Oswa “poukisa w toujou mete rad ki gen koulè ble?” kapab fè moun nan santi l jennen. Dezyèm kesyon an ka menm sanble se kritike w ap kritike moun nan!

     Pou w evite poze kesyon k ap bay enpresyon w ap fè yon entèvyou oswa yon entèwogatwa, ou ka bay opinyon pa w apre moun nan fin reponn kesyon w te poze a. Konsa, se yon konvèsasyon w ap fè ak moun nan, se pa yon entèvyou.

    Èske w poze kesyon tankou yon polisye k ap poze kesyon?

     Prensip biblik: “Lide yon nonm gen nan tèt li, se tankou dlo nan yon pi byen fon. Men, yon moun lespri ka rale yo mete deyò.” — Pwovèb 20:5, Bib la.

  •   Byen koute. Pou w reyisi fè yon konvèsasyon, li pi enpòtan pou w byen koute olye w pale anpil.

     “Lè m ap pale ak yon moun, objektif mwen se pou m aprann yon nouvo bagay sou moun nan. Apre sa, m fè efò pou m sonje sa l te di m pou m ka poze l yon kesyon sou sijè a pwochen fwa n ap pale.” — Tamara.

     Fè atansyon: Pa konsantre sou sa w pral di. Si w byen koute, w ap jwenn yon repons dapre sa moun nan di a.

     Prensip biblik: “Tout moun dwe dispoze koute, yo pa dwe prese pale.” — Jak 1:19.

  •    Montre bonjan enterè. Konvèsasyon an ap pi enteresan si w pran ka moun w ap pale avè l la.

     “Lè w fè moun w ap pale avè l la santi ou enterese toutbon nan sa l ap di, konvèsasyon an ap enteresan, menmsi vin gen kèk moman kote nou pap di anyen e w santi w malalèz.” — Marie.

     Fè atansyon: Pa poze kesyon ki twò pèsonèl. Pa egzanp, si w di: “Vès ou a bèl. Konbyen kòb w achte l?” Petèt kesyon sa a ka fè moun nan santi l jennen.

     Prensip biblik: “Pa chèche enterè pa nou sèlman, men [...] chèche enterè pa lòt moun tou.” — Filipyen. 2:4.

 Ki jan w ka fini yon konvèsasyon? Men sa yon jèn gason ki rele Jordan di: “Fè efò pou w fini konvèsasyon an ak yon bagay ki pozitif. Petèt ou ka di: ‘M te kontan pale avè w’, oswa ‘m swete w pase yon bon jounen’. Konsa, pwochen fwa ou wè moun nan, li ka pi fasil pou w fè yon lòt bèl konvèsasyon avè l.”