KESYON 2
Ki jan w ka aprann konnen Bondye?
“Pawòl ki nan liv Lalwa a dwe toujou nan bouch ou e ou dwe li l tou ba lajounen kou lannuit pou w ka byen suiv tout sa ki ekri ladan l. Konsa, tout sa w ap fè ap reyisi e w ap aji avèk sajès.”
“E yo te kontinye li Lalwa vrè Dye a byen fò, yo te esplike l byen klè e yo te fè yo konprann li. Konsa, yo te ede pèp la konprann sa yo t ap li a.”
“Byennere moun ki pa suiv konsèy mechan yo, [...] men, li pran plezi nan lwa Jewova a e li li lwa sa a tou ba lajounen kou lannuit. [...] L ap reyisi nan tout sa l fè.”
“Filip kouri al bò charyo a, e li tande Etyopyen an k ap li awotvwa nan liv pwofèt Ezayi a. Li mande l: ‘Èske w vrèman konprann sa w ap li a?’ Li reponn: ‘Ki jan m ka rive byen konprann si pa gen yon moun ki ede m?’”
“Kalite li yo ki envizib, sètadi pisans li ki etènèl e lefètke se li menm reyèlman ki Bondye, parèt klè depi nan kreyasyon monn nan, paske moun rive wè yo nan bagay li fè yo, e konsa, yo san eskiz.”
“Reflechi sou bagay sa yo, plonje nèt ladan yo, yon fason pou tout moun ka wè pwogrè w aklè.”
“Annou voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon, san nou pa abandone reyinyon nou.”
“Si youn nan nou manke sajès, se pou l kontinye mande Bondye l, e l ap ba li l, paske l donan ak tout moun, e li pa fè repwòch.”