Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Liv Pwovèb

Chapit

Sa k ladan l

  • 1

    • Objektif pwovèb yo (1-7)

    • Danje ki gen nan fè move zanmi (8-19)

    • Vrè sajès la rele byen fò nan lari (20-33)

  • 2

    • Enpòtans sajès genyen (1-22)

      • Chèche sajès kòmsi ou t ap chèche trezò ki kache (4)

      • Lè w aprann reflechi, sa ap pwoteje w (11)

      • Imoralite lakòz gwo pwoblèm (16-19)

  • 3

    • Montre w saj, epi fè Jewova konfyans (1-12)

      • Onore Jewova avèk bagay ki gen valè (9)

    • Sajès bay kè kontan (13-18)

    • Sajès ap pwoteje w (19-26)

    • Fason pou nou boule ak lòt moun (27-35)

      • Fè byen pou lòt moun depi w kapab (27)

  • 4

    • Konsèy ki gen sajès yon papa bay (1-27)

      • Bat pou w gen sajès, se sa ki pi enpòtan (7)

      • Evite chemen mechan yo (14, 15)

      • Chemen moun ki dwat la kontinye vin pi klere (18)

      • “Pwoteje kè w” (23)

  • 5

    • Avètisman kont fi ki deregle a (1-14)

    • Pran plezi w ak madanm ou (15-23)

  • 6

    • Atansyon lè w ap pwomèt pou w responsab dèt yon moun (1-5)

    • “Al kot foumi yo, ou menm, parese” (6-11)

    • Moun ki pa itil anyen e ki mechan an (12-15)

    • Sèt bagay Jewova rayi (16-19)

    • Veye kò w ak fi ki pa bon an (20-35)

  • 7

    • Obeyi kòmandman Bondye yo pou w ka viv (1-5)

    • Yo pran tèt yon jèn gason ki pa konprann anyen (6-27)

      • “Tankou yon towo bèf y ap mennen labatwa” (22)

  • 8

    • Sajès ap pale kòmsi se te yon moun (1-36)

      • ‘Mwen fèt an premye nan tout sa Bondye te fè’ (22)

      • ‘Bò kote Bondye kòm yon moun ki konn travay byen’ (30)

      • ‘Mwen te renmen pitit lèzòm yo’ (31)

  • 9

    • Vrè sajès la ap rele lèzòm (1-12)

      • “Grasa mwen, w ap viv anpil tan” (11)

    • Fi ki sòt la ap rele moun vini (13-18)

      • “Dlo moun vòlè bon anpil” (17)

  • PWOVÈB SALOMON YO (10:1–24:34)

    • 10

      • Yon pitit ki gen sajès fè kè papa l kontan (1)

      • Moun ki travay di ap rich (4)

      • Lè moun pale twòp, sa fè yo peche (19)

      • Benediksyon Jewova bay fè moun rich (22)

      • Lakrentif pou Jewova fè moun viv pi lontan (27)

    • 11

      • Se moun ki konn limit yo ki gen sajès (2)

      • Aposta yo fini ak lòt moun (9)

      • “Tout bagay mache byen lè gen anpil moun k ap bay konsèy” (14)

      • Moun ki renmen bay la, zafè l ap byen mache (25)

      • Moun ki kwè nan richès li genyen ap tonbe (28)

    • 12

      • Moun ki rayi moun korije l pa gen bonsans (1)

      • “Pawòl moun di san reflechi tankou kout epe” (18)

      • Lè moun ankouraje moun fè lapè, sa bay kè kontan (20)

      • Moun k ap bay manti bay Jewova degoutans (22)

      • Tètchaje fè kè moun vin lou (25)

    • 13

      • Moun k ap chèche konsèy gen sajès (10)

      • Lè yon moun ap tann yon bagay e sa pa rive lè l t ap tann li an, sa fè l pèdi espwa (12)

      • Yon mesaje ki fidèl fè moun jwenn byenfè (17)

      • Moun ki mache ak moun ki gen sajès ap vin gen sajès (20)

      • Moun ki bay disiplin demontre lanmou (24)

    • 14

      • Lapenn yon moun se nan kè l li ye (10)

      • Yon wout ki parèt dwat kapab mennen nan lanmò (12)

      • Moun ki manke konprann nan kwè tout sa moun di (15)

      • Moun ki rich la gen anpil zanmi (20)

      • Lè kè yon moun poze, sa fè tout kò l an sante (30)

    • 15

      • Yon repons ki dous kalme kòlè (1)

      • Je Jewova tout kote (3)

      • Priyè moun ki dwat yo fè Bondye plezi (8)

      • Kote ki pa gen dyalòg, plan pap mache (22)

      • Reflechi anvan w reponn (28)

    • 16

      • Jewova egzamine sa k pouse yon moun aji (2)

      • Lage tout sa w ap fè nan men Jewova (3)

      • Se pou Jewova bon balans yo ye (11)

      • Ògèy lakòz moun tonbe (18)

      • Cheve blan se yon bèl kouwòn (31)

    • 17

      • Pa aji mal ak moun ki fè byen pou ou (13)

      • Anvan diskisyon pete, wete kò w! (14)

      • Yon bon zanmi demontre lanmou toutan (17)

      • “Kè kontan se bon remèd” (22)

      • Yon moun ki gen bon konprann kontwole sa l ap di (27)

    • 18

      • Moun ki met kò l apa a egoyis e li pa gen sajès (1)

      • Non Jewova se yon fò ki byen solid (10)

      • Richès bay yon fo pwoteksyon (11)

      • Li saj pou nou koute toule de pati yo (17)

      • Gen zanmi ki pi fidèl pase yon frè (24)

    • 19

      • Bon konprann yon moun genyen fè l bese kòlè l (11)

      • Yon madanm ki toujou sou kont tankou yon do kay ki gen goutyè (13)

      • Madanm ki prevwayan an, se Jewova ki bay li (14)

      • Bay yon timoun disiplin pandan gen espwa toujou (18)

      • Li saj pou nou koute konsèy (20)

    • 20

      • Diven fè moun aji yon fason ki dwòl (1)

      • Moun ki parese a pa al travay tè nan sezon fredi (4)

      • Panse moun tankou dlo ki fon (5)

      • Pa kouri fè ve (25)

      • Glwa jèn yo se fòs yo (29)

    • 21

      • Jewova dirije kè yon wa kote l vle (1)

      • Fè sa ki dwat pi bon pase sakrifis (3)

      • Tout bagay ap mache byen pou moun ki travay byen an (5)

      • Moun ki pa koute malere yo, yo pap koute l tou (13)

      • Pa gen okenn sajès lakay moun ki kont Jewova yo (30)

    • 22

      • Yon bon repitasyon pi bon pase anpil richès (1)

      • Sa yo montre yon timoun ap itil li pou tout lavi l (6)

      • Parase a pè lyon ki deyò a (13)

      • Disiplin fè timoun vin pa sòt ankò (15)

      • Yon moun ki fè travay li byen, se pou wa l ap travay (29)

    • 23

      • Kontwole tèt ou lè moun resevwa w lakay yo (2)

      • Pa kouri dèyè richès (4)

      • Richès ka vole al kite w (5)

      • Pa vin yon moun ki bwè twòp (20)

      • Alkòl mòde tankou yon sèpan (32)

    • 24

      • Pinga w anvye sò moun ki mechan (1)

      • Se grasa sajès y ap bati yon kay (3)

      • Moun ki dwat la ka tonbe, men l ap leve ankò (16)

      • Pa fè vanjans (29)

      • Ret ap kabicha fè moun pòv (33, 34)

  • PWOVÈB SALOMON MESYE WA EZEKYAS YO TE KOPYE (25:1–29:27)

    • 25

      • Sekrè (9)

      • Pawòl ki byen chwazi (11)

      • Pa plede al lakay moun (17)

      • Anpile chabon ki byen limen sou tèt yon ènmi (21, 22)

      • Yon bon nouvèl tankou dlo fre (25)

    • 26

      • Lè yon moun parese (13-16)

      • Pa antre nan diskisyon ki pa pou ou (17)

      • Evite twonpe moun epi pou n ta di se jwe n ap jwe (18, 19)

      • San bwa, pa gen dife (20, 21)

      • Pawòl yon moun k ap pale moun mal tankou yon ti manje ki gou (22)

    • 27

      • Sa bon lè yon zanmi korije w (5, 6)

      • Pitit mwen, fè kè m kontan (11)

      • Fè file fè (17)

      • Byen konnen twoupo bèt ou (23)

      • Richès pa la pou toutan (24)

    • 28

      • Priyè moun ki refize obeyi a bay degoutans (9)

      • Moun ki konfese peche yo, y ap fè yo mizèrikòd (13)

      • Moun k ap kouri dèyè richès pap ret inosan (20)

      • Li pi bon pou w korije moun pase w achte figi yo (23)

      • Moun ki renmen bay pa manke anyen (27)

    • 29

      • Timoun yo kite l fè sa l vle a ap fè manman l wont (15)

      • Kote ki pa gen vizyon, pèp la lage san kontwòl (18)

      • Yon moun ki fè kòlè ap leve diskisyon (22)

      • Moun ki gen imilite a ap jwenn glwa (23)

      • Lakrentif pou lòm se yon pyèj (25)

  • PAWÒL AGOU YO (30:1-33)

    • 30

      • Pa fè m ni pòv ni rich (8)

      • Bagay ki pa janm satisfè (15, 16)

      • Bagay moun pa rive konprann (18, 19)

      • Yon fi ki nan adiltè (20)

      • Bèt ki fèt ak tout sajès yo (24)

  • PAWÒL WA LEMWÈL YO (31:1-31)

    • 31

      • Kiyès ki ka jwenn yon bon madanm? (10)

      • Li travay di (17)

      • Li pale ak bonte (26)

      • Pitit li ak mari l fè lwanj pou li (28)

      • Bote yon fi ka pa dire (30)