Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

M ap mache ak Jewova nètale

M ap mache ak Jewova nètale

Telechaje:

  1. 1. Dèfwa, m’konn anvi konnen ki sa demen ap pote pou mwen,

    Wi, ki jan lavi’m ap ye, ki wout ki pap mennen’m nan chagren.

    Men sa mwen konnen, kèlkeswa sa ki rive,

    Mwen remèt Jewova lavi’m, nètale.

    (REFREN)

    Pou mwen sa’k pi enpòtan, sa ki ban’m kè kontan,

    Sa k’ap ban’m lavi, lavi k’ap la toutan,

    Wi, se fè Jewova plezi, obeyi tout sa’l di’m.

    Li ban mwen tou sa’m bezwen. Mwen pap janm bliye sa.

    Mwen ba’l lavi mwen e’m pap janm regrèt sa.

    M’ap mache avè’l nètale, wi, chak jou nan lavi’m.

  2. 2. Dèfwa, mwen konn gen tandans al nan yon wout mwen konnen’k pa bon,

    Yon wout ki ka fè’m kite yon kote mwen jwenn benediksyon.

    Men lè mwen sonje yon jou mwen te fè yon ve

    Se kòmsi gen yon vwa k’ap di’m: “Pa devye”.

    (REFREN)

    Pou mwen sa’k pi enpòtan, sa ki ban’m kè kontan,

    Sa k’ap ban’m lavi, lavi k’ap la toutan,

    Wi, se fè Jewova plezi, obeyi tout sa’l di’m.

    Li ban mwen tou sa’m bezwen. Mwen pap janm bliye sa.

    Mwen ba’l lavi mwen e’m pap janm regrèt sa.

    M’ap mache avè’l nètale, wi, chak jou nan lavi’m.

    (YON TI DIPLIS)

    Jewova se zanmi’m, li pap janm lage’m.

    Si’m vle mache avè’l, se sèten l’ap ede’m.

    Si’w sèvi Jewova chak jou nan lavi’w,

    W’ap gen anpil kè kontan, li pap pa beni’w.