Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Bèl bagay ou fè yo pouse m ba ou glwa

Bèl bagay ou fè yo pouse m ba ou glwa

Telechaje:

  1. 1. M’tande zwazo k’ap chante pandan l’ap jou,

    E’m wè zetwal ki disparèt lè solèy leve.

    Solèy la byen klere sou pyebwa yo,

    Pandan yon bon ti van fre pa sispann vante.

    (ANVAN REFREN)

    Mwen tonbe chante: “Jewova, Papa,

    Lè’m gade syèl la, m’ret bouch ouvè.” M’ap mande tèt mwen:

    “Ki sa nou ye pou’w panse avè’n?”

    (REFREN)

    Mwen wè tout sa’w fè, e m’ap ba ou glwa.

    Mwen wè tout sa’w fè, e m’ap ba ou glwa.

    M’ap ba ou glwa.

  2. 2. Gade jan bèt yo bèl, y’ap viv anpè.

    Kit yo gwo, kit yo piti, èske’w konn sa y’ap di?

    Sou tout tèt mòn rive jis nan fon lanmè,

    Se pou tout sa k’ap viv fè louwanj pou ou.

    (ANVAN REFREN)

    Mwen tonbe chante: “Jewova, Papa,

    Lè’m gade syèl la, m’ret bouch ouvè.” M’ap mande tèt mwen:

    “Ki sa nou ye pou’w panse avè’n?”

    (REFREN)

    Mwen wè tout sa’w fè, e m’ap ba ou glwa.

    Mwen wè tout sa’w fè, e m’ap ba ou glwa.

    M’ap ba ou glwa.

    (YON TI DIPLIS)

    Lè’n pran tan reflechi sou sa’n wè yo,

    N’ap vin byen konnen’w, o Bondye, Ou menm ki ban’n lavi.