Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kot plas mwen ye

Kot plas mwen ye

Telechaje:

  1. 1. Lè’m reflechi, lè’m byen gade,

    Chak moun konnen kote’l vle ye.

    M’konn sa’k mal, m’konn sa’k bon,

    Wi, m’konn kot plas pa’m ye toutbon.

    Sa fè’m kontan pou mwen konnen

    Kote pou’m ye, pou’m santi’m byen,

    Pou’m jwenn zanmi, wi, bon zanmi

    K’ap fòtifye’m pou’m pa febli.

    (REFREN)

    Wi, m’wè nan fon kè’m

    Se yon lit sa ye.

    Jewova se ou

    K’ap pote’m sekou,

    K’ap fè’m wè kot plas mwen ye.

  2. 2. Wi, mwen sèten mwen f’on bon chwa,

    Mwen pap kite kote’m ye a.

    Mwen li Labib, mwen pratike’l.

    Kè mwen pouse’m pou’m anseye’l.

    Kouny’a m’konnen kote’m dwe ye,

    Ak zanmi’m yo ki renmen’m vre.

    Ak yo m’vle ye, nou s’on fanmi,

    Jewova ban’m yo pou lavi.

    (REFREN)

    Wi, m’wè nan fon kè’m

    Se yon lit sa ye.

    Jewova se ou

    K’ap pote’m sekou,

    K’ap fè’m wè kot plas mwen ye.