Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Chwa m gen pou m fè

Chwa m gen pou m fè

Telechaje:

  1. 1. Mwen nan yon kafou,

    M’pa konn ki wout pou’m fè.

    Mwen damou,

    Mwen prèske fou,

    Sa klè, li gentan twò ta.

  2. 2. Chak jou’m goumen

    Pou’m fè sa ki byen.

    Mwen pa vle kite kè’m gide’m.

    Mwen vle pou Bib la dirije’m.

  3. 3. Sa vrèman difisil.

    Kè’m ki trèt renmen fè kalkil,

    Li vle fè’m pran sa’k mal pou byen,

    Men, Jewova ban’m lamen.

    (REFREN)

    Li di’m: “Sonje m’renmen ou, mwen pa vle pèdi ou.

    Fè’m konfyans nan tout bagay.

    M’ap ede’w, m’ap ba’w kouray.”

  4. 4. Sa nou chwazi gen efè sou vi’n,

    Sa dwe toujou grave nan lespri’n.

    Batay la di. Nan kè’n nou ka soufri,

    Men’n pa dwe janm bay legen.

    N’ap ka gen lavi san fen.

  5. 5. Lè’m panse ak chwa m’te fè

    Pou’m viv jan Jewova vle,

    Sa te rèd, mwen te lite,

    Men, Jewova ede’m vanse.