Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Mwen gen konfyans nan ou

Mwen gen konfyans nan ou

Telechaje:

  1. 1. Pawòl ou byen plante nan kè’m,

    Tank’on pyebwa ki fèm.

    E li toujou kalme lespri’m, li fè’m santi’m anpè.

    Kèlkeswa jan sa ta ye,

    Mwen jwenn konsèy ki ede’m.

    Pawòl ou a pa janm sispann fè mwen sonje m’dwe

    (ANVAN REFREN)

    Kenbe, pa pè anyen,

    Rete djanm. Bondye ap ban’m lamen.

    (REFREN)

    Malgre pwoblèm, Pawòl ou

    Vrèman ban’m fòs toulejou.

    E’m ka di byen fò mwen vin gen plis konfyans nan ou.

  2. 2. Lè monn nan vle’m devye nèt

    Pou’m ka suiv kè mwen ki trèt,

    Se ou’m rele, paske’m konnen’w toujou toupre.

    Mwen pran tan pou’m medite.

    M’pa sèlman li sa’w mande,

    Mwen kite yo gide’m toutan, yo ede’m pou’m

    (ANVAN REFREN)

    Kenbe, pa pè anyen,

    Rete djanm. Bondye ap ban’m lamen.

    Mwen lite lè’m jwenn dekourajman,

    M’konsantre sou bèl rekonpans lan.

    (REFREN)

    Malgre pwoblèm, Pawòl ou

    Vrèman ban’m fòs toulejou.

    E’m ka di byen fò mwen vin gen plis konfyans nan ou.

    Nan ou.

    (ANVAN REFREN)

    Kenbe, pa pè anyen,

    Rete djanm. Bondye ap ban’m lamen.

    Mwen lite lè’m jwenn dekourajman,

    M’konsantre sou bèl rekonpans lan.

    (REFREN)

    Malgre pwoblèm, Pawòl ou

    Vrèman ban’m fòs toulejou.

    E’m ka di byen fò mwen vin gen plis konfyans nan ou.