Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Mwen kwè nan ou

Mwen kwè nan ou

Telechaje:

  1. 1. Sa f’on ti tan deja,

    Mwen remake

    M’ap sèvi Jewova

    San’m pa gen yon objektif.

    Se menm woutin nan m’genyen depi lontan.

    Wi, sa klè, mwen dwe fè yon bagay,

    Fò’m fè ajisteman.

    (REFREN)

    M’ap pote yon chanjman depi jodi a.

    Mwen pa vle pran tan, mwen sou bon wout la.

    Jewova, mwen wè ki sa’m dwe fè tou:

    M’ap chanje direksyon, e mwen kwè nan ou.

  2. 2. Wi, m’ap bezwen kouraj,

    Men, mwen vin wè

    Lè’m chanje konsepsyon’m,

    Sa fè’m jwenn anpil byenfè.

    M’eseye lòt metòd, e sa fè’m chofe.

    Te gen pòt ki te ouvri byen laj

    Mwen pa’t janm imajine.

    (REFREN)

    Donk, m’ap fè yon chanjman, mwen sou bon wout la.

    Mwen pa vle pran tan, m’kòmanse deja.

    Jewova, mwen wè ki sa’m dwe fè tou:

    M’ap chan-je direksyon, e mwen kwè nan ou.

    (YON TI DIPLIS)

    Se vre, mwen pa’t janm panse

    Sa t’ap yon reyalite.

    E mwen pa vrèman konnen,

    Sa’k te fè’m kwè sa

    Men’l klè, kouny’a mwen vin wè

    Tout benediksyon mwen jwenn.

    E’m sèten ap gen toujou

    Depi mwen pa faya.

    (REFREN)

    Wi, m’ap fè yon chanjman, m’kòmanse deja.

    M’ap fè kèk chanjman pandan’m sou wout la.

    Jewova, m’te wè sa’m te dwe fè tou.

    Ou te ban’m benediksyon’w, mwen te kwè nan ou.

    (REFREN)

    Donk, m’ap fè yon chanjman depi jodi a.

    Mwen pa vle pran tan, mwen sou bon wout la.

    Jewova, mwen wè ki sa’m dwe fè tou.

    M’ap chanje direksyon.

    (REFREN)

    Donk, m’ap fè yon chanjman, mwen sou bon wout la.

    Mwen pa vle pran tan, m’kòmanse deja.

    Jewova, mwen wè ki sa’m dwe fè tou:

    M’ap chanje direksyon, e mwen kwè nan ou.

    Mwen kwè nan ou.