Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou pa bezwen pè

Nou pa bezwen pè

Telechaje:

  1. 1. Nou tout ka devye, lè pwoblèm yo met pye.

    Santiman nou yo konn vle pote’n ale.

    Lè gwo tètchaje frape nou,

    Sa pa vle di’n san sekou.

    Chèche’l,

    Li la.

    (REFREN)

    Nou pa bezwen pè, paske’L bò kote’n,

    L’ap pran men’n pou’L sove nou paske Li jis.

    Lè lavi’a malmennen’n,

    Se pou’n toujou sonje nou pa poukò’n.

    Non, nou pa janm poukò’n.

    Priye.

    Nou pa bezwen pè.

  2. 2. Li ban nou zanmi ki toujou la,

    Yo priye ak lafwa nan moman’n bezwen sa.

    E chak jou lè’n li Pawòl Li,

    Nou jwenn fòs pou nou andire.

    N’ap rele’l,

    Lè nou tris.

    (REFREN)

    Nou pa bezwen pè, paske’L bò kote’n,

    L’ap pran men’n pou’L sove nou paske Li jis

    Lè lavi’a malmennen’n,

    Se pou’n toujou sonje nou pa poukò’n.

    Non, nou pa janm poukò’n.

    Priye.

    (YON TI DIPLIS)

    Lè fènwa soti pou anvayi’w,

    Leve tèt ou,

    Y’ap pote’w sekou.

    (REFREN)

    Nou pa bezwen pè, paske’L bò kote’n,

    L’ap pran men’n pou’L sove nou paske Li jis.

    Lè lavi’a malmennen’n,

    Se pou’n toujou sonje nou pa poukò’n.

    Non, nou pa janm poukò’n.

    Priye.

    Nou pa bezwen pè.