Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Youn renmen lòt vre

Youn renmen lòt vre

Telechaje:

  1. 1. Tout kote’w ale, ou gen fanmi toupre’w.

    Paske, tout kote’w ale, frè ak sè yo bò kote’w.

    Yo gen lanmou,

    Vrè lanmou.

    Youn renmen lòt vre.

    Ou jwenn lanmou.

  2. 2. Frè ak sè yo toupatou sou latè

    Ap suiv direksyon Jewova ak Jezi.

    Yo gen lanmou,

    Yo ba’w lanmou.

    Youn renmen lòt vre.

    Ou jwenn lanmou.

    (REFREN)

    Papa nou ban’n sa nou bezwen,

    Nou tout nèt konte.

  3. 3. Kit ou byen lwen, kit w’ap viv sou tèt mòn,

    Kit ou nan gwo vil, kit w’ap viv n’on ti zile,

    Sonje’w gen

    Yon fanmi, wi, se pèp Bondye a.

    Ou jwenn lanmou.

    (REFREN)

    Papa nou ban’n sa nou bezwen,

    Wi, nou tout nèt konte.

    (YON TI DIPLIS)

    Men, nan monn nan, bagay yo lèd:

    Manke lanmou, bagay yo rèd.

    Ala nou kontan dèske’n konnen

    Jewova la ak pèp li a!

  4. 4. Jezi te mande’n pou youn renmen lòt,

    Nou se yon gwo foul moun k’ap mache kòtakòt,

    Nan vrè lanmou.

    E ou menm tou, ou nan fanmi sa’.

    Ou jwenn lanmou!

    Ou jwenn lanmou!