Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Akeyi moun se yon bon abitid”

“Akeyi moun se yon bon abitid”

Telechaje:

  1. 1. Yon bon ti manje, oswa’on ti kafe,

    Yon detant nou pran, yon ti pale,

    Se grasa Jewova nou kapab genyen tou sa.

    Sa pouse’n pou’n ba’l glwa!

    (REFREN)

    Akeyi moun se yon bon abitid

    Nou tout dwe devlope.

    Nou imite Bondye ki s’on bon gid,

    Vrè lanmou’n demontre.

  2. 2. Si‘n g’on kote pou’n rete nou mèt di Bondye mèsi.

    Men, si’n dwe pataje’l, sa ta dwe fè’n plezi.

    Ann bay ak tout kè nou, n’ap kontan se sèten,

    Y‘ap wè’n se kretyen.

    (REFREN)

    Akeyi moun se yon bon abitid

    Nou tout dwe devlope.

    Nou imite Bondye ki s’on bon gid,

    Vrè lanmou’n demontre.

    (YON TI DIPLIS)

    Gen moun ki pa gen sa’n genyen,

    Nou fèt pou’n pataje.

    Malè frape, yo san anyen.

    Si sa fè’n mal vre,

    Èske’n pa ka akeyi yon zanmi k’an detrès?

    Sa t’ap yon bèl jès!

    (REFREN)

    Akeyi moun se yon bon abitid

    Nou tout dwe devlope.

    Nou imite Bondye ki s’on bon gid,

    Vrè lanmou’n demontre.

    Vrè lanmou’n demontre.

    Vrè lanmou’n demontre.