Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Chèche

Chèche

Telechaje:

  1. 1. Nou konn tande ‘chèche, w’ap jwenn’

    Laverite, yon pèl ki ra.

    Dout te fin anvayi’n, nou pa’t ka wè klè,

    Men nou pa’t pèdi espwa.

    (ANVAN REFREN)

    Nou te kontinye chèche san rete.

    Paske nou te konnen laverite egziste.

    (REFREN)

    Chèche! Chèche jwenn repons,

    Repons pou tout bagay

    N’ap fè efò pou nou konprann:

    Ki kote lòm soti, sa’k fè’n bezwen pou Wayòm Bondye a vini.

    Chèche byen pou’n jwenn.

  2. 2. Nou pa’t janm konnen Bondye g’on non.

    Jewova, se Li sèl pou’n priye.

    Nou vin renmen chak sa n’aprann,

    Yo ede’n pou’n wè pi klè.

    (ANVAN REFREN)

    E’n te kontinye chèche san rete.

    Nou rive konn ki kote’n soti, kote nou prale.

    (REFREN)

    Chèche! Chèche jwenn repons,

    Repons pou tout bagay

    Nou fè efò pou nou konprann:

    Ki kote lòm soti, yon paradi Wayòm Bondye a pwomèt k’ap vini.

    Chèche e w’ap jwenn.

    (YON TI DIPLIS)

    Kouny’a nou pa ka fè bak, lè’n jwenn moun k’ap chèche

    Laverite, yon pèl ra.

    Lè yo gen dout avèk anpil kesyon,

    Nou ede yo gen espwa,

    E’n montre yo sa’n vin konnen.

    (REFREN)

    Chèche! Chèche jwenn repons,

    Repons pou tout bagay

    Y’ap fè efò pou yo konprann:

    Ki kote lòm soti, viv pou toutan lè Wayòm Bondye a vini.

    Chèche e w’ap jwenn.