Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Aprann lòt lang fè n jwenn benediksyon

Aprann lòt lang fè n jwenn benediksyon

Telechaje:

  1. 1. Siman w’ap mande tèt ou,

    Si’w ta dwe ale.

    Ou priye w’medite tou,

    Pou’w konn volonte Bondye.

    Donk, ann fè yon ti chita

    Pou’n ede’w pr’on desizyon.

    Si ou franchi etap sa’,

    W’ap gen kè kontan toutbon!

    (REFREN)

    Li bon pou’w franchi etap sa’,

    Kite pwoblèm ou dèyè.

    Si ou franchi etap sa’,

    Ou pa ka pa jwenn byenfè.

    Franchi etap sa’!

    Franchi etap sa’, pa pè ale Masedwàn!

  2. 2. Lè n’al preche, sa bay lajwa,

    Rezilta’n jwenn yo se mèvèy.

    Ou ka pa’t espere sa’:

    Etranje’k ba’w bèl akèy.

    E w’ap vin pi pwòch Jewova,

    L’ap toun’on bon zanmi.

    Paske li pral toujou la

    Pou’l ede’w nan chak etap ou pral franchi.

    (REFREN)

    Li bon lè’w franchi etap sa’

    Kite pwoblèm ou dèyè.

    Si ou franchi etap sa’,

    W’ap jwenn trezò’w aklè.

    Petèt w’ap reflechi sou sa:

    Èske se bon wout la?

    (REFREN)

    Li bon lè’w franchi etap sa’.

    Ou pa ka pa jwenn byenfè.

    Franchi etap sa’.

    Franchi etap sa’.

    Li bon lè’w franchi etap sa’, pa pè ale Masedwàn!