Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Imajine jou sa a!

Imajine jou sa a!

Telechaje:

  1. 1. Lè lavi a rèd nan kò mwen,

    E’m pa ka jwenn sa’m gen bezwen,

    Mwen fèmen je’m, e’m vin ka wè

    Jan bagay yo pral ye talè.

    (REFREN)

    Imajine jou kote rèl pap la,

    Lavi ap bèl, n’ap vin jèn, n’ap anjwa.

    Imajine jou kote n’ap di Bondye:

    “Mèsi, mèsi pou lavi sa’ n’ap jwi san rete!”

  2. 2. M’soud depi’m piti, mwen bèbè,

    Epi kouny’a, m’prèske pa wè.

    M’gen pou’m tande bèl mizik yo,

    E je’m ap wè yon monn nouvo.

    (REFREN)

    Imajine jou kote rèl pap la,

    Lavi ap bèl, n’ap vin jèn, n’ap anjwa.

    Imajine jou kote n’ap di Bondye:

    “Mèsi, mèsi pou lavi sa’ n’ap jwi san rete!”

    (YON TI DIPLIS)

    M’pa ka mache jodi a, mwen soufri,

    Men, m’pral ponpe e m’ap ka kouri!

    (REFREN)

    Imajine jou kote rèl pap la,

    Lavi ap bèl, n’ap vin jèn, n’ap anjwa.

    Imajine jou kote n’ap kontan toutan,

    Chak jou ap pi bèl pase anvan’.

    (REFREN)

    Imajine jou kote rèl pap la,

    Lavi ap bèl, n’ap vin jèn, n’ap anjwa.

    Imajine jou kote n’ap di Bondye:

    “Mèsi, dèske’n ka viv nèt ale!”