Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Mèsi Bondye pou sa w kreye

Mèsi Bondye pou sa w kreye

Telechaje:

  1. 1. Sou tèt mòn yo, nou ka wè bèl flè solèy.

    N’ap jwenn bon ti van fre k’ap vante, s’on mèvèy.

    Chalè solèy sou po nou fè nou byen.

    Zwazo ap vole, nyaj ap flannen.

    (AVAN REFREN)

    Ki sa’m te fè

    Pou mwen jwi tousa?

    E ki sa’m dwe fè

    Pou’m montre’m pa engra?

    (REFREN)

    M’ap di Bondye mèsi.

    Fò’m di Jewova Dye

    Yon gwo mèsi

    Pou lanmou’l demontre.

    Waw! Ala bèl!

    M’ap byen gade e m’ap medite nan fon kè’m.

    Mwen pap kontante’m jwi tout sa’l fè.

    M’ap di Bondye mèsi.

    M’ap di Bondye mèsi.

  2. 2. Tablo bèl koulè konn parèt nan syèl la.

    Sa fè’m rete bouch ouvè lè’m reflechi sou sa.

    Mwen tande larivyè k’ap koule lè’l aswè.

    Lè lalin klere, zetwal yo bwòdè.

    (AVAN REFREN)

    Ki sa’m te fè

    Pou mwen jwi tousa?

    Men’m konnen sa’m dwe fè

    Pou’m montre’m pa engra:

    (REFREN)

    M’ap di Bondye mèsi.

    Fò’m di Jewova Dye

    Yon gwo mèsi

    Pou lanmou’l demontre.

    Waw! Ala bèl!

    M’ap byen gade e m’ap medite nan fon kè’m.

    Mwen pap kontante’m jwi tout sa’l fè.

    M’ap di Bondye mèsi.

    (YON TI DIPLIS)

    Sajès ou, fòs ou ak bonte’w

    Parèt klè nan tout sa’w fè.

    Ou g’anpil lanmou,

    Wi ma’p di’w mèsi,

    Mwen dwe di ou mèsi.

    (REFREN)

    M’ap di Bondye mèsi.

    Fò’m di Jewova Dye

    Yon gwo mèsi

    Pou lanmou’l demontre.

    Waw! Ala bèl!

    M’ap byen gade e m’ap medite nan fon kè’m.

    Mwen pap kontante’m jwi tout sa’l fè.

    M’ap di Bondye mèsi.

    M’ap di Bondye mèsi.

    N’ap di Bondye mèsi.