Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Padone nèt

Padone nèt

Telechaje:

  1. 1. Sa difisil, mwen pa ka bliye.

    Se yon gwo pwa lou ki vle kraze’m.

    Mwen vle retire’l nan panse’m.

    Mwen byen konnen mwen dwe padone,

    Men, sa pa fasil, se mwen ki viktim.

    Se panse sa yo ki anvayi’m.

    (ANVAN REFREN)

    Wi, li lè li tan pou’m priye sou sa.

    Jewova wè sa’k pase, li konn doulè’m.

    Sa’k pi enpòtan’ l’ap ban’m

    (REFREN)

    Fòs pou’m bliye sa.

    Mwen pap ka fè sa poukont mwen:

    “Tanpri, Jewova, ede mwen,

    Ede’m padone nèt.”

    L’ap ede’m imite

    Fason’l padone, fason li bliye.

    “Tanpri, Jewova, ede mwen,

    Ede’m padone nèt.”

    Padone nèt.

  2. 2. Mwen eseye bliye tout bagay,

    Men pafwa, yo vin nan tèt mwen.

    Sa’m vle, se voye yo tout byen lwen.

    Mwen pa ta dwe kenbe moun nan kè.

    Le’w padone, ou pa tounen sou sa.

    Si’w fè sa, pwoblèm yo ret la.

    (ANVAN REFREN)

    Wi, li lè li tan pou’m priye sou sa.

    Jewova wè sa’k pase, li konn doulè’m.

    Sa’k pi enpòtan’ l’ap ban’m

    (REFREN)

    Fòs pou’m bliye sa.

    Mwen pap ka fè sa poukont mwen:

    “Tanpri, Jewova, ede mwen,

    Ede’m padone nèt.”

    L’ap ede’m imite

    Fason’l padone, fason li bliye.

    “Tanpri, Jewova, ede mwen,

    Ede’m padone nèt.”

    Padone nèt.

    Padone nèt.

    Padone nèt.

    Padone nèt.