Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou pap bay vag

Nou pap bay vag

Telechaje:

  1. 1. Premye fwa’m tande non Jewova

    Ak pwomès pou g’on paradi sou tè a,

    Tousuit, mwen te wè se laverite.

    Men, monn nan ap fè sa’l kapab pou’m devye.

    (ANVAN REFREN)

    Mwen pa vle distrè.

    Se sa ki byen mwen vle fè.

    (REFREN)

    M’ap travay pou lafwa’m vin pi djanm chak jou,

    Mwen pap bay vag ni’m pap devye.

    Labib se gid mwen, m’ap fè tout sa’l di.

    M’ap priye pou kè’m pa vin lou.

    M’ap kontinye lite, mwen pap bay vag.

  2. 2. Donk, nou dwe chwazi vi n’ap mennen.

    Si’n viv ak sajès, nou pap nan chagren.

    Monn nan vle nou viv pou plezi sèlman,

    E li vle fè nou kwè li la pou toutan.

    (ANVAN REFREN)

    Nou konn se manti,

    Wayòm nan pral aji.

    (REFREN)

    N’ap travay pou lafwa’n vin pi djanm chak jou,

    Nou pap bay vag ni’n pap devye.

    Labib se gid nou, n’ap fè tout sa’l di.

    N’ap priye pou kè’n pa vin lou.

    N’ap kontinye lite, nou pap bay vag.

    (REFREN)

    N’ap travay pou lafwa’n vin pi djanm chak jou,

    Nou pap bay vag ni’n pap devye.

    Labib se gid nou, n’ap fè tout sa’l di.

    N’ap priye pou kè’n pa vin lou.

    N’ap kontinye lite, nou pap bay vag.

    Nou pap bay vag.

    Nou pap bay vag.