Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwoteje panse w

Pwoteje panse w

Telechaje:

  1. 1. Mwen ta renmen fè sa ki byen,

    Men gen yon lit nan panse mwen.

    Mwen pa kwè m’ap janm rive,

    Sanble mwen pa fè ase.

    M’pa ka dòmi, m’ap lapriyè,

    Paske ou te di’m se sa pou mwen fè.

    Lè enkyetid anvayi’m,

    Jewova, Papa, m’sonje’w di’m

    (REFREN)

    Pou’m pwoteje kè’m, pwoteje panse’m,

    Ret konsantre sou sa ki bon.

    Mwen pap kite pwoblèm fè’m enkyè.

    M’ap veye panse’m. Konsa, m’ap anpè.

  2. 2. Mwen vrèman swaf pou’m fè sa’w vle,

    Men, anndan mwen, mwen boulvèse.

    Mwen twouve lavi a di,

    E’m pa merite lanmou’w.

    Men’m fè efò pou mwen soti

    Al fè konnen pral g’on bèl paradi.

    M’pap kite tristès minen’m.

    Jewova, Papa, ou pran swen’m.

    (REFREN)

    M’ap pwoteje kè’m, pwoteje panse’m.

    M’ap konsantre sou sa ki bon.

    Mwen pap kite pwoblèm fè’m enkyè.

    M’ap veye panse’m. Konsa, m’ap anpè.

    Wi, m’ap anpè.

    (YON TI DIPLIS)

    M’ap kontinye pouse byen lwen

    Vye panse ki vin nan tèt mwen.

    Mwen pap strese, epi mwen pap pè.

    Jewova, m’kontan ou ede mwen wè klè.

    Wi, ou ede mwen wè klè.

    (REFREN)

    M’ap pwoteje kè’m, pwoteje panse’m.

    M’ap konsantre sou sa ki bon.

    Mwen pap kite pwoblèm fè’m enkyè.

    M’ap veye panse’m. Konsa, m’ap anpè.