Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ou ka lite kont panse negatif

Ou ka lite kont panse negatif

Ou ka lite kont panse negatif

KI JAN W konsidere echèk ou pran? Gen anpil espesyalis ki kwè repons kesyon sa a ap ede w konnen si w se yon moun ki wè lavi a yon fason ki pozitif oswa negatif. Nou tout konn gen moman difisil nan lavi a, e gen moun ki gen plis moman difisil pase lòt moun. Men, sa k fè gen kèk moun ki leve kanpe ankò apre yo fin pran echèk, yo pare pou yo eseye ankò alòske gen lòt moun ki gen tandans bay vag e pafwa menm apre yon pwoblèm ki pa t twò difisil?

Imajine w ap chèche travay. Ou pase entèvyou, men yo pa pran w nan travay la. Ki jan w t ap santi w apre sa? Èske sa t ap ba w anpil pwoblèm e w t ap santi sa t ap toujou konsa? Èske w t ap di tèt ou pèsonn pap janm vle bay yon moun tankou w travay? Oswa sa k pi mal la, èske w t ap kite sèl grenn echèk sa a fè w mal wè tout bagay nan lavi w, petèt pou w ta panse ou initil, ou pa vo anyen? Tout rezònman sa yo se panse negatif.

Lite kont panse negatif

Sa w ka fè pou w lite kont sa? Premye etap ki enpòtan anpil se pou w rive idantifye panse negatif yo. Dezyèm etap la se lite kont panse sa yo. Eseye jwenn lòt esplikasyon ki pi rezonab pou sa k rive a. Pa egzanp, èske se paske pèsonn pa bezwen w ki fè yo pa t ba w travay la? Oswa èske w pa panse petèt se paske se pa kalifikasyon sa a patwon an t ap chèche?

lLè w reflechi sou bagay ki presi, sa ap fè w wè panse negatif sa yo egzajere. Èske se vre yon sèl echèk vle di ou se yon moun ki pa vo anyen, ki initil? Ou pa panse gen kèk aspè nan lavi a kote w plizoumwen reyisi, tankou kèk objektif espirityèl ou te rive atenn, relasyon w ak fanmi w oswa ak zanmi w? Se pou w konprann bagay mal ou panse ki ka rive yo se senpleman panse negatif. Dayè, èske w ka konnen si toutbonvre ou pap janm jwenn yon travay? Gen anpil bagay ou ka fè pou w rejte panse negatif yo.

Panse pozitif lè nou fikse objektif

Nan dènye ane ki pase yo, gen kèk moun k ap fè rechèch ki te vin ak yon definisyon ki enteresan pou espwa, byenke se yon definisyon ki yon ti jan limite. Yo di espwa gen ladan l konviksyon n ap rive atenn objektif nou. Jan atik ki apre a pral montre sa, se pa sa sèlman espwa gen ladan l, men definisyon sa a kapab itil nan plizyè domèn. Si nou konsantre sou aspè sa a nan definisyon an, sa ka ede nou vin pi pozitif nan fason nou panse e sa ka ede nou fikse plis objektif.

Pou w gen konviksyon ou ka rive atenn objektif ou fikse yo, fò w abitye gen objektif e w reyalize yo. Si w gen enpresyon w poko janm fè sa, li ka bon pou w reflechi sou kalite objektif ou konn genyen yo. Pou kòmanse, èske w gen objektif? Li fasil pou nou annik fè sa n gen pou n fè san nou pa pran tan reflechi sou sa nou vle vre, sou sa k pi enpòtan pou nou. Anrapò ak kesyon detèmine ki sa ki priyorite, men yon prensip Bib la te bay sa gen lontan: “Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo.” — Filipyen 1:10.

Yonfwa nou fin konnen sa k pi enpòtan pou nou, l ap pi fasil pou n detèmine kèk objektif nou vle reyalize ki gen rapò ak relasyon nou ak Bondye, ak fanmi nou oswa travay nou. Men, li enpòtan anpil pou n pa fikse twòp objektif okòmansman e pou chak objektif nou genyen se bagay nou kapab reyalize. Si nou gen yon objektif ki twò difisil pou nou reyalize, sa ka dekouraje nou e n ka bay vag. Se sa k fè, si nou gen yon objektif nou vle reyalize k ap pran tan, byen souvan li pi bon pou n eseye reyalize l an plizyè etap.

Souvan, moun yo konn di depi yon moun vle fè yon bagay l ap chèche yon mwayen pou l fè l kanmenm. E sanble gen verite nan pawòl sa a. Depi nou gen objektif nou klè nan lespri nou, nou bezwen volonte, sa vle di anvi ak detèminasyon, pou n rive reyalize yo. Nou ka travay pou n vin gen plis detèminasyon lè n reflechi sou enpòtans objektif nou yo genyen e sou gwo satisfaksyon n ap jwenn lè n fin reyalize yo. Natirèlman, nou ka jwenn pwoblèm, men nou bezwen konsidere pwoblèm sa yo kòm yon seri defi nou dwe leve olye nou wè yo kòm bagay k ap bloke nou.

Men, nou bezwen panse tou ak fason pratik nou ka reyalize objektif nou yo. Pwofesè C. Snyder, ki te etidye enpòtans espwa genyen afon, ankouraje moun pou yo chèche plizyè fason yo ka reyalize yon objektif yo genyen. Konsa, si premye fason an pa mache, yo ka pran dezyèm nan, twazyèm nan eksetera.

Pwofesè Snyder ankouraje moun tou pou yo aprann detèmine ki lè pou yo chanje objektif. Si l vrèman enposib pou n reyalize yon objektif, ret chita ap reflechi sou li ap dekouraje nou. Yon lòt bò, si nou ranplase l ak yon lòt ki pi reyalis, n ap vin gen yon lòt rezon pou n gen espwa.

Labib gen yon bèl egzanp nan sans sa a. Wa David te vrèman anvi bati yon tanp pou Jewova, Bondye l la. Men, Bondye te di David se Salomon, pitit gason l lan, k ap gen onè pou l bati tanp lan. David pa t kite sa dekouraje l oswa li pa t rete ap reflechi sou sa, okontrè li te chanje objektif li. Li te fè tout sa l kapab pou l fè pitit gason l lan jwenn kòb ak materyèl li t ap bezwen pou fè pwojè a. — 1 Wa 8:17-19; 1 Kwonik 29:3-7.

Menmsi nou rive konbat tandans pou n wè lavi a yon fason negatif e nou vin gen plis espwa paske nou gen plis objektif nan lavi a, sa ka toujou rive nou dekouraje. Ki sa k fè sa? Ebyen se paske n ap viv nan yon monn kote anpil nan bagay ki fè moun dekouraje oswa sanzespwa se bagay nou pa gen kontwòl yo. Lè n ap gade kantite pwoblèm lèzòm ap fè fas tankou povrete, lagè, enjistis, maladi ak lanmò, ki sa n ka fè pou n pa pèdi espwa?

[Foto nan paj 7]

Si yo pa pran w nan yon travay, èske w panse ou pap janm jwenn travay?

[Foto nan paj 8]

Wa David te montre li kapab adapte objektif li te genyen.