Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki kote nou ka jwenn bonjan espwa?

Ki kote nou ka jwenn bonjan espwa?

Ki kote nou ka jwenn bonjan espwa?

IMAJINE ou gen yon mont ki pa mache ankò. Lè w al bay ranje l, yo ba w yon pakèt posiblite. Yo fè yon pakèt reklam sou fason pou ranje mont, yo tout bay espwa, men pafwa yo chak di yon bagay diferan. Kounye a, imajine w vin aprann moun ki te fè mont sa a sa gen plizyè ane se youn nan vwazen w yo. Sa k pi bèl la, li dispoze ede w gratis. Ou t ap tou konn sa pou w fè, pa vre?

Kounye a, ann konpare mont sa a ak kapasite ou genyen pou w espere a. Si w rann ou kont w ap pèdi espwa, menm jan ak yon pakèt moun nan peryòd difisil n ap viv la a, ki kote w prale pou w jwenn èd? Gen anpil moun ki fè konprann yo kapab regle pwoblèm sa a, men pafwa tout pakèt solisyon yo bay yo ka lage nou nan konfizyon e yo ka menm depaman youn ak lòt. Nan ka sa a, li t ap bon pou nou chèche èd nan men Moun ki te kreye nou ak kapasite pou nou espere a. Bib la fè konnen “li pa lwen okenn nan nou” e l pare pou l ede nou. — Travay 17:27; 1 Pyè 5:7.

Yon definisyon espwa ki pi laj

Bib la bay yon definisyon pou espwa ki pi laj pase sa doktè, syantifik ak sikològ yo bay jodi a. Mo orijinal yo te itilize nan Bib la yo mete “espwa” pou yo tradui l la vle di chofe ap tann epi atann bon bagay. Angwo, espwa gen de bagay ladan l. Li gen ladan l anvi bon bagay rive epi gen bonjan rezon pou w kwè bon bagay sa a ap rive vre. Espwa Bib la bay la se pa jis yon senp bagay moun swete. Li chita sou bonjan rezon ak bonjan prèv.

Nan sans sa a, espwa sanble ak lafwa, ki dwe chita sou prèv (Ebre 11:1). Malgre sa, Bib la fè diferans ant lafwa ak espwa oswa esperans. — 1 Korentyen 13:13.

Ann pran yon egzanp. Si w mande yon bon zanmi w pou l fè yon bagay pou ou, ou gen espwa l ap ede w. Espwa sa a ou genyen an chita sou yon baz ki solid paske w gen konfyans nan zanmi w lan. Ou konnen l byen e w deja wè ki jan l se yon bon moun e l donan. Byenke konfyans sa a ak espwa sa a mache men nan men, pafwa menm yo pran youn pou lòt, men yo pa menm. Ki jan w ka gen menm espwa sa a nan Bondye?

Rezon pou n gen espwa

Bondye se sous vrè espwa a. Nan epòk yo t ap ekri Bib la, yo te rele Jewova “espwa Izrayèl” la (Jeremi 14:8). Espwa solid pèp li a te genyen se li menm ki te ba yo l, se sa k fè se li ki te espwa yo. Espwa sa a se pa t yon senp anvi Izrayelit yo te genyen. Bondye te ba yo bonjan rezon pou yo gen espwa. Nan fason l te boule avèk yo pandan plizyè santèn ane, yo te vin konnen li se yon Bondye ki fè pwomès e ki kenbe pwomès li fè. Men sa Jozye, ki t ap gide pèp Izrayèl la, te di yo: “Nou konnen byen [...] pa gen yon pawòl nan tout bèl pwomès Jewova, Bondye nou an, te di nou ki pa reyalize.” — Jozye 23:14.

Plizyè milye ane annapre, Bondye toujou gen menm repitasyon sa a. Bib la chaje ak bèl pwomès Bondye te fè e ak istwa presi sou fason li te kenbe pwomès sa yo. Pwofesi li bay yo tèlman sèten, sa fè pafwa lè y ap ekri yo, yo pale de yo kòm bagay ki deja reyalize.

Se sa k fè nou ka di Bib la se yon liv ki bay espwa. Pandan w ap etidye fason Bondye te boule ak lèzòm, w ap vin gen plis rezon pou w gen konfyans nan li. Apot Pòl te di: “Tout bagay ki te ekri nan tan lontan, yo te ekri yo pou enstriksyon nou, yon fason pou nou ka gen esperans grasa andirans nou e grasa konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo.” — Women 15:4.

Ki espwa Bondye ban nou?

Ki lè nou plis bezwen espwa? Èske se pa lè nou gen moun pa nou ki mouri? Pou anpil moun, se sitou nan moman yo gen moun pa yo ki mouri yo plis sanble pèdi espwa. Dayè, lanmò se bagay ki plis bay dekourajman. Pa gen nou youn ki ka chape anba l e nou pa ka fè bak lè l fin frape. Bib la gen rezon rele lanmò “dènye ènmi” an. — 1 Korentyen 15:26.

Nan ka sa a, ki jan nou ka jwenn espwa lè lanmò frape oswa lè n devan lanmò? Ebyen, vèsè ki di lanmò se dènye ènmi an fè konnen tou yo pral “elimine” lanmò. Jewova Dye pi fò pase lanmò. Li deja pwouve sa plizyè fwa. Ki jan? Lè l resisite moun ki mouri. Labib pale de nèf okazyon kote Bondye te sèvi ak pouvwa l pou l fè moun ki te mouri tounen viv ankò.

Nan youn nan okazyon sa yo, Jewova te bay Jezi, Pitit gason l lan, pouvwa pou l resisite Laza, yon bon zanmi Jezi ki te gentan mouri depi kat jou. Se te yon evènman estrawòdinè! E Jezi pa t fè sa an sekrè, men l te fè sa devan yon pakèt moun. — Jan 11:38-48, 53; 12:9, 10.

Ou ka ap mande: ‘Poukisa yo te resisite moun sa yo? Èske yo pa t vin granmoun epi apre sa yo mouri ankò?’ Wi, se vre. Men, grasa istwa sa yo nou ka fè konfyans, sa fè n vin gen bonjan rezon pou n kwè moun nou genyen ki mouri yo ap retounen viv ankò. Anfèt, nou gen espwa toutbon.

Jezi te di: “Mwen se rezirèksyon an e mwen se lavi a.” ​(Jan 11:25). Se li menm Jewova pral bay pouvwa pou resisite moun ki mouri sou tout tè a. Jezi te di: “Lè a ap rive kote tout moun ki nan tonm yo pral tande vwa [Kris] e y ap soti.” ​(Jan 5:28, 29). Wi, tout moun k ap dòmi nan lanmò gen espwa pou yo resisite e pou yo viv sou tè a ki pral tounen yon paradi.

Men sa pwofèt Ezayi te di konsènan rezirèksyon an: “Moun pa ou yo ki te mouri pral leve vivan ankò. Kadav yo pral leve mache. Nou menm ki te anba tè, leve non! Chante ak kè kontan. Menm jan lawouze rafrechi latè, se konsa Seyè a pral fè sa ki te mouri depi lontan yo leve vivan ankò.” — Ezayi 26:19, Bib la.

Èske sa pa ankouraje w? Mò yo nan pozisyon kote ki gen plis sekirite yon moun ka imajine, menm jan yon tibebe an sekirite anndan vant manman l. Anfèt, moun ki mouri yo nan memwa Bondye Toupisan an, yon memwa ki san limit (Lik 20:37, 38). E talè konsa, yo pral tounen viv ankò. E menm jan ak yon tibebe ki fèk fèt, y ap jwenn yon fanmi ki gen lanmou k ap akeyi yo nan yon monn tounèf kote ki gen kè kontan! Donk, nou gen espwa menm lè nou devan lanmò.

Sa espwa ka fè pou ou

Pòl te anseye anpil bagay konsènan enpòtans espwa oswa esperans. Li pale de li kòm yon kas, yon pati enpòtan nan abiman nou antanke sòlda nan domèn espirityèl (1 Tesalonisyen 5:8). Ki sa l te vle di? Ebyen, nan epòk yo t ap ekri Bib la, lè yon sòlda pral nan lagè, li te gen yon kas an metal pa anlè yon bone an kui oswa ki fèt ak yon lòt bagay. Grasa kas la, pifò kou li t ap resevwa nan tèt t ap rebondi, yo pa t ap touye l. Ki sa Pòl te vle di? Menm jan yon kas pwoteje tèt moun, se konsa tou espwa pwoteje lespri nou, sa vle di kapasite nou genyen pou n reflechi. Si w gen yon espwa solid nan pwomès Bondye yo, ou pap panike e w pap pèdi espwa lè w devan difikilte. Ki moun ki pa bezwen yon kas konsa?

Pòl te sèvi ak yon lòt egzanp ki vivan pou l montre espwa gen rapò ak volonte Bondye. Li te di: “Esperans sa a nou genyen an tankou yon lank batiman pou nanm nou, li sèten e anmenmtan li solid.” ​(Ebre 6:19). Pòl te byen konnen jan lank enpòtan nan yon batiman, paske batiman te fè nofraj avè l plizyè fwa. Lè gen yon tanpèt, maren yo lage lank batiman an. Si lank lan antre nan sab anba lanmè a, e li byen chita, bato a ap gen chans pou l pa fè nofraj oswa pou l pa al kraze nan wòch ki bò lanmè a.

Menm jan an tou, pwomès Bondye fè yo se yon esperans ki “sèten e anmenmtan [ki] solid”, se yon esperans ki ka ede nou fè fas ak gwo pwoblèm ki tankou tanpèt n ap rankontre nan epòk n ap viv la. Jewova pwomèt nou talè konsa lèzòm pap fè fas ak lagè, krim, soufrans ak lanmò ankò. (Gade kare ki nan paj 10 la.) Si nou kenbe esperans sa a fèm, li ka ede nou rete lwen danje, l ap ban nou fòs nou bezwen pou n viv ann amoni ak prensip Bondye yo olye pou n ta kite lespri monn sa a ki tèt anba e ki imoral dirije nou.

Esperans Jewova bay la konsène w pèsonèlman tou. Jewova vle w viv jan l te kreye nou pou n viv la. Li vle pou “tout kalite moun sove”. Ki jan? Toudabò, nou chak dwe “gen yon konesans egzak sou laverite”. (1 Timote 2:4.) Moun yo ki fè piblikasyon sa a ankouraje w chèche gen konesans sa a sou laverite ki nan Pawòl Bondye a. Konsa, esperans Bondye ap ba w la ap pi bon lontan pase kèlkeswa esperans ou te ka genyen nan monn sa a.

Grasa esperans sa a, ou pap janm santi w sanzespwa, paske Bondye ap ba w fòs pou w reyalize kèlkeswa objektif ou genyen ki ann amoni ak volonte l (2 Korentyen 4:7; Filipyen 4:13). Èske se pa kalite esperans sa a ou bezwen? Donk, si w bezwen espwa, si w t ap chèche l, pran kouraj! Espwa sa a pa lwen. Ou ka jwenn li!

[Kare/Foto nan paj 10]

Rezon pou n gen espwa

Panse sa yo ki nan Bib la kapab ede w vin gen espwa:

Bondye pwomèt nou yon bèl avni.

Pawòl Bondye a di tè a pral tounen yon paradi kote moun ki pral viv ladan l yo ap gen kè kontan e y ap ini. — Sòm 37:11, 29; Ezayi 25:8; Revelasyon 21:3, 4.

Bondye pa ka bay manti.

Li rayi tout kalite manti. Jewova sen oswa pwòp nan degre ki pi wo a, se sa k fè li enposib pou l bay manti. — Pwovèb 6:16-19; Ezayi 6:2, 3; Tit 1:2; Ebre 6:18.

Bondye gen yon pisans ki san limit.

Se Jewova sèl ki Toupisan. Pa gen anyen nan linivè ki ka anpeche l reyalize pwomès li yo. — Egzòd 15:11; Ezayi 40:25, 26.

Bondye vle w viv pou toutan.

— Jan 3:16; 1 Timote 2:3, 4.

Lè Bondye gade nou li wè gen espwa.

Li chwazi pa ret konsantre sou defo nou oswa erè nou fè, men pito li konsantre sou bèl kalite nou genyen ak efò n ap fè (Sòm 103:12-14; 130:3; Ebre 6:10). Li espere n ap fè sa ki byen e l kontan lè n fè sa. — Pwovèb 27:11.

Bondye pwomèt pou l ede nou reyalize objektif nou genyen ki ann amoni ak volonte l.

Sèvitè Bondye yo pa bezwen santi yo dekouraje. Bondye ba yo lespri sen l san grate tèt pou ede yo, e lespri sen se pi gwo fòs ki genyen. — Filipyen 4:13.

Esperans nou gen nan Bondye a pap janm pote desepsyon.

Nou ka gen konfyans total nan Bondye, li pap janm lage nou. — Sòm 25:3.

[Foto nan paj 12]

Menm jan yon kas pwoteje tèt moun, se konsa tou esperans pwoteje lespri nou.

[Foto nan paj 12]

Menm jan ak yon lank batiman, yon esperans ki byen chita kapab fè nou stab.

[Kote foto yo soti]

Koutwazi René Seindal/Su concessione del Museo Archeologico Regionale A. Salinas di Palermo