Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Non Bondye ki ekri nan ansyen karaktè ebre ki parèt plizyè fwa nan maniskri Labib ki te la anvan yo.

DAPRE LABIB

Non Bondye

Non Bondye

Gen plizyè milyon moun lè y ap pale ak Bondye ki sèvi ak tit ki montre yo gen respè pou li, tankou Seyè, Letènèl, Ala oubyen yo annik di Bondye. Sepandan, Bondye gen yon non. Èske w ta dwe itilize non sa a?

Ki non Bondye?

SA MOUN YO DI

 

Anpil moun ki di yo se kretyen kwè non Bondye se Jezi. Gen lòt yo menm ki fè konnen etandone se yon sèl Bondye Toupisan ki genyen, li pa nesesè pou yo itilize yon non pwòp pou li. E gen lòt ankò ki di yo pa dakò ak kesyon itilize yon non pwòp pou Bondye paske yo panse sa pa nòmal.

MEN SA BIB LA DI

 

Non Bondye Toupisan an pa ka Jezi paske Jezi pa Bondye Toupisan an. Anfèt, Jezi te anseye moun ki t ap adore Bondye menm jan avè l yo pou yo priye konsa: “Papa, se pou non w vin sen.” (Lik 11:2). Menm Jezi pandan l t ap priye Bondye li te di: “Papa, fè non w jwenn glwa.” — Jan 12:28.

Men sa Bondye fè konnen nan Bib la: “Mwen se Jewova. Se non pa m. Mwen pa bay pèsonn glwa ki pou mwen an.” (Ezayi 42:8). An kreyòl, lè yo tradui kat lèt ebre YHWH la, ki se non Bondye, yo mete “Jewova” pou li. Non sa a parèt anviwon 7 000 fwa nan Liv ki te ekri ann ebre yo, yo rele Ansyen Testaman tou *. Nou jwenn non sa a pi souvan nan Bib la pase nenpòt tit, tankou “Bondye”, “Toupisan” oubyen “Seyè”, e nou jwenn li pi souvan toujou pase nenpòt lòt non, tankou Abraram, Moyiz oswa David.

Pa gen okenn kote nan Bib la Jewova entèdi moun sèvi ak non l, depi yo fè sa avèk respè. Okontrè, Labib fè konnen sèvitè Bondye yo te konn itilize non Bondye san pwoblèm. Yo te konn bay pitit yo non ki gen non sa a ladan l, pa egzanp Eli ki vle di “Jewova se Bondye m” ak Zakari ki vle di “Jewova sonje”. E yo te alèz pou yo itilize non Bondye nan konvèsasyon yo te genyen chak jou. — Rit 2:4.

Bondye vle nou itilize non l. Bib la ankouraje nou pou nou “di Jewova mèsi, [e pou nou] envoke non l”. (Sòm 105:1.) Bondye enterese anpil nan moun “k ap medite sou non l yo”. — Malachi 3:16.

“Se pou moun konnen ou menm, ki rele Jewova, ou se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an e ki gen pouvwa sou tout tè a.” — Sòm 83:18.

Ki sa non Bondye vle di?

Gen kèk biblis ki panse, ann ebre, non Jewova vle di: “Li fè vin tounen.” Definisyon sa a ede n wè Bondye kapab fè tèt li oswa sa l kreye tounen kèlkeswa sa l vle pou l akonpli volonte l. Se sèlman Kreyatè toupisan an ki ka pote yon non konsa.

ENPÒTANS SA GENYEN POU OU

 

Lè w vin konnen non Bondye, w ap vin wè l yon lòt jan. L ap vin pi fasil pou w pwoche bò kote l. Epitou, ou pa ka vin pwòch yon moun ou pa menm konn non l, pa vre? Donk, lefètke Bondye ba w non l, sa montre li vle w pwoche bò kote l. — Jak 4:8.

Ou mèt gen asirans Jewova ap toujou aji ann amoni ak non l, l ap toujou kenbe pwomès li fè. Se poutèt sa Bib la di: “Moun ki konn non w ap met konfyans yo nan ou.” (Sòm 9:10). Tank w ap vin aprann konnen Jewova toujou aji ann amoni ak kalite li gen lakay li, tankou lanmou fidèl, mizèrikòd, konpasyon ak jistis, se tank w ap aprann fè Jewova konfyans pi plis toujou (Egzòd 34:5-7). Se pa ti asirans sa ban nou lefètke nou konnen Jewova toujou kenbe pwomès li fè, e li toujou aji ann amoni ak kalite li gen lakay li yo.

Pa gen dout nan sa, se yon privilèj sa ye pou nou konnen non Bondye Toupisan an. Sa kapab fè w jwenn benediksyon depi kounye a e alavni. Men sa Bondye pwomèt: “M ap pwoteje l paske li konnen non m.” — Sòm 91:14.

“Tout moun ki met konfyans yo nan non Jewova ap sove.” — Jowèl 2:32.

Non Bondye nan plizyè lang.

^ § 9 Nan anpil tradiksyon Labib, yo retire non Bondye e yo mete tit SEYÈ nan plas li nan lèt majiskil, tandiske gen lòt tradiksyon yo menm ki mete non Bondye nan kèk vèsè sèlman oswa ki mete l nan nòt. Labib — Tradiksyon monn nouvo a mete non sa a tout kote l parèt nan Bib la.