Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kominikasyon tankou yon pon ki pèmèt nou al jwenn pitit nou.

POU PARAN

5: Kominikasyon

5: Kominikasyon

SA SA VLE DI

Gen bonjan kominikasyon ant ou menm ak pitit ou lè nou youn di lòt sa nou santi ak sa k nan panse nou.

REZON KI FÈ SA ENPÒTAN

Li ka pa fasil pou nou kominike ak pitit nou lè yo vin adolesan. Petèt, jan yon liv di sa (Breaking the Code), sa pa gen twò lontan ou “te tankou yon moun ki dèyè sèn nan, sa vle di ou te konn tout sa k ap pase nan lavi pitit ou, men kounye a sèl sa w ka fè se ret chita gade menm jan ak tout moun, menmsi se pa sa w ta swete”. Kontrèman ak sa moun ka panse, se moman sa a pitit ou plis bezwen moun pou l pale!

SA W KA FÈ

Adapte w ak lè pitit ou dispoze pale a. Fè sa menmsi lè l vle pale a se ta byen ta nan lannuit.

“Dèfwa w santi w ta di: ‘Kounye a menm ou vle pale? Alòske m t avè w tout jounen an!’ Men, èske w ka ap plenyen paske pitit ou vle di w sa k sou kè l? Èske se pa sa tout paran ta swete?” — Lisa.

“Mwen pa renmen al dòmi ta, men kèk nan pi bèl konvèsasyon mwen te genyen ak pitit mwen ki adolesan se apre minui.” — Herbert.

PRENSIP BIBLIK: “Se pou chak moun kontinye chèche, non pa pwòp avantaj pa l, men avantaj pa lòt moun.” — 1 Korentyen 10:24.

Evite distrè. Men sa yon papa di: “Pafwa, pitit mwen konn ap pale avè m men m ap reflechi sou plizyè lòt bagay. E yo wè sa!”

Si sa konn rive w ou distrè nan televizyon oswa nan yon aparèy elektwonik lè pitit ou ap pale avè w, fèmen yo oswa mete yo la. Konsantre w sou sa pitit ou ap di, bay sa l ap di w la tout atansyon w menmsi sa l ap di w la sanble pa gen anpil enpòtans pou ou.

“Nou bezwen fè pitit nou yo santi santiman yo gen anpil enpòtans pou nou. Si yo pa santi sa, lè yo gen yon bagay, se lòt moun y ap di sa, se pa nou.” — Maranda.

“Pa kouri fache, menmsi sa k nan lespri pitit ou a pa kòrèk.” — Anthony.

PRENSIP BIBLIK: “Fè atansyon ak fason n ap koute.” — Lik 8:18.

Pwofite tout okazyon. Pafwa, li pi fasil pou timoun yo pale ak paran yo lè yo pa chita fasafas.

“Nou konn pwofite pale lè nou nan machin. Lefètke nou chita kòtakòt olye nou youn anfas lòt, sa konn fè li pi fasil pou nou pale.” — Nicole.

Yon lòt bèl okazyon nou ka pwofite pale tou se lè n ap manje.

“Lè n ap manje, nou konn pale sou pi bon bagay oswa pi move bagay ki te rive n nan jounen an. Sa fè n vin pi pwòch youn ak lòt e sa ede n wè ap toujou gen yon moun ki la pou ede n fè fas ak pwoblèm nou yo.” — Robin.

PRENSIP BIBLIK: ‘Nou dwe dispoze koute, e nou pa dwe prese pale.’ — Jak 1:19.