Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

FASON W KA JWENN SOULAJMAN ANBA STRÈS

Èske w anba strès?

Èske w anba strès?

“Nan yon sèten mezi, tout moun konn strese, men mwen menm, mwen santi strès ap fini avè m nèt. Se pa jis yon sèl gwo pwoblèm ki fè sa, men se anpil sitiyasyon m ap travèse, anpil lit m ap mennen, ak anpil ane m genyen ki sanble pap janm fini depi m ap pran swen mari m ki gen maladi fizik ak mantal.” — Julie a.

“Madanm mwen te kite m, e m te oblije leve de timoun poukont mwen. Sa te rèd anpil pou mwen antanke yon paran k ap leve pitit li sèl. Anplis de sa, mwen te pèdi travay mwen, e m pa t gen ase lajan pou m repare machin mwen. M pa t konn sa pou m fè nan sitiyasyon sa yo. Strès te fini avè m nèt. Piske nan fon kè m, m te konnen se te yon bagay ki mal pou m touye tèt mwen, donk, mwen te sipliye Bondye pou l kite m mouri.” — Garry.

Menm jan ak Julie ak Garry, èske w konn santi strès ap fini avè w nèt? Si w konn santi w konsa, nou espere atik ki vin apre yo ap soulaje w e y ap ede w. Yo egzamine kèk bagay ki lakòz strès, efè strès kapab genyen sou nou ak fason n ka jwenn omwen yon sèten soulajman anba strès.

a Gen non moun yo chanje.