Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

5 Èske soufrans ap janm fini?

5 Èske soufrans ap janm fini?

Rezon ki fè sa enpòtan

Si vrèman gen rezon pou n kwè soufrans ap fini, yon esperans konsa ta ka ede nou chanje fason nou wè lavi a e menm fason nou wè Bondye.

Fè yon ti reflechi

Anpil moun ta renmen fini ak soufrans, men pa gen anpil bagay yo ka fè pou sa. Konsidere pwen sa yo:

Malgre pwogrè ki fèt nan domèn lamedsin...

  • Se maladi kè ki kontinye lakòz plis moun mouri.

  • Kansè touye plizyè milyon moun chak ane.

  • Dr. David Bloom ekri nan yon jounal: “Monn nan kontinye ap fè fas ak yon seri maladi trapan ki la lontan, sa ki fèk parèt ak sa ki retounen parèt ankò.” — Frontiers in Immunology.

Malgre gen kèk peyi ki rich anpil...

  • Chak ane, gen plizyè milyon timoun ki mouri, e se timoun k ap viv nan zòn ki pi pòv yo ki plis viktim.

  • Plizyè milya moun ap viv nan kondisyon ki pa pwòp.

  • Plizyè santèn milyon moun pa jwenn dlo trete pou yo sèvi.

Malgre gen plis moun jodi a ki vin pi byen konprann dwa moun...

  • Yo kontinye ap vann moun kòm esklav nan anpil peyi kote ki pa moun pou rele moun k ap fè aksyon sa yo lajistis paske, selon yon rapò Nasyonzini fè: “Se swa otorite yo pa konnen sa k ap fèt la oubyen yo pa gen mwayen nesesè pou yo fè sa.”

    CHÈCHE KONN PLIS

    Gade videyo Ki sa Wayòm Bondye a ye? ki disponib sou jw.org/ht.

Men sa Bib la di

Bondye gen sousi pou nou.

Bondye konprann soufrans nou ak lapenn nou.

“[Bondye] pa t fèmen je l sou soufrans moun ki t ap soufri a, li pa t meprize l. Li pa t kache figi l pou l pa wè l. Lè moun k ap soufri a te rele l pou l mande l èd li, li te tande l.” — SÒM 22:24.

“Lage tout tètchaje nou genyen sou li, paske li gen sousi pou nou.” — 1 PYÈ 5:7.

Soufrans pap la pou toutan.

Labib pwomèt nou objektif Bondye gen pou tè a pral reyalize.

“Bondye [...] ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò.” — REVELASYON 21:3, 4.

Bondye pral elimine tout sa ki lakòz lèzòm ap soufri.

Li pral fè sa grasa Wayòm li an, Labib montre Wayòm sa a se yon gouvènman toutbon.

“Bondye nan syèl la pral tabli yon wayòm ki pap janm kraze. E wayòm sa a pap vin anba men okenn lòt pèp. [...] Se li menm sèl k ap rete pou toutan.” — DÀNYÈL 2:44.